Lè jou repo a rive, li kòmanse moutre moun ki te nan sinagòg la anpil bagay. Foul moun ki t'ap koute l' yo te sezi anpil, yo t'ap di konsa: -Kote l' jwenn tout bagay sa yo? Kilès ki ba l' konesans sa yo? Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l' yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon tonbe nan peche.
Men, si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, ale fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Konsa, yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo.
Wa Ewòd te tande pale sou Jezi, paske yo t'ap nonmen non l' toupatou. Gen moun ki t'ap di: -Se Jan Batis ki leve pami mò yo, se poutèt sa li kapab fè tout mirak sa yo.
Men, li pa t' kapab, paske Ewòd pou tèt pa l' te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sak fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l' pale tou, menm si apre sa kè l' te boulvèse.
Jou Ewodyad t'ap tann lan vin rive. Se te jou fèt Ewòd. Jou sa a, Ewòd te fè yon fèt pou tout zotobre nan gouvènman l' lan, ansanm ak gwo chèf nan lame a ak lòt grannèg nan peyi Galile a.
Pitit fi Ewodyad la antre nan sal resepsyon an: li danse, li danse. Sa te fè Ewòd ak envite l' yo plezi anpil. Wa a di madmwazèl la konsa: -Mande m' nenpòt sa ou vle, m'ap ba ou li.
Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pa t' menm gen tan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo: -Ann al avè m' yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo.
Men, anpil moun te wè lè y' ale, yo te rekonèt yo. Se konsa, yo kouri soti nan tout bouk yo, yo gen tan rive kote Jezi taprale avèk disip li yo anvan li.
Lè Jezi rive pou l' debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.
Jezi reponn yo: -Poukisa nou pa ba yo manje nou menm pito? Disip yo mande li: -Ou ta vle poun al achte pen pou mil (1.000) goud poun bay tout moun sa yo manje? Jezi reponn yo:
Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay moun yo. Li fè menm bagay ak de pwason yo.
Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan yon kannòt, li voye yo devan lòt bò lanmè a, nan direksyon Betsayda. Jezi menm te rete dèyè pou l' voye foul moun yo ale.
Li wè disip yo te gen anpil traka pou yo naje zaviwon yo, paske van an te kontrè pou yo. Vè twazè nan maten, Jezi pran mache sou dlo lanmè a pou li al jwenn disip yo. Li te prèt pou depase yo.
Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l' te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.