Psalms 69

למנצח על שושנים לדוד הושיעני אלהים כי באו מים עד נפש׃
Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David.
טבעתי ביון מצולה ואין מעמד באתי במעמקי מים ושבלת שטפתני׃
Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen.
יגעתי בקראי נחר גרוני כלו עיני מיחל לאלהי׃
M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen.
רבו משערות ראשי שנאי חנם עצמו מצמיתי איבי שקר אשר לא גזלתי אז אשיב׃
Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an.
אלהים אתה ידעת לאולתי ואשמותי ממך לא נכחדו׃
Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran.
אל יבשו בי קויך אדני יהוה צבאות אל יכלמו בי מבקשיך אלהי ישראל׃
Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou.
כי עליך נשאתי חרפה כסתה כלמה פני׃
Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m' tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m' fè moun k'ap sèvi ou yo wont.
מוזר הייתי לאחי ונכרי לבני אמי׃
Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'.
כי קנאת ביתך אכלתני וחרפות חורפיך נפלו עלי׃
Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo.
ואבכה בצום נפשי ותהי לחרפות לי׃
Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.
ואתנה לבושי שק ואהי להם למשל׃
Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa.
ישיחו בי ישבי שער ונגינות שותי שכר׃
Si m' mete yon rad sak sou mwen pou m' mande ou padon, y'ap pase m' nan rizib.
ואני תפלתי לך יהוה עת רצון אלהים ברב חסדך ענני באמת ישעך׃
Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen.
הצילני מטיט ואל אטבעה אנצלה משנאי וממעמקי מים׃
Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou.
אל תשטפני שבלת מים ואל תבלעני מצולה ואל תאטר עלי באר פיה׃
Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an.
ענני יהוה כי טוב חסדך כרב רחמיך פנה אלי׃
Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m' neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen.
ואל תסתר פניך מעבדך כי צר לי מהר ענני׃
Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.
קרבה אל נפשי גאלה למען איבי פדני׃
Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka.
אתה ידעת חרפתי ובשתי וכלמתי נגדך כל צוררי׃
vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo.
חרפה שברה לבי ואנושה ואקוה לנוד ואין ולמנחמים ולא מצאתי׃
Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo.
ויתנו בברותי ראש ולצמאי ישקוני חמץ׃
Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt.
יהי שלחנם לפניהם לפח ולשלומים למוקש׃
Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen.
תחשכנה עיניהם מראות ומתניהם תמיד המעד׃
Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.
שפך עליהם זעמך וחרון אפך ישיגם׃
Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!
תהי טירתם נשמה באהליהם אל יהי ישב׃
Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo!
כי אתה אשר הכית רדפו ואל מכאוב חלליך יספרו׃
Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.
תנה עון על עונם ואל יבאו בצדקתך׃
Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.
ימחו מספר חיים ועם צדיקים אל יכתבו׃
Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo.
ואני עני וכואב ישועתך אלהים תשגבני׃
Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.
אהללה שם אלהים בשיר ואגדלנו בתודה׃
Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò.
ותיטב ליהוה משור פר מקרן מפריס׃
M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.
ראו ענוים ישמחו דרשי אלהים ויחי לבבכם׃
Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m' ta ofri l' yon bèf, pase si m' ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn.
כי שמע אל אביונים יהוה ואת אסיריו לא בזה׃
Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo.
יהללוהו שמים וארץ ימים וכל רמש בם׃
Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon.
כי אלהים יושיע ציון ויבנה ערי יהודה וישבו שם וירשוה׃
Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye.
וזרע עבדיו ינחלוה ואהבי שמו ישכנו בה׃
L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo. Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv.