Proverbs 21

פלגי מים לב מלך ביד יהוה על כל אשר יחפץ יטנו׃
Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle.
כל דרך איש ישר בעיניו ותכן לבות יהוה׃
Lèzòm mete nan lide yo tou sa y'ap fè dwat. Men, pa bliye, se Seyè a k'ap jije sa ki nan kè yo.
עשה צדקה ומשפט נבחר ליהוה מזבח׃
Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Seyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li.
רום עינים ורחב לב נר רשעים חטאת׃
Fè awogans, gonfle lestonmak yo sou moun, se sa ase mechan yo ap chache fè. Tou sa se peche.
מחשבות חרוץ אך למותר וכל אץ אך למחסור׃
Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen.
פעל אוצרות בלשון שקר הבל נדף מבקשי מות׃
Moun k'ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y'ap chache.
שד רשעים יגורם כי מאנו לעשות משפט׃
Move zak mechan yo ap fè a ap fini ak yo, paske yo derefize fè sa ki dwat devan Bondye.
הפכפך דרך איש וזר וזך ישר פעלו׃
Moun k'ap fè sa ki mal ap mache sou chemen plen detou. Men, inonsan yo fè sa ki dwat.
טוב לשבת על פנת גג מאשת מדונים ובית חבר׃
Pito ou rete pou kont ou nan yon kwen galata pase pou ou rete nan kay ak yon fanm ki toujou ap chache kont.
נפש רשע אותה רע לא יחן בעיניו רעהו׃
Mechan toujou anvi fè sa ki mal. Yo pa gen pitye pou pesonn.
בענש לץ יחכם פתי ובהשכיל לחכם יקח דעת׃
Lè yo pini yon moun ki renmen pase lòt nan betiz, se yon leson pou moun ki pa gen lespri. Men, moun ki gen bon konprann, lè yo pale avè l', li vin gen plis konesans.
משכיל צדיק לבית רשע מסלף רשעים לרע׃
Bondye pa nan patipri, li konnen sa k'ap pase anndan kay mechan yo. Li fè malè tonbe sou yo.
אטם אזנו מזעקת דל גם הוא יקרא ולא יענה׃
Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou.
מתן בסתר יכפה אף ושחד בחק חמה עזה׃
Lè yon moun fache sou ou, si ou ba li yon kado an kachèt, w'a fè l' vin frèt. Wi, yon kado glise nan pòch li ap kase fe l'.
שמחה לצדיק עשות משפט ומחתה לפעלי און׃
Lè yo rann jistis san patipri, moun ki mache dwat yo gen kè kontan. Men, mechan yo gen kè kase.
אדם תועה מדרך השכל בקהל רפאים ינוח׃
Lè yon moun pèdi chemen l' pou l' aji tankou moun fou, se lanmò k'ap fè li siyon.
איש מחסור אהב שמחה אהב יין ושמן לא יעשיר׃
Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan.
כפר לצדיק רשע ותחת ישרים בוגד׃
Lè pou malè ta tonbe sou moun ki mache dwat yo, se sou mechan yo li tonbe.
טוב שבת בארץ מדבר מאשת מדונים וכעס׃
Pito ou viv pou kont ou nan yon dezè pase pou ou viv nan kay ak yon fanm ki tout tan ap chache kont, ki tout tan ap plenyen.
אוצר נחמד ושמן בנוה חכם וכסיל אדם יבלענו׃
Moun ki gen konprann ap gen gwo richès ak kantite bon manje lakay yo. Men, moun sòt gaspiye tout lajan yo.
רדף צדקה וחסד ימצא חיים צדקה וכבוד׃
Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l' ap mache byen, y'ap respekte l'.
עיר גברים עלה חכם וירד עז מבטחה׃
Yon nonm lespri ka pran yon lavil kote ki gen anpil grannèg. L'ap kraze fòs ki t'ap fè yo pa pè anyen an.
שמר פיו ולשונו שמר מצרות נפשו׃
Veye bouch ou ak lang ou, ou p'ap nan pwoblèm.
זד יהיר לץ שמו עושה בעברת זדון׃
Moun k'ap pase Bondye nan betiz, se moun ki radi, se moun ki awogan. Yo pa gen konsiderasyon pou pesonn.
תאות עצל תמיתנו כי מאנו ידיו לעשות׃
Parese pa anvi leve ni lou ni lejè. Se sa k'ap touye l' la tou.
כל היום התאוה תאוה וצדיק יתן ולא יחשך׃
Tout lajounen l'ap kalkile sou sa l' ta renmen genyen. Men, moun ki mache dwat yo gen pou bay, y'ap bay san gad dèyè.
זבח רשעים תועבה אף כי בזמה יביאנו׃
Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.
עד כזבים יאבד ואיש שומע לנצח ידבר׃
Temwen k'ap bay manti gen pou l' mouri. Men, yo p'ap koupe pawòl nan bouch moun ki peze sa l'ap di.
העז איש רשע בפניו וישר הוא יכין דרכיו׃
Mechan toujou pran pòz radi l'. Men, moun ki mache dwat la konnen sa l'ap fè.
אין חכמה ואין תבונה ואין עצה לנגד יהוה׃
Devan Seyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann.
סוס מוכן ליום מלחמה וליהוה התשועה׃
Moun pare chwal pou y' al fè lagè, men se Seyè a k'ap deside kilès k'ap genyen batay la.