Mark 3

And he entered again into the synagogue; and there was a man there which had a withered hand.
Apre sa, Jezi tounen ankò nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a.
And they watched him, whether he would heal him on the sabbath day; that they might accuse him.
Moun ki te la yo t'ap veye Jezi pou wè si li t'ap geri men nonm lan jou repo a, paske yo te vle akize li.
And he saith unto the man which had the withered hand, Stand forth.
Jezi di nonm men pòk la: -Leve, vin kanpe la a nan mitan nou.
And he saith unto them, Is it lawful to do good on the sabbath days, or to do evil? to save life, or to kill? But they held their peace.
Epi li di moun ki t'ap gade l' yo: -Kisa lalwa nou an pèmèt moun fè jou repo a? Byen osinon mal? Sove lavi yon nonm osinon kite l' mouri? Men yo pa louvri bouch yo reponn li.
And when he had looked round about on them with anger, being grieved for the hardness of their hearts, he saith unto the man, Stretch forth thine hand. And he stretched it out: and his hand was restored whole as the other.
Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l' sou yo tout: sa te fè l' lapenn pou l' te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.
And the Pharisees went forth, and straightway took counsel with the Herodians against him, how they might destroy him.
Menm lè a, farizyen yo soti nan sinagòg la, y' al met tèt yo ansanm ak patizan Ewòd yo pou yo wè ki jan pou yo touye Jezi.
But Jesus withdrew himself with his disciples to the sea: and a great multitude from Galilee followed him, and from Judæa,
Jezi wete kò l' ak disip li yo, li ale bò lanmè Galile a. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide,
And from Jerusalem, and from Idumaea, and from beyond Jordan; and they about Tyre and Sidon, a great multitude, when they had heard what great things he did, came unto him.
moun lavil Jerizalèm, moun peyi Idime, moun peyi lòt bò larivyè Jouden an, moun nan vwazenaj lavil Tir ak lavil Sidon. Tout foul pèp sa a te vin jwenn li paske yo te tande tou sa l' t'ap fè.
And he spake to his disciples, that a small ship should wait on him because of the multitude, lest they should throng him.
Jezi mande disip li yo pou yo pare yon kannòt pou li, pou foul la pa t' toufe l' twòp.
For he had healed many; insomuch that they pressed upon him for to touch him, as many as had plagues.
Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li.
And unclean spirits, when they saw him, fell down before him, and cried, saying, Thou art the Son of God.
Chak fwa move lespri yo te wè l', yo te tonbe nan pye l' ap plede rele: -Ou se pitit Bondye a.
And he straitly charged them that they should not make him known.
Men Jezi te pale sevè ak move lespri yo pou yo pa t' di ki moun li te ye.
And he goeth up into a mountain, and calleth unto him whom he would: and they came unto him.
Apre sa, li moute sou yon ti mòn. Li rele moun li te bezwen yo. Yo vin jwenn li.
And he ordained twelve, that they should be with him, and that he might send them forth to preach,
Li chwazi douz nan yo pou mache ak li. Li rele yo apòt, epi li voye yo mache bay mesaj la.
And to have power to heal sicknesses, and to cast out devils:
Li te ba yo pouvwa pou chase mouve lespri.
And Simon he surnamed Peter;
Men douz moun li te chwazi yo: Se te Simon (Jezi te ba li yon ti non Pyè),
And James the son of Zebedee, and John the brother of James; and he surnamed them Boanerges, which is, The sons of thunder:
de pitit Zebede yo: Jak ak Jan, frè l' la. Jezi te ba yo yon ti non Boanèj, ki vle di Pitit loraj.
And Andrew, and Philip, and Bartholomew, and Matthew, and Thomas, and James the son of Alphaeus, and Thaddaeus, and Simon the Canaanite,
Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la,
And Judas Iscariot, which also betrayed him: and they went into an house.
ak Jida Iskariòt, nonm ki te lage Jezi nan men lènmi li yo.
And the multitude cometh together again, so that they could not so much as eat bread.
Apre sa, Jezi tounen lakay li. Te sitèlman gen moun ki te sanble ankò, Jezi ak disip li yo pa t' menm gen tan pou yo te manje.
And when his friends heard of it, they went out to lay hold on him: for they said, He is beside himself.
Lè fanmi Jezi yo tande sa, yo soti pou yo vin chache l' paske tout moun t'ap di: -Nonm sa a fou.
And the scribes which came down from Jerusalem said, He hath Beelzebub, and by the prince of the devils casteth he out devils.
Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di konsa: -Li gen Bèlzeboul, gwo wa dyab la, sou li. Yo t'ap di tou: -Se chèf move lespri yo menm ki ba li pouvwa pou chase move lespri yo.
And he called them unto him, and said unto them in parables, How can Satan cast out Satan?
Jezi rele yo, li di yo an parabòl: -Ki jan Satan fè ap chase Satan?
And if a kingdom be divided against itself, that kingdom cannot stand.
Si yon peyi gen divizyon ladan l' pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a pa la pou lontan.
And if a house be divided against itself, that house cannot stand.
Si gen divizyon nan yon fanmi, fanmi sa a pa la pou lontan.
And if Satan rise up against himself, and be divided, he cannot stand, but hath an end.
Se sak fè, si Satan konbat pwòp tèt li, si gen divizyon nan peyi Satan, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Talè konsa l'ap fini.
No man can enter into a strong man's house, and spoil his goods, except he will first bind the strong man; and then he will spoil his house.
Pesonn pa kapab antre lakay yon nonm vanyan pou piye sa l' genyen, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l', la piye kay la.
Verily I say unto you, All sins shall be forgiven unto the sons of men, and blasphemies wherewith soever they shall blaspheme:
Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Bondye va padonnen lèzòm tout peche y'a fè, ak tout move pawòl ki va soti nan bouch yo.
But he that shall blaspheme against the Holy Ghost hath never forgiveness, but is in danger of eternal damnation:
Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p'ap janm jwenn padon, paske lè sa a l'ap fè yon peche k'ap rete pou tout tan.
Because they said, He hath an unclean spirit.
Jezi te pale konsa paske yo t'ap di-Li gen yon move lespri sou li.
There came then his brethren and his mother, and, standing without, sent unto him, calling him.
Apre sa, manman Jezi ak frè l' yo vin rive. Yo kanpe deyò a, yo fè rele li.
And the multitude sat about him, and they said unto him, Behold, thy mother and thy brethren without seek for thee.
Jezi te nan mitan yon foul moun ki te chita. Yo di l' konsa: -Men manman ou ak frè ou yo deyò a, y'ap mande pou ou.
And he answered them, saying, Who is my mother, or my brethren?
Li reponn yo: -Kilès ki manman m', kilès ki frè mwen?
And he looked round about on them which sat about him, and said, Behold my mother and my brethren!
Epi li pwonmennen je l' sou moun ki te chita sou kote l' yo, li di konsa: -Gade: men manman m', men frè m' yo.
For whosoever shall do the will of God, the same is my brother, and my sister, and mother.
Paske, tout moun ki fè sa Bondye mande yo fè, se moun sa yo ki frè m', ki sè m', ki manman mwen.