Proverbs 1

משלי שלמה בן דוד מלך ישראל׃
Men pwovèb Salomon, pitit David la, ki te wa peyi Izrayèl.
לדעת חכמה ומוסר להבין אמרי בינה׃
Pwovèb sa yo la pou fè moun konnen sa ki rele gen sajès ak bon levasyon, pou yo konprann lè moun lespri ap pale ak yo.
לקחת מוסר השכל צדק ומשפט ומישרים׃
Pwovèb sa yo la tou pou moutre moun jan pou yo viv avèk konprann, pou yo gen bon kondit, pou yo pa fè lenjistis, pou yo mache dwat nan lavi.
לתת לפתאים ערמה לנער דעת ומזמה׃
Y'ap louvri lespri moun ki manke konprann, y'ap bay jenn gason yo konesans ak konprann.
ישמע חכם ויוסף לקח ונבון תחבלות יקנה׃
Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen,
להבין משל ומליצה דברי חכמים וחידתם׃
konsa, y'a ka konprann sans tout pwovèb ak tout parabòl, sans tout pawòl k'ap soti nan bouch moun ki gen bon konprann yo ak koze tout moun pa ka konprann.
יראת יהוה ראשית דעת חכמה ומוסר אוילים בזו׃
Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.
שמע בני מוסר אביך ואל תטש תורת אמך׃
Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou!
כי לוית חן הם לראשך וענקים לגרגרתיך׃
Menm jan bèl foula mare nan tèt ak kolye pase nan kou bay pi bèl aparans, konsa tou konsèy papa ou ak manman ou ap fè anpil pou ou.
בני אם יפתוך חטאים אל תבא׃
Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou.
אם יאמרו לכה אתנו נארבה לדם נצפנה לנקי חנם׃
Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou.
נבלעם כשאול חיים ותמימים כיורדי בור׃
Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere.
כל הון יקר נמצא נמלא בתינו שלל׃
N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran.
גורלך תפיל בתוכנו כיס אחד יהיה לכלנו׃
W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout.
בני אל תלך בדרך אתם מנע רגלך מנתיבתם׃
Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase!
כי רגליהם לרע ירוצו וימהרו לשפך דם׃
Yo toujou dèyè pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò.
כי חנם מזרה הרשת בעיני כל בעל כנף׃
Kisa ou konprann ou fè lè ou kite zwezo wè ou ap tann pèlen pou li?
והם לדמם יארבו יצפנו לנפשתם׃
Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri.
כן ארחות כל בצע בצע את נפש בעליו יקח׃
Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò.
חכמות בחוץ תרנה ברחבות תתן קולה׃
Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik.
בראש המיות תקרא בפתחי שערים בעיר אמריה תאמר׃
L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande.
עד מתי פתים תאהבו פתי ולצים לצון חמדו להם וכסילים ישנאו דעת׃
L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va soti pou yo aprann?
תשובו לתוכחתי הנה אביעה לכם רוחי אודיעה דברי אתכם׃
Se pou n' koute m' lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m' konnen.
יען קראתי ותמאנו נטיתי ידי ואין מקשיב׃
Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m'. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m'.
ותפרעו כל עצתי ותוכחתי לא אביתם׃
Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m' korije nou.
גם אני באידכם אשחק אלעג בבא פחדכם׃
Konsa, lè n'a nan ka, m'a ri nou. Lè malè va fè nou tranble, m'a pase nou nan rizib.
בבא כשאוה פחדכם ואידכם כסופה יאתה בבא עליכם צרה וצוקה׃
Lè malè va tonbe sou nou tankou yon van siklòn, lè tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lè lapenn ak kè sere va pran nou,
אז יקראנני ולא אענה ישחרנני ולא ימצאנני׃
le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen.
תחת כי שנאו דעת ויראת יהוה לא בחרו׃
Nou pa t' vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye.
לא אבו לעצתי נאצו כל תוכחתי׃
Nou pa t' janm vle koute konsèy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lè m' t'ap korije nou.
ויאכלו מפרי דרכם וממעצתיהם ישבעו׃
Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo.
כי משובת פתים תהרגם ושלות כסילים תאבדם׃
Moun ki san esperyans yo mouri paske yo refize aprann. Bann moun fou yo menm, yo pa pran anyen pou anyen, se sa k'ap pèdi yo tou.
ושמע לי ישכן בטח ושאנן מפחד רעה׃
Men, moun ki koute sa m' di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen.