Proverbs 5

My son, attend unto my wisdom, and bow thine ear to my understanding:
Pitit mwen, louvri lespri ou pou koute sa m'ap di ou, mwen menm ki gen bon konprann. Louvri zòrèy ou pou ou tande konsèy m'ap ba ou, mwen menm ki gen bon konprann.
That thou mayest regard discretion, and that thy lips may keep knowledge.
Konsa, w'a konnen jan pou ou kondi tèt ou byen. Pawòl ki soti nan bouch ou va moutre jan ou se moun ki gen bon konprann.
For the lips of a strange woman drop as an honeycomb, and her mouth is smoother than oil:
Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo.
But her end is bitter as wormwood, sharp as a twoedged sword.
Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò.
Her feet go down to death; her steps take hold on hell.
L'ap mennen ou kote mò yo ye a. Tou sa l'ap fè se pou touye ou.
Lest thou shouldest ponder the path of life, her ways are moveable, that thou canst not know them.
Li p'ap chache chemen lavi. L'ap pwonmennen toupatou, li pa konnen kote li prale.
Hear me now therefore, O ye children, and depart not from the words of my mouth.
Koulye a, pitit mwen yo, koute m' byen. Pa janm bliye sa m' pral di nou la a.
Remove thy way far from her, and come not nigh the door of her house:
Rete lwen yon fanm konsa. Pa janm pwoche bò pòt lakay li,
Lest thou give thine honour unto others, and thy years unto the cruel:
pou fanm deyò pa fini avè ou, pou ou pa fè nèg ankòlè touye ou anvan lè ou!
Lest strangers be filled with thy wealth; and thy labours be in the house of a stranger;
Si se pa sa, se etranje ki va pran tout byen ou yo. Se lòt moun ki va jwi tou sa ou te travay fè.
And thou mourn at the last, when thy flesh and thy body are consumed,
Lè w'a prèt pou ou mouri, w'a kouche sou kabann ou ap plenn. Maladi ap manje ou nan tout kò ou.
And say, How have I hated instruction, and my heart despised reproof;
Lè sa a, w'a di: Poukisa mwen pa t' vle kite yo rale zòrèy mwen?
And have not obeyed the voice of my teachers, nor inclined mine ear to them that instructed me!
Mwen pa t' vle koute moun ki t'ap moutre m' sa pou m' fè. Mwen pa t' louvri zòrèy mwen lè yo t'ap pale m'.
I was almost in all evil in the midst of the congregation and assembly.
Yon ti kras ankò, mwen t'ap nan tout kalite malè. La, devan tout moun, mwen t'ap pèdi repitasyon m'.
Drink waters out of thine own cistern, and running waters out of thine own well.
Bwè dlo nan kannari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete.
Let thy fountains be dispersed abroad, and rivers of waters in the streets.
Pa fè pitit ak fanm deyò, pou san ou pa trennen nan lari.
Let them be only thine own, and not strangers' with thee.
Se pou pitit ou grandi anndan lakay ou. Yo pa ka ap sèvi ou pou y'ap sèvi moun deyò tou.
Let thy fountain be blessed: and rejoice with the wife of thy youth.
Fè kè ou kontan ak madanm ou. Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan.
Let her be as the loving hind and pleasant roe; let her breasts satisfy thee at all times; and be thou ravished always with her love.
L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lamou ak li.
And why wilt thou, my son, be ravished with a strange woman, and embrace the bosom of a stranger?
Pitit mwen, poukisa pou ou renmen yon lòt fanm? Poukisa pou ou kite madanm ou pou madanm lòt moun?
For the ways of man are before the eyes of the LORD, and he pondereth all his goings.
Seyè a wè tou sa w'ap fè. Kote ou pase, je l' sou ou.
His own iniquities shall take the wicked himself, and he shall be holden with the cords of his sins.
Mechanste mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive.
He shall die without instruction; and in the greatness of his folly he shall go astray.
Y'ap mouri paske yo pa konn kontwole tèt yo. Y'ap peri paske yo fin pèdi tèt yo nèt.