Proverbs 11

Seyè a pa vle wè moun k'ap sèvi ak fo balans. Li kontan ak moun ki sèvi ak bon mezi.
מאזני מרמה תועבת יהוה ואבן שלמה רצונו׃
Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.
בא זדון ויבא קלון ואת צנועים חכמה׃
Moun k'ap mache dwat yo konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye.
תמת ישרים תנחם וסלף בוגדים ושדם׃
Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.
לא יועיל הון ביום עברה וצדקה תציל ממות׃
Yon moun k'ap mache dwat ap viv san pwoblèm, paske li serye. Men, mechan yo ap tonbe nan pwòp pèlen mechanste yo.
צדקת תמים תישר דרכו וברשעתו יפל רשע׃
Lè yon moun serye fè sa ki dwat, sa ap sove l'. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, y'ap pran nan move jwèt y'ap fè a.
צדקת ישרים תצילם ובהות בגדים ילכדו׃
Lè yon mechan mouri, sa l' t'ap tann lan mouri ansanm avè l'. Konfyans li te mete nan byen li yo pa sèvi l' anyen.
במות אדם רשע תאבד תקוה ותוחלת אונים אבדה׃
Jou malè, moun ki mache dwat ap jwenn pwoteksyon. Sa ki pou ta rive l' la, se mechan an li rive.
צדיק מצרה נחלץ ויבא רשע תחתיו׃
Moun ki san respè pou Bondye ap touye moun ak lang yo. Men, konesans ap sove moun k'ap mache dwat yo.
בפה חנף ישחת רעהו ובדעת צדיקים יחלצו׃
Lè sa mache pou moun serye yo, tout moun lavil la gen kè kontan. Konsa tou, lè mechan yo mouri, se kontantman pou tout moun.
בטוב צדיקים תעלץ קריה ובאבד רשעים רנה׃
Se bèl bagay pou yon lavil lè li gen moun serye ladan l'. Men, mechan yo ap detwi l' ak lang yo.
בברכת ישרים תרום קרת ובפי רשעים תהרס׃
Avili yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l' pe bouch li.
בז לרעהו חסר לב ואיש תבונות יחריש׃
Moun k'ap mache fè tripotay mete tout sekrè deyò. Men, moun ki toujou kenbe pawòl yo, kè yo se kòfrefò.
הולך רכיל מגלה סוד ונאמן רוח מכסה דבר׃
Lè pa gen moun ki konn gouvènen, peyi a pa ka mache. Men, lè gen anpil moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove.
באין תחבלות יפל עם ותשועה ברב יועץ׃
Lè ou pwomèt pou ou peye dèt yon moun ou pa konnen, w'a gen pou règrèt sa pita. L'a pi bon pou ou si ou refize bay garanti pou yon lòt.
רע ירוע כי ערב זר ושנא תקעים בוטח׃
Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouraj nan travay ap jwenn ak kòb li.
אשת חן תתמך כבוד ועריצים יתמכו עשר׃
Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y'ap fè tò.
גמל נפשו איש חסד ועכר שארו אכזרי׃
Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo.
רשע עשה פעלת שקר וזרע צדקה שכר אמת׃
Yon moun ki soti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k'ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri.
כן צדקה לחיים ומרדף רעה למותו׃
Seyè a pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l' ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo.
תועבת יהוה עקשי לב ורצונו תמימי דרך׃
Wè pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove.
יד ליד לא ינקה רע וזרע צדיקים נמלט׃
Yon bèl fanm ki nan dezòd se yon bèl zanno lò nan nen kochon.
נזם זהב באף חזיר אשה יפה וסרת טעם׃
Lè moun k'ap mache dwat yo jwenn sa yo te vle a, se kontantman pou tout moun. Men, lè se mechan yo ki jwenn sa yo t'ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi.
תאות צדיקים אך טוב תקות רשעים עברה׃
Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv.
יש מפזר ונוסף עוד וחושך מישר אך למחסור׃
Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.
נפש ברכה תדשן ומרוה גם הוא יורא׃
Pèp la ap madichonnen moun k'ap sere manje nan depo pou pri a ka moute. Men, l'ap fè lwanj pou moun k'ap vann manje a nan mache.
מנע בר יקבהו לאום וברכה לראש משביר׃
Moun k'ap chache fè sa ki byen ap jwenn favè Bondye. Men, moun k'ap kouri dèyè malè, se malè ki pou rive l'.
שחר טוב יבקש רצון ודרש רעה תבואנו׃
Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.
בוטח בעשרו הוא יפל וכעלה צדיקים יפרחו׃
Yon nonm ki mete dezòd nan fanmi li, lakòz madanm li ansanm ak tout pitit li yo nan tou sa ki pa bon. Moun san konprann ap toujou esklav moun ki gen bon konprann.
עוכר ביתו ינחל רוח ועבד אויל לחכם לב׃
Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun.
פרי צדיק עץ חיים ולקח נפשות חכם׃
Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fè mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou!
הן צדיק בארץ ישלם אף כי רשע וחוטא׃