Rive la, yo pran depoze plent sou do l', yo di konsa: Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèt la. L'ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, yon wa.
Men, yo kenbe la avè l', yo di: L'ap moute tèt pèp la ak pawòl l'ap di yo. Li kòmanse travay sa a depi nan peyi Galilye, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la.
Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l' nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li; epi yo voye l' tounen bay Pilat.
Li di yo: Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m' konprann l'ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l' keksyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè ankenn nan move zak n'ap plede di l' fè yo.
Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li?
Antan sòlda yo t'ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te soti nan jaden. Yo pran msye, yo chaje l' anba kwa a pou l' pote li dèyè Jezi.
Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di: Gade! Li sove lòt moun; si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l' sove tèt pa l' tou.
Li t'ap tann kilè Bondye t'ap vin pran pouvwa a nan men li. Li te fè pati Gran Konsèy jwif yo, men li pa t' dakò ak sa lòt yo te fè ni ak sa yo te deside.
Apre sa, li al desann kò a sou kwa a, li vlope l' nan yon bèl dra blan, epi li mete l' nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Se te yon kavo tou nèf: yo pa t' ankò janm mete pesonn ladan li.