Matthew 24

Jezi soti nan tanp lan, li tapral fè wout li lè disip li yo pwoche bò kote li. Yo t'ap fè l' wè ki jan tanp lan te byen bati.
ויצא ישוע מן המקדש ללכת לדרכו ויגשו תלמידיו להראותו את בניני המקדש׃
Men li di yo: Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
ויען ישוע ויאמר אליהם הראיתם את כל אלה אמן אמר אני לכם לא תשאר פה אבן על אבן אשר לא תתפרק׃
Jezi te chita sou mòn Oliv la. Disip li yo te pou kont yo avèk li. Yo pwoche bò kote l', yo mande li: Manyè di nou kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt?
וישב על הר הזיתים ויגשו אליו התלמידים לבדם ויאמרו אמר נא לנו מתי תהיה זאת ומה הוא אות בואך ואות קץ העולם׃
Jezi reponn yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.
ויען ישוע ויאמר להם ראו פן יתעה אתכם איש׃
Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.
כי רבים יבאו בשמי לאמר אני הוא המשיח והתעו רבים׃
Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.
ואתם עתידים לשמע מלחמות ושמעות מלחמה ראו פן תבהלו כי היו תהיה כל זאת אך עדן אין הקץ׃
Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote.
כי יקום גוי על גוי וממלכה על ממלכה והיה רעב ודבר ורעש הנה והנה׃
Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
וכל אלה רק ראשית החבלים׃
Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen.
אז ימסרו אתכם לעני והמיתו אתכם והייתם שנואים לכל הגוים למען שמי׃
Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt.
ואז יכשלו רבים ומסרו איש את רעהו ושנאו איש את אחיו׃
Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun.
ונביאי שקר רבים יקומו והתעו רבים׃
Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt.
ומפני אשר ירבה הרשע תפוג אהבת רבים׃
Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre.
והמחכה עד עת קץ הוא יושע׃
Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.
ותקרא בשורת המלכות הזאת בתבל כלה לעדות לכל הגוים ואחר יבוא הקץ׃
Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.)
לכן כאשר תראו שקוץ משמם האמור על ידי דניאל הנביא עומד במקום קדש הקרא יבין׃
Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn.
אז נוס ינוסו אנשי יהודה אל ההרים׃
Moun ki va sou tèt kay yo, yo p'ap bezwen antre pran zafè yo nan kay la.
ואשר על הגג אל ירד לשאת דבר מביתו׃
Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj.
ואשר בשדה אל ישב הביתה לשאת את מלבושו׃
Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo.
ואוי להרות ולמיניקות בימים ההם׃
Lapriyè Bondye pou jou n'a gen pou n' kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba.
אך התפללו אשר מנוסתכם לא תהיה בחרף ולא בשבת׃
Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò.
כי אז תהיה צרה גדולה אשר כמוה לא נהיתה מראשית העולם עד עתה וכמוה לא תהיה עוד׃
Si yo pa t' wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.
ולולא נקצרו הימים ההם לא יושע כל בשר אך למען הבחירים יקצרו הימים ההם׃
Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Men li bò la a, pa kwè li.
וכי יאמר אליכם איש בעת ההיא הנה פה המשיח או הנו שם אל תאמינו׃
Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
כי יקומו משיחי שקר ונביאי שקר ויתנו אתות גדלות ומופתים למען התעות אף את הבחירים אם יוכלו׃
Mwen di nou sa davans.
הנה מראש הגדתי לכם׃
Se pou si yo di nou: Gade, men l' nan dezè a, nou pa bezwen ale. Osinon, si yo di nou: Gade, men l' kache bò isit la, nou pa bezwen kwè yo.
לכן כי יאמרו אליכם הנו במדבר אל תצאו הנו בחדרים אל תאמינו׃
Menm jan zèklè a fè yan, li klere tout syèl la depi bò solèy leve jouk bò solèy kouche, se konsa Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' vini.
כי כברק היוצא ממזרח ומאיר עד מערב כן יהיה גם בואו של בן האדם׃
Kote kadav la va ye a, se la votou yo va sanble.
כי באשר החלל שם יקבצו הנשרים׃
Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l' ankò, zetwal yo va soti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble.
ומיד אחרי צרת הימים ההם תחשך השמש והירח לא יגיה אורו והכוכבים יפלו מן השמים וכחות השמים יתמוטטו׃
Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
אז אות בן האדם יראה בשמים וספדו כל משפחות הארץ וראו את בן האדם בא עם ענני השמים בגבורה וכבוד רב׃
Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.
וישלח את מלאכיו בקול שופר גדול ויקבצו את בחיריו מארבע הרוחות למקצה השמים ועד קצה השמים׃
Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l' kòmanse boujonnen, kou l' pouse fèy, nou konnen sezon chalè a sou nou.
למדו נא את משל התאנה כאשר ירטב ענפה ופרחו עליה ידעתם כי קרוב הקיץ׃
Menm jan an tou, lè n'a wè tout bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la.
כן גם אתם בראותכם את כל אלה דעו כי קרוב הוא לפתח׃
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun nan jenerasyon sa a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.
אמן אמר אני לכם כי לא יעבר הדור הזה עד אשר יהיו כל אלה׃
Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.
השמים והארץ יעברו ודברי לא יעברון׃
Men, pesonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.
אך היום ההוא והשעה ההיא אין איש יודע אתה גם לא מלאכי השמים בלתי אבי לבדו׃
Sak te rive nan tan Noe a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini.
וכימי נח כן יהיה גם בואו של בן האדם׃
Se konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an.
כי כאשר בימי המבול היו אכלים ושתים נשאים נשים ונתנים אתן לאנשים עד היום אשר בא נח אל התבה׃
Yo pa t' konprann anyen nan sa ki t'ap pase, jouk lè gwo inondasyon an fèt, li pote yo tout ale. Se va menm jan an tou lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini.
ולא ידעו עד בוא המבול וישחת את כלם כן יהיה גם בואו של בן האדם׃
Lè sa a, va gen de gason nan yon menm jaden, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.
אז יהיו שנים בשדה אחד יאסף ואחד יעזב׃
Va gen de fanm k'ap moulen mayi, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.
שתים טוחנות ברחים אחת תאסף ואחת תעזב׃
Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini.
לכן שקדו כי אינכם יודעים באי זו שעה יבא אדניכם׃
Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la.
ואת זאת הבינו אשר לו ידע בעל הבית באי זו אשמורה יבא הגנב כי עתה שקד ולא הניח לחתר את ביתו׃
Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.
לכן היו נכונים גם אתם כי בשעה אשר לא תדמו יבוא בן האדם׃
Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.
מי הוא אפוא העבד הנאמן והנבון אשר הפקידו אדניו על בני ביתו לתת להם את אכלם בעתו׃
Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay li.
אשרי העבד אשר אדניו בבואו ימצאהו עשה כן׃
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo.
אמן אמר אני לכם כי יפקידהו על כל אשר לו׃
Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini.
ואם העבד הרע יאמר בלבו בשש אדני לבוא׃
L'ap tonbe bat kanmarad li yo, l'ap rete ap plede manje, ap plede bwè ak tafyatè.
ויחל להכות את חבריו ואכל ושתה עם הסובאים׃
Mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen.
בוא יבוא אדני העבד ההוא ביום לא יצפה ובשעה לא ידע׃
L'ap rachonnen msye anba kou, l'ap regle avè l' menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
וישסף אתו וישים את חלקו עם החנפים שם תהיה היללה וחרק השנים׃