John 19

Så tog då Pilatus Jesus och lät gissla honom.
Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi, bat li byen bat.
Och krigsmännen vredo samman en krona av törnen och satte den på hans huvud och klädde på honom en purpurfärgad mantel.
Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l' nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li.
Sedan trädde de fram till honom och sade: »Hell dig, du judarnas konung!» och slogo honom på kinden.
Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.
Åter gick Pilatus ut och sade till folket: »Se, jag vill föra honom ut till eder, på det att I mån förstå att jag icke finner honom skyldig till något brott.»
Pilat soti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.
Och Jesus kom då ut, klädd i törnekronan och den purpurfärgade manteln. Och han sade till dem: »Se mannen!»
Se konsa, Jezi soti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: Men nonm lan!
Då nu översteprästerna och rättstjänarna fingo se honom, skriade de: »Korsfäst! Korsfäst!» Pilatus sade till dem: »Tagen I honom, och korsfästen honom; jag finner honom icke skyldig till något brott.»
Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l', yo kòmanse rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Pran l', kloure l' sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m' kondannen l', mwen menm.
Judarna svarade honom: »Vi hava själva en lag, och efter den lagen måste han dö, ty han har gjort sig till Guds Son.»
Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.
När Pilatus hörde dem tala så, blev hans fruktan ännu större.
Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou.
Och han gick åter in i pretoriet och frågade Jesus: »Varifrån är du?» Men Jesus gav honom intet svar.
Li antre nan palè a, li mande Jezi: Ki kote ou soti? Men, Jezi pa reponn li.
Då sade Pilatus till honom: »Svarar du mig icke? Vet du då icke att jag har makt att giva dig lös och makt att korsfästa dig?»
Lè sa a, Pilat di li: Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m' lage ou, mwen gen pouvwa pou m' fè yo kloure ou sou yon kwa?
Jesus svarade honom: »Du hade alls ingen makt över mig, om den icke vore dig given ovanifrån. Därför har den större synd, som har överlämnat mig åt dig.»
Jezi reponn li: Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pa t' Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m' nan men ou lan, li pi koupab pase ou.
Från den stunden sökte Pilatus efter någon utväg att giva honom lös. Men judarna ropade och sade: »Giver du honom lös, så är du icke kejsarens vän. Vemhelst som gör sig till konung, han sätter sig upp mot kejsaren.»
Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l' lage Jezi. Men, jwif yo kòmanse rele: Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye.
När Pilatus hörde de orden, lät han föra ut Jesus och satte sig på domarsätet, på en plats som kallades Litostroton, på hebreiska Gabbata.
Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l': Gabata).
Och det var tillredelsedagen före påsken, vid sjätte timmen. Och han sade till judarna: »Se här är eder konung!»
Se te lavèy fèt Delivrans jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an.
Då skriade de: »Bort med honom! Bort med honom! Korsfäst honom!» Pilatus sade till dem: »Skall jag korsfästa eder konung?» Översteprästerna svarade: »Vi hava ingen annan konung än kejsaren.»
Men, yo kòmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf pret yo reponn li: Nou pa gen lòt wa pase Seza.
Då gjorde han dem till viljes och bjöd att han skulle korsfästas. Och de togo Jesus med sig.
Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale.
Och han bar själv sitt kors och kom så ut till det ställe som kallades Huvudskalleplatsen, på hebreiska Golgata.
Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota).
Där korsfäste de honom, och med honom två andra, en på vardera sidan, och Jesus i mitten.
Rive la, sòlda yo kloure l' sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo.
Men Pilatus lät ock göra en överskrift och sätta upp den på korset; och den lydde så: »Jesus från Nasaret, judarnas konung.»
Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo.
Den överskriften läste många av judarna, ty det ställe där Jesus var korsfäst låg nära staden: och den var avfattad på hebreiska, på latin och på grekiska.
Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk.
Då sade judarnas överstepräster till Pilatus: »Skriv icke: 'Judarnas konung', utan skriv att han har sagt sig vara judarnas konung.»
Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye.
Pilatus svarade: »Vad jag har skrivit, det har jag skrivit.»
Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nèt.
