Matthew 13

当那一天,耶稣从房子里出来,坐在海边。
Menm jou sa a, Jezi soti nan kay la, li al chita bò lanmè a.
有许多人到他那里聚集,他只得上船坐下,众人都站在岸上。
Te sitèlman gen moun sanble tout bò kote Jezi, li moute nan yon kannòt, li chita. Tout foul moun yo menm te rete kanpe sou rivaj la.
他用比喻对他们讲许多道理,说:有一个撒种的出去撒种;
Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l' te fè yo konprann anpil bagay. Li t'ap di yo konsa: Ala, yon moun soti pou l' ale simen grenn nan jaden l'.
撒的时候,有落在路旁的,飞鸟来吃尽了;
Antan l'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: zwazo vini, yo manje yo.
有落在土浅石头地上的,土既不深,发苗最快,
Yon pati grenn tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t' gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske yo pa t' antre fon anba tè a.
日头出来一晒,因为没有根,就枯干了;
Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo, yo cheche, paske rasen yo pa t' fon.
有落在荆棘里的,荆棘长起来,把它挤住了;
Yon lòt pati tonbe nan mitan pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo.
又有落在好土里的,就结实,有一百倍的,有六十倍的,有三十倍的。
Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè; yo donnen. Genyen ki bay san grenn, lòt bay swasant, lòt bay trant.
有耳可听的,就应当听!
Apre sa, Jezi di yo: Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.
门徒进前来,问耶稣说:对众人讲话,为什么用比喻呢?
Disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande li: Poukisa ou pale an parabòl ak moun yo?
耶稣回答说:因为天国的奥祕只叫你们知道,不叫他们知道。
Jezi reponn yo: Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a.
凡有的,还要加给他,叫他有余;凡没有的,连他所有的,也要夺去。
Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Konsa, la gen plis pase sa l' bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' nimm ti sa l' te genyen an.
所以我用比喻对他们讲,是因他们看也看不见,听也听不见,也不明白。
Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun sa yo. Paske, lè y'ap gade yo pa wè, lè y'ap koute yo pa tande, ni yo pa konprann.
在他们身上,正应了以赛亚的预言,说:你们听是要听见,却不明白;看是要看见,却不晓得;
Konsa, sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo: n'a tande nan zòrèy nou, men, nou p'ap konprann. n'a gade ak je nou, men, nou p'ap wè.
因为这百姓油蒙了心,耳朵发沉,眼睛闭著,恐怕眼睛看见,耳朵听见,心里明白,回转过来,我就医治他们。
Paske, lespri pèp sa a vin lou. Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye ki pale konsa.
但你们的眼睛是有福的,因为看见了;你们的耳朵也是有福的,因为听见了。
Men, pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou.
我实在告诉你们,从前有许多先知和义人要看你们所看的,却没有看见,要听你们所听的,却没有听见。
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Anpil pwofèt ak anpil moun ki mache dwat devan Bondye te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li. Yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li.
所以,你们当听这撒种的比喻。
Koulye a, koute. Men sa parabòl moun ki t'ap simen an vle di.
凡听见天国道理不明白的,那恶者就来,把所撒在他心里的夺了去;这就是撒在路旁的了。
Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a.
撒在石头地上的,就是人听了道,当下欢喜领受,
Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan.
只因心里没有根,不过是暂时的,及至为道遭了患难,或是受了逼迫,立刻就跌倒了。
Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.
撒在荆棘里的,就是人听了道,后来有世上的思虑、钱财的迷惑把道挤住了,不能结实。
Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm.
撒在好地上的,就是人听道明白了,后来结实,有一百倍的,有六十倍的,有三十倍的。
Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.
耶稣又设个比喻对他们说:天国好像人撒好种在田里,
Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li.
及至人睡觉的时候,有仇敌来,将稗子撒在麦子里就走了。
Men, yon jou lannwit, pandan tout moun t'ap dòmi, yon lènmi nonm lan vini, li simen move zèb nan mitan mayi yo. Apre sa, li ale.
到长苗吐穗的时候,稗子也显出来。
Lè mayi yo fin pouse, yo pran jete zepi. Lè sa a, move zèb la parèt tou.
田主的仆人来告诉他说:主啊,你不是撒好种在田里吗?从那里来的稗子呢?
Moun ki t'ap travay ak mèt jaden an vin di li: Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Kote move zèb sa yo soti?
主人说:这是仇敌做的。仆人说:你要我们去薅出来吗?
Li reponn yo: Se yon lènmi m' ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n' al rache move zèb yo?
主人说:不必,恐怕薅稗子,连麦子也拔出来。
Li di yo: Non, poko fè sa. Paske, antan n'ap rache move zèb yo, nou ka derasinen mayi a avèk yo tou.
容这两样一齐长,等著收割。当收割的时候,我要对收割的人说,先将稗子薅出来,捆成捆,留著烧;惟有麦子要收在仓里。
Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m'a di moun k'ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n' al boule. Mayi a menm, mete l' nan galata mwen.
