Job 20

Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl, li di konsa:
拿玛人琐法回答说:
-Mwen gen yon bann lide k'ap travay nan tèt mwen. Mwen pa ka tann ankò. Se pou m' reponn ou.
我心中急躁,所以我的思念叫我回答。
Tou sa ou di la a vekse m'. Men, mwen konnen jan pou m' reponn ou.
我已听见那羞辱我,责备我的话;我的悟性叫我回答。
Ou konnen, depi nan tan lontan, depi premye moun Bondye te mete sou tè a,
你岂不知亘古以来,自从人生在地,
mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan.
恶人夸胜是暂时的,不敬虔人的喜乐不过转眼之间吗?
Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo,
他的尊荣虽达到天上,头虽顶到云中,
y'ap rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase.
他终必灭亡,像自己的粪一样;素来见他的人要说:他在哪里呢?
Moun bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje, tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò.
他必飞去如梦,不再寻见,速被赶去,如夜间的异象。
Moun ki te konn wè yo p'ap wè yo ankò. Menm moun lakay yo p'ap konnen kote yo pase.
亲眼见过他的,必不再见他;他的本处也再见不著他。
Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs.
他的儿女要求穷人的恩;他的手要赔还不义之财。
Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.
他的骨头虽然有青年之力,却要和他一同躺卧在尘土中。
Lè l' t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li, li te kenbe ti gout anba lang li.
他口内虽以恶为甘甜,藏在舌头底下,
Li pa t' kite l' fin twò vit nan bouch li, pou l' te ka jwi gou a pandan lontan.
爱恋不舍,含在口中;
Men, rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl. Anndan vant li pran boule l' tankou si li te vale pwazon.
他的食物在肚里却要化为酸,在他里面成为虺蛇的恶毒。
Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.
他吞了财宝,还要吐出; 神要从他腹中掏出来。
Tou sa li te vale tounen pwazon pou li. L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l'.
他必吸饮虺蛇的毒气;蝮蛇的舌头也必杀他。
Li p'ap viv pou l' wè lwil koule tankou dlo larivyè, ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas.
流奶与蜜之河,他不得再见。
L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo.
他劳碌得来的要赔还,不得享用(原文是吞下);不能照所得的财货欢乐。
Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati.
他欺压穷人,且又离弃;强取非自己所盖的房屋(或译:强取房屋不得再建造)。
Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'.
他因贪而无厌,所喜悦的连一样也不能保守。
Pesonn pa t' ka chape anba men l' sitèlman li te akrèk. Non. Tout richès li yo pa la pou lontan.
其余的没有一样他不吞灭,所以他的福乐不能长久。
Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere. Tout kalite mizè pral tonbe sou li.
他在满足有余的时候,必到狭窄的地步;凡受苦楚的人都必加手在他身上。
Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li.
他正要充满肚腹的时候, 神必将猛烈的忿怒降在他身上;正在他吃饭的时候,要将这忿怒像雨降在他身上。
Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak.
他要躲避铁器;铜弓的箭要将他射透。
Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas.
他把箭一抽,就从他身上出来;发光的箭头从他胆中出来,有惊惶临在他身上。
Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li.
他的财宝归于黑暗;人所不吹的火要把他烧灭,要把他帐棚中所剩下的烧毁。
Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal. Latè kanpe pou denonse l'.
天要显明他的罪孽;地要兴起攻击他。
Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li.
他的家产必然过去; 神发怒的日子,他的货物都要消灭。
Wi, se sa Bondye sere pou mechan yo. Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye.
这是恶人从 神所得的分,是 神为他所定的产业。