Psalms 68

למנצח לדוד מזמור שיר יקום אלהים יפוצו אויביו וינוסו משנאיו מפניו׃
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se yon chante.
כהנדף עשן תנדף כהמס דונג מפני אש יאבדו רשעים מפני אלהים׃
Lè Bondye kanpe, lènmi l' yo gaye, moun ki rayi l' yo kouri lè l' parèt.
וצדיקים ישמחו יעלצו לפני אלהים וישישו בשמחה׃
Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye.
שירו לאלהים זמרו שמו סלו לרכב בערבות ביה שמו ועלזו לפניו׃
Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y'ap fè fèt devan Bondye. Y'ap kontan anpil anpil.
אבי יתומים ודין אלמנות אלהים במעון קדשו׃
Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou.
אלהים מושיב יחידים ביתה מוציא אסירים בכושרות אך סוררים שכנו צחיחה׃
Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo.
אלהים בצאתך לפני עמך בצעדך בישימון סלה׃
Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon.
ארץ רעשה אף שמים נטפו מפני אלהים זה סיני מפני אלהים אלהי ישראל׃
O Bondye, lè ou t'ap mache alatèt pèp ou a, lè ou t'ap travèse dezè a,
גשם נדבות תניף אלהים נחלתך ונלאה אתה כוננתה׃
tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la.
חיתך ישבו בה תכין בטובתך לעני אלהים׃
Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li.
אדני יתן אמר המבשרות צבא רב׃
Pèp ou a moute kay li nan peyi ou pare pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè.
מלכי צבאות ידדון ידדון ונות בית תחלק שלל׃
Seyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la:
אם תשכבון בין שפתים כנפי יונה נחפה בכסף ואברותיה בירקרק חרוץ׃
Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè.
בפרש שדי מלכים בה תשלג בצלמון׃
Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò.
הר אלהים הר בשן הר גבננים הר בשן׃
Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a, li te fè lanèj kouvri mòn Salmon.
למה תרצדון הרים גבננים ההר חמד אלהים לשבתו אף יהוה ישכן לנצח׃
Ala yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan! Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an!
רכב אלהים רבתים אלפי שנאן אדני בם סיני בקדש׃
Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l' rete a? Se la Seyè a ap rete pou tout tan.
עלית למרום שבית שבי לקחת מתנות באדם ואף סוררים לשכן יה אלהים׃
Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a.
ברוך אדני יום יום יעמס לנו האל ישועתנו סלה׃
Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.
האל לנו אל למושעות וליהוה אדני למות תוצאות׃
Ann fè lwanj Seyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.
אך אלהים ימחץ ראש איביו קדקד שער מתהלך באשמיו׃
Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a.
אמר אדני מבשן אשיב אשיב ממצלות ים׃
Bondye gen pou l' kraze tèt lènmi li yo. Wi, li gen pou l' kraze zo bwa tèt moun k'ap viv nan peche.
למען תמחץ רגלך בדם לשון כלביך מאיבים מנהו׃
Seyè di: -M'ap fè lènmi yo tounen soti nan peyi Bazan. M'ap fè yo tounen soti nan fon lanmè a.
ראו הליכותיך אלהים הליכות אלי מלכי בקדש׃
pou ou ka mache nan san yo, pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo.
קדמו שרים אחר נגנים בתוך עלמות תופפות׃
Bondye, tout moun wè jan y'ap fè fèt pou ou. Yo wè ki jan Bondye mwen an, wa mwen an, ap mache antre kote ki apa pou li a.
במקהלות ברכו אלהים יהוה ממקור ישראל׃
Moun k'ap chante ap mache devan, mizisyen yo dèyè. Jenn fi yo nan mitan, y'ap bat tanbouren.
שם בנימן צעיר רדם שרי יהודה רגמתם שרי זבלון שרי נפתלי׃
Fè lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l' reyini. Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo!
צוה אלהיך עזך עוזה אלהים זו פעלת לנו׃
Benjamen, ki pi piti a, vin alatèt yo. Apre li, vini chèf peyi Jida yo ak lame yo. Apre yo, vini chèf peyi Zabilon ak chèf peyi Neftali yo.
מהיכלך על ירושלם לך יובילו מלכים שי׃
Bondye, fè wè pouvwa ou non! Wi, fè wè pouvwa ou te sèvi pou nou an!
גער חית קנה עדת אבירים בעגלי עמים מתרפס ברצי כסף בזר עמים קרבות יחפצו׃
Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou.
יאתיו חשמנים מני מצרים כוש תריץ ידיו לאלהים׃
Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri!
ממלכות הארץ שירו לאלהים זמרו אדני סלה׃
Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye.
לרכב בשמי שמי קדם הן יתן בקולו קול עז׃
Nou menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye! Chante pou fè lwanj Seyè a,
תנו עז לאלהים על ישראל גאותו ועזו בשחקים׃
pou Bondye k'ap kouri chwal li nan syèl la, nan syèl ki la depi lontan lontan an. Tande jan l'ap rele, jan l'ap rele byen fò.
נורא אלהים ממקדשיך אל ישראל הוא נתן עז ותעצמות לעם ברוך אלהים׃
L'ap di: -Rekonèt jan Bondye gen pouvwa! L'ap dominen sou pèp Izrayèl la. Syèl la fè nou konnen jan li gen pouvwa. Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l'. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi!