Psalms 105

Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!
הודו ליהוה קראו בשמו הודיעו בעמים עלילותיו׃
Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo!
שירו לו זמרו לו שיחו בכל נפלאותיו׃
Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt!
התהללו בשם קדשו ישמח לב מבקשי יהוה׃
Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li.
דרשו יהוה ועזו בקשו פניו תמיד׃
-(we vèsè pwochen)
זכרו נפלאותיו אשר עשה מפתיו ומשפטי פיו׃
Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li!
זרע אברהם עבדו בני יעקב בחיריו׃
Seyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè.
הוא יהוה אלהינו בכל הארץ משפטיו׃
-(we vèsè pwochen)
זכר לעולם בריתו דבר צוה לאלף דור׃
L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan.
אשר כרת את אברהם ושבועתו לישחק׃
Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.
ויעמידה ליעקב לחק לישראל ברית עולם׃
Li te di: -M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m' yo.
לאמר לך אתן את ארץ כנען חבל נחלתכם׃
Lè sa a, pèp Bondye a pa t' anpil, yo te sèlman yon ti ponyen moun, yo te tankou etranje toujou nan peyi a.
בהיותם מתי מספר כמעט וגרים בה׃
Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt.
ויתהלכו מגוי אל גוי מממלכה אל עם אחר׃
Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo.
לא הניח אדם לעשקם ויוכח עליהם מלכים׃
Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.
אל תגעו במשיחי ולנביאי אל תרעו׃
Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo,
ויקרא רעב על הארץ כל מטה לחם שבר׃
li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la.
שלח לפניהם איש לעבד נמכר יוסף׃
Yo te mete pye l' nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li,
ענו בכבל רגליו ברזל באה נפשו׃
jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Seyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon.
עד עת בא דברו אמרת יהוה צרפתהו׃
Wa peyi Lejip la te wete l' nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l'.
שלח מלך ויתירהו משל עמים ויפתחהו׃
Li mete l' chèf sou tout moun lakay li, li mete l' pou l' gouvènen tout peyi a.
שמו אדון לביתו ומשל בכל קנינו׃
Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè.
לאסר שריו בנפשו וזקניו יחכם׃
Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo.
ויבא ישראל מצרים ויעקב גר בארץ חם׃
Seyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo.
ויפר את עמו מאד ויעצמהו מצריו׃
Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li.
הפך לבם לשנא עמו להתנכל בעבדיו׃
Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi.
שלח משה עבדו אהרן אשר בחר בו׃
Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip.
שמו בם דברי אתותיו ומפתים בארץ חם׃
Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Lejip yo pa t' koute sa l' te di yo.
שלח חשך ויחשך ולא מרו את דבריו׃
Li fè dlo larivyè yo tounen san, li touye tout pwason ladan yo.
הפך את מימיהם לדם וימת את דגתם׃
Krapo te pran tout peyi a pou yo, yo te rive jouk anndan kay wa a.
שרץ ארצם צפרדעים בחדרי מלכיהם׃
Bondye annik pale, mouchavè ak vèmin parèt, yo kouvri tout peyi a.
אמר ויבא ערב כנים בכל גבולם׃
Li pa ba yo lapli, li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a.
נתן גשמיהם ברד אש להבות בארצם׃
Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo. Li jete tout pyebwa nan peyi a atè.
ויך גפנם ותאנתם וישבר עץ גבולם׃
Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite.
אמר ויבא ארבה וילק ואין מספר׃
Yo devore tout ti plant nan peyi a, yo manje tout rekòt nan jaden yo.
ויאכל כל עשב בארצם ויאכל פרי אדמתם׃
Bondye touye premye pitit gason nan tout fanmi nan peyi Lejip la. Wi, li touye tout premye pitit gason yo.
ויך כל בכור בארצם ראשית לכל אונם׃
Apre sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan. Anyen pa t' rive yo yonn menm.
ויוציאם בכסף וזהב ואין בשבטיו כושל׃
Moun peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati paske yo te pè anpil.
שמח מצרים בצאתם כי נפל פחדם עליהם׃
Seyè a mete yon nwaj pou pwoteje yo lajounen, yon dife pou klere yo lannwit.
פרש ענן למסך ואש להאיר לילה׃
Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo.
שאל ויבא שלו ולחם שמים ישביעם׃
Li fann yon gwo wòch, sous dlo pete, dlo pran koule nan dezè a tankou larivyè.
פתח צור ויזובו מים הלכו בציות נהר׃
Li te chonje pwomès li te fè a, pawòl li te bay Abraram, sèvitè l' la.
כי זכר את דבר קדשו את אברהם עבדו׃
Se konsa li te fè pèp li a soti ak kè kontan, li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan.
ויוצא עמו בששון ברנה את בחיריו׃
Li ba yo tè lòt nasyon yo, li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun,
ויתן להם ארצות גוים ועמל לאמים יירשו׃
pou pèp li a te ka kenbe lòd li yo, pou yo te ka obeyi kòmandman li yo. Lwanj pou Seyè a!
בעבור ישמרו חקיו ותורתיו ינצרו הללו יה׃