Psalms 76

למנצח בנגינת מזמור לאסף שיר נודע ביהודה אלהים בישראל גדול שמו׃
Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye.
ויהי בשלם סכו ומעונתו בציון׃
Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl.
שמה שבר רשפי קשת מגן וחרב ומלחמה סלה׃
Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon.
נאור אתה אדיר מהררי טרף׃
Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè.
אשתוללו אבירי לב נמו שנתם ולא מצאו כל אנשי חיל ידיהם׃
Gade jan ou gen pouvwa, Bondye! Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann soti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo!
מגערתך אלהי יעקב נרדם ורכב וסוס׃
Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo.
אתה נורא אתה ומי יעמד לפניך מאז אפך׃
Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt.
משמים השמעת דין ארץ יראה ושקטה׃
Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
בקום למשפט אלהים להושיע כל ענוי ארץ סלה׃
Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè,
כי חמת אדם תודך שארית חמת תחגר׃
lè Bondye leve pou bay santans li, pou l' delivre tout malere y'ap peze sou tè a.
נדרו ושלמו ליהוה אלהיכם כל סביביו יובילו שי למורא׃
Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.
יבצר רוח נגידים נורא למלכי ארץ׃
Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la. Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.