Proverbs 30

דברי אגור בן יקה המשא נאם הגבר לאיתיאל לאיתיאל ואכל׃
Men pawòl Agou, pitit Jake, moun peyi Masa. Men deklarasyon nonm lan te fè: Mwen bouke, Bondye! Mwen bouke, Bondye! Mwen pa kapab ankò!
כי בער אנכי מאיש ולא בינת אדם לי׃
Mwen sòt pase panyen pèsi. Se pa moun mwen ye. Mwen pa gen lespri tankou tout moun.
ולא למדתי חכמה ודעת קדשים אדע׃
Mwen pa janm konnen sa ki rele konesans. Mwen pa konprann anyen nan bagay Bondye.
מי עלה שמים וירד מי אסף רוח בחפניו מי צרר מים בשמלה מי הקים כל אפסי ארץ מה שמו ומה שם בנו כי תדע׃
Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen?
כל אמרת אלוה צרופה מגן הוא לחסים בו׃
Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li.
אל תוסף על דבריו פן יוכיח בך ונכזבת׃
Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye.
שתים שאלתי מאתך אל תמנע ממני בטרם אמות׃
Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m' yo anvan mwen mouri.
שוא ודבר כזב הרחק ממני ראש ועשר אל תתן לי הטריפני לחם חקי׃
Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la.
פן אשבע וכחשתי ואמרתי מי יהוה ופן אורש וגנבתי ותפשתי שם אלהי׃
Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.
אל תלשן עבד אל אדנו פן יקללך ואשמת׃
Pa janm pale yon domestik mal devan mèt li. L'a madichonnen ou, l'a fè ou peye bouch ou.
דור אביו יקלל ואת אמו לא יברך׃
Gen yon kalite moun k'ap bay papa yo madichon, ki pa gen konsiderasyon pou manman yo.
דור טהור בעיניו ומצאתו לא רחץ׃
Gen yon lòt kalite moun ki konprann yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pi mal pase yo nanpwen.
דור מה רמו עיניו ועפעפיו ינשאו׃
Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pesonn, wa pa kouzen yo.
דור חרבות שניו ומאכלות מתלעתיו לאכל עניים מארץ ואביונים מאדם׃
Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo.
לעלוקה שתי בנות הב הב שלוש הנה לא תשבענה ארבע לא אמרו הון׃
Sansi gen de pitit fi: tou de gen menm non, yo rele: Ban mwen! Ban mwen! Gen twa bagay ki pa janm di ase. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki pa janm di se kont.
שאול ועצר רחם ארץ לא שבעה מים ואש לא אמרה הון׃
Men yo: Se peyi kote mò yo ye a, se fanm ki pa ka fè pitit, se tè a ki pa janm bwè kont dlo li, epi se dife. Bagay sa yo pa janm di ase.
עין תלעג לאב ותבוז ליקהת אם יקרוה ערבי נחל ויאכלוה בני נשר׃
Yon pitit ki pase papa l' nan betiz, ki pa respekte lòd manman l', chen gen pou devore kadav li nan raje, zwezo nan bwa va manje grenn je li.
שלשה המה נפלאו ממני וארבע לא ידעתים׃
Gen twa bagay mwen pa janm ka konprann. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay konsa.
דרך הנשר בשמים דרך נחש עלי צור דרך אניה בלב ים ודרך גבר בעלמה׃
Men yo: Se jan malfini plane nan syèl la, se jan koulèv mache sou wòch, se jan bato kouri sou lanmè, se jan gason ak fanm rive fè lamou.
כן דרך אשה מנאפת אכלה ומחתה פיה ואמרה לא פעלתי און׃
Men ki jan fanm k'ap twonpe mari yo fè: Lè yo fin fè sa y'ap fè a, yo benyen byen pwòp, epi yo di: Mwen pa fè anyen ki mal.
תחת שלוש רגזה ארץ ותחת ארבע לא תוכל שאת׃
Gen twa bagay ki fè latè tranble. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay moun pa ka sipòte.
תחת עבד כי ימלוך ונבל כי ישבע לחם׃
Men yo: Se yon esklav ki rive chèf, se yon moun sòt ki gen tou sa li bezwen,
תחת שנואה כי תבעל ושפחה כי תירש גברתה׃
se yon fanm ki pa t' janm jwenn moun renmen l' epi ki resi mare yon nòs, se yon sèvant ki pran plas metrès li.
ארבעה הם קטני ארץ והמה חכמים מחכמים׃
Gen kat ti bèt sou latè, gen lespri pase yo nanpwen:
הנמלים עם לא עז ויכינו בקיץ לחמם׃
Se foumi: yo tou fèb, men yo pase tout sezon chalè ap fè pwovizyon mete la.
שפנים עם לא עצום וישימו בסלע ביתם׃
Se chat mawon: yo pa pi fò pase sa. Men, yo fè kay yo nan twou wòch.
מלך אין לארבה ויצא חצץ כלו׃
Se krikèt vèt: yo pa gen chèf, men yo mache pa bann.
שממית בידים תתפש והיא בהיכלי מלך׃
Se zandolit: ou ka pran yo nan men ou. Men, ou jwenn yo nan palè wa yo.
שלשה המה מיטיבי צעד וארבעה מיטבי לכת׃
Gen twa bagay ki bèl lè y'ap mache. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki gen bèl demach:
ליש גבור בבהמה ולא ישוב מפני כל׃
Se lyon, se li ki pi fò nan tout zannimo, li pa pè yo yonn.
זרזיר מתנים או תיש ומלך אלקום עמו׃
Se bouk kabrit. Se chwal sele bride. Se wa lè y'ap mache devan lame yo.
אם נבלת בהתנשא ואם זמות יד לפה׃
Si ou te sòt jouk pou ou te rive fè grandizè, kalkile sou sa ou fè a: Pe bouch ou!
כי מיץ חלב יוציא חמאה ומיץ אף יוציא דם ומיץ אפים יוציא ריב׃
Si ou bat lèt, l'ap fè bè. Si ou frape yon moun sou men l', l'ap senyen. Si ou nan pouse dife, ou nan gwo kont.