他又设个比喻对他们说:天国好像一粒芥菜种,有人拿去种在田里。
Li ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou li al simen nan jaden li.
这原是百种里最小的,等到长起来,却比各样的菜都大,且成了树,天上的飞鸟来宿在它的枝上。
Grenn moutad, se grenn ki pi piti nan tout grenn ki genyen. Men, lè l' pouse, li pi gwo pase tout plant menm kalite avèk li. Li vin yon gwo pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la vin fè nich nan branch li yo.
他又对他们讲个比喻说:天国好像面酵,有妇人拿来,藏在三斗面里,直等全团都发起来。
Li di yo yon lòt parabòl ankò: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou ledven yon fanm pran, li mete nan senk mezi farin pou fè tout pa t' la leve.
这都是耶稣用比喻对众人说的话;若不用比喻,就不对他们说什么。
Se avèk parabòl konsa Jezi t'ap moutre foul moun yo tout bagay sa yo. Li pa t' louvri bouch li pou l' pa t' rakonte yo yon parabòl.
这是要应验先知的话,说:我要开口用比喻,把创世以来所隐藏的事发明出来。
Sa te pase konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre: Se an parabòl m'ap pale ak yo. m'a fè yo konnen bagay ki te kache depi anvan Bondye te kreye latè.
当下,耶稣离开众人,进了房子。他的门徒进前来,说:请把田间稗子的比喻讲给我们听。
Apre sa, Jezi kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Esplike nou parabòl move zèb nan jaden an.
他回答说:那撒好种的就是人子;
Li reponn yo: Moun ki simen bon grenn lan, se Moun Bondye voye nan lachè a.
田地就是世界;好种就是天国之子;稗子就是那恶者之子;
Jaden an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan.
撒稗子的仇敌就是魔鬼;收割的时候就是世界的末了;收割的人就是天使。
Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo.
将稗子薅出来用火焚烧,世界的末了也要如此。
Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini.
人子要差遣使者,把一切叫人跌倒的和作恶的,从他国里挑出来,
Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. y'a mete yo deyò nan Peyi kote l' Wa a.
丢在火炉里;在那里必要哀哭切齿了。
Zanj yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
那时,义人在他们父的国里,要发出光来,像太阳一样。有耳可听的,就应当听!
Men, lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan peyi Papa yo ki Wa a. Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande. Parabòl ja lajan an
天国好像宝贝藏在地里,人遇见了就把它藏起来,欢欢喜喜的去变卖一切所有的,买这块地。
Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an.
天国又好像买卖人寻找好珠子,
Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl.
遇见一颗重价的珠子,就去变卖他一切所有的,买了这颗珠子。
Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, li ale, li vann tou sa l' genyen pou l' ka achte li.
天国又好像网撒在海里,聚拢各样水族,
Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason.
网既满了,人就拉上岸来,坐下,拣好的收在器具里,将不好的丢弃了。
Lè li fin plen, pechè pwason yo rale l' sou bò rivaj la. Yo chita, yo triye pwason yo: yo mete bon pwason yo nan panyen, yo jete sa ki pa bon yo nan lanmè ankò.
世界的末了也要这样。天使要出来,从义人中把恶人分别出来,
Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò.
丢在火炉里;在那里必要哀哭切齿了。
y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
耶稣说:这一切的话你们都明白了吗?他们说:我们明白了。
Jezi mande disip li yo: Eske nou konprann tou sa? Yo reponn: Wi.
他说:凡文士受教作天国的门徒,就像一个家主从他库里拿出新旧的东西来。
Lè sa a, Jezi di yo: Se konsa, tout dirèktè lalwa ki tounen yon disip nan Peyi Wa ki nan syèl la ap tankou yon mèt kay k'ap rale met deyò bagay li fenk achte ak bagay li gen depi lontan nan byen l' yo.
耶稣说完了这些比喻,就离开那里,
Lè Jezi fin di parabòl sa yo, li kite kote l' te ye a.
来到自己的家乡,在会堂里教训人,甚至他们都希奇,说:这人从那里有这等智慧和异能呢?
li ale nan lavil kote l' te grandi a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t'ap koute l' te sezi anpil. Yo t'ap di konsa: Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
这不是木匠的儿子吗?他母亲不是叫马利亚吗?他弟兄们不是叫雅各、约西(有古卷:约瑟)、西门、犹大吗?
Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye?
他妹妹们不是都在我们这里吗?这人从那里有这一切的事呢?
Apa tout sè l' yo la avèk nou. Kote l' jwenn tout bagay sa yo?
他们就厌弃他(厌弃他:原文是因他跌倒)。耶稣对他们说:大凡先知,除了本地本家之外,没有不被人尊敬的。
Se sak fè yo te jwenn nan li okazyon tonbe nan peche. Lè sa a, Jezi di yo: Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan peyi l' ak nan fanmi li.
耶稣因为他们不信,就在那里不多行异能了。
Se konsa Jezi pa t' fè anpil mirak la, paske yo pa t' kwè nan li.