Psalms 77

למנצח על ידיתון לאסף מזמור קולי אל אלהים ואצעקה קולי אל אלהים והאזין אלי׃
Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf.
ביום צרתי אדני דרשתי ידי לילה נגרה ולא תפוג מאנה הנחם נפשי׃
Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.
אזכרה אלהים ואהמיה אשיחה ותתעטף רוחי סלה׃
Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.
אחזת שמרות עיני נפעמתי ולא אדבר׃
Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje!
חשבתי ימים מקדם שנות עולמים׃
Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.
אזכרה נגינתי בלילה עם לבבי אשיחה ויחפש רוחי׃
M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.
הלעולמים יזנח אדני ולא יסיף לרצות עוד׃
Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di:
האפס לנצח חסדו גמר אמר לדר ודר׃
Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò?
השכח חנות אל אם קפץ באף רחמיו סלה׃
Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?
ואמר חלותי היא שנות ימין עליון׃
Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?
אזכיר מעללי יה כי אזכרה מקדם פלאך׃
Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?
והגיתי בכל פעלך ובעלילותיך אשיחה׃
Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.
אלהים בקדש דרכך מי אל גדול כאלהים׃
M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo!
אתה האל עשה פלא הודעת בעמים עזך׃
Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!
גאלת בזרוע עמך בני יעקב ויוסף סלה׃
Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.
ראוך מים אלהים ראוך מים יחילו אף ירגזו תהמות׃
Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.
זרמו מים עבות קול נתנו שחקים אף חצציך יתהלכו׃
Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.
קול רעמך בגלגל האירו ברקים תבל רגזה ותרעש הארץ׃
Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.
בים דרכך ושביליך במים רבים ועקבותיך לא נדעו׃
Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble.
נחית כצאן עמך ביד משה ואהרן׃
Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase. Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.