Då nu krigsmännen hade korsfäst Jesus, togo de hans kläder och delade dem i fyra delar, en del åt var krigsman. Också livklädnaden togo de. Men livklädnaden hade inga sömmar, utan var vävd i ett stycke, uppifrån och alltigenom.
Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kou a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a.
Därför sade de till varandra: »Låt oss icke skära sönder den, utan kasta lott om vilken den skall tillhöra.» Ty skriftens ord skulle fullbordas: »De delade mina kläder mellan sig och kastade lott om min klädnad.» Så gjorde nu krigsmännen.
Sòlda yo yonn di lòt: Nou p'ap chire rad sa a non. Ann tire osò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo tire osò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè.
Men vid Jesu kors stodo hans moder och hans moders syster, Maria, Klopas' hustru, och Maria från Magdala.
Bò kwa Jezi a te gen manman l' ak sè manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a.
När Jesus nu fick se sin moder och bredvid henne den lärjunge som han älskade, sade han till sin moder: »Moder, se din son.»
Jezi wè manman l' ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l' konsa: Madanm, men pitit ou.
Sedan sade han till lärjungen: »Se din moder.» Och från den stunden tog lärjungen henne hem till sig.
Li di disip la: Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.
Eftersom nu Jesus visste att allt annat redan var fullbordat, sade han därefter, då ju skriften skulle i allt uppfyllas: »Jag törstar.»
Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf.
Där stod då en kärl som var fullt av ättikvin. Med det vinet fyllde de en svamp, som de satte på en isopsstängel och förde till hans mun.
Te gen yon veso plen venèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan venèg la, yo mare l' nan pwent yon branch bwa yo rele izòp, yo pwoche l', yo mete l' bò bouch Jezi.
Och när Jesus hade tagit emot vinet, sade han: »Det är fullbordat.» Sedan böjde han ned huvudet och gav upp andan.
Lè Jezi fin pran venèg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.
Men eftersom det var tillredelsedag och judarna icke ville att kropparna skulle bliva kvar på korset över sabbaten (det var nämligen en stor sabbatsdag), bådo de Pilatus att han skulle låta sönderslå de korsfästas ben och taga bort kropparna.
Se te lavèy jou repo a. Jwif yo pa t' vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou fè kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lèfini pou l' te fè wete kadav yo.
Så kommo då krigsmännen och slogo sönder den förstes ben och sedan den andres som var korsfäst med honom.
Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou.
När de därefter kommo till Jesus och sågo honom redan vara död, slogo de icke sönder hans ben;
Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gen tan mouri. Se sak fè yo pa t' kraze janm li yo.
men en av krigsmännen stack upp han sida med ett spjut, och strax kom därifrån ut blod och vatten.
Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a.
Och den som har sett detta, han har vittnat därom, för att ock I skolen tro; och hans vittnesbörd är sant, och han vet att han talar sanning.
Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè.
Ty detta skedde, för att skriftens ord skulle fullbordas: »Intet ben skall sönderslås på honom.»
Tou sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò li.
Och åter ett annat skriftens ord lyder så:  »De skola se upp till honom  som de hava stungit.»
Gen yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a.
Men Josef från Arimatea, som var en Jesu lärjunge -- fastän i hemlighet, av fruktan för judarna -- kom därefter och bad Pilatus att få taga Jesu kropp; och Pilatus tillstadde honom det. Då gick han åstad och tog hans kropp.
Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l' pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l' ale.
Och jämväl Nikodemus kom dit, han som första gången hade besökt honom om natten; denne förde med sig en blandning av myrra och aloe, vid pass hundra skålpund.
Nikodèm, nonm ki ta l' jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant lit konsa yon odè yo rele lami melanje ak lalwa nan lwil.
Och de togo Jesu kropp och omlindade den med linnebindlar och lade dit de välluktande kryddorna, såsom judarna hava för sed vid tillredelse till begravning.
Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l' nan bann twal fin yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun.
Men invid det ställe där han hade blivit korsfäst var en örtagård, och i örtagården fanns en ny grav, som ännu ingen hade varit lagd i.
Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pa t' ankò mete pesonn ladan li.
Där lade de nu Jesus, eftersom det var judarnas tillredelsedag och graven låg nära.
Se te lavèy jou repo jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sak fè, se la yo te mete kò Jezi a.