Proverbs 25

Men kèk lòt pwovèb wa Salomon. Se moun nan palè Ezekyas, wa peyi Jida a, ki te kouche yo sou papye.
以下也是所罗门的箴言,是犹大王希西家的人所誊录的。
Bondye konnen lè pou l' kite nou konprann, se sa ki fè pouvwa li. Wa yo toujou ap chache konprann, se sa ki fè moun respekte yo.
将事隐祕乃 神的荣耀;将事察清乃君王的荣耀。
Menm jan ou pa konnen wotè syèl la ak fondè tè a, se konsa tou ou pa ka konnen sa k'ap pase nan tèt yon wa.
天之高,地之厚,君王之心也测不透。
Wete tout vye kras ki nan ajan an. Efèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt.
除去银子的渣滓就有银子出来,银匠能以做器皿。
Wete tout mechan bò kote wa a, gouvènman l' lan ap chita byen chita. p'ap gen lenjistis.
除去王面前的恶人,国位就靠公义坚立。
Pa fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo.
不要在王面前妄自尊大;不要在大人的位上站立。
Pito yo di ou moute pi wo, pase pou yo fè ou bay plas la, pou ou ta wont devan chèf la.
宁可有人说:请你上来,强如在你觐见的王子面前叫你退下。
Sa ou wè ak je ou, pa prese al rapòte l' lajistis. Si apre sa, yon lòt temwen kanpe pou demanti ou, lè sa a kisa ou va fè?
不要冒失出去与人争竞,免得至终被他羞辱,你就不知道怎样行了。
Lè ou gen kont ak yon moun, regle zafè nou san nou pa mete lòt moun ladan li. Pa mete sekrè l' deyò.
你与邻舍争讼,要与他一人辩论,不可洩漏人的密事,
Paske, lè moun konnen ou pa ka kenbe sekrè, y'a fè ou wont. Y'a ba ou move non.
恐怕听见的人骂你,你的臭名就难以脱离。
Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.
一句话说得合宜,就如金苹果在银网子里。
Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou.
智慧人的劝戒,在顺从的人耳中,好像金耳环和精金的妆饰。
Yon komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l' la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouraj mèt li.
忠信的使者叫差他的人心里舒畅,就如在收割时有冰雪的凉气。
Moun ki toujou ap pwomèt san yo pa janm kenbe pwomès yo, se tankou nwaj ak van ki pa janm pote lapli.
空夸赠送礼物的,好像无雨的风云。
Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwen pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w'ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.
恒常忍耐可以劝动君王;柔和的舌头能折断骨头。
Lè ou jwenn siwo myèl, bwè kantite ou ka bwè. Si ou pran twòp, l'a fè kè ou plen, l'a fè ou vonmi.
你得了蜜吗?只可吃够而已,恐怕你过饱就呕吐出来。
Konsa tou, pa al rann vizit twò dri lakay zanmi ou, pou li pa bouke avè ou, pou l' pa rayi ou.
你的脚要少进邻舍的家,恐怕他厌烦你,恨恶你。
Yon moun k'ap mache bay manti sou moun, se tankou yon makak chaplèt, yon nepe, yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou.
作假见证陷害邻舍的,就是大槌,是利刀,是快箭。
Jou malè, si ou mete konfyans ou sou moun trèt, se tankou si ou vle mòde ak dan pouri, osinon kouri sou pye foule.
患难时倚靠不忠诚的人,好像破坏的牙,错骨缝的脚。
Chante mereng pou yon moun ki nan lapenn, se tankou moun ki wete tout rad sou li nan fredi, se tankou si ou prije sitwon sou yon malenng.
对伤心的人唱歌,就如冷天脱衣服,又如碱上倒醋。
Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l' bwè.
你的仇敌若饿了,就给他饭吃;若渴了,就给他水喝;
Lè sa a, w'a fè l' wont anpil. Seyè a va rekonpanse ou.
因为,你这样行就是把炭火堆在他的头上;耶和华也必赏赐你。
Tripotaj fè moun fè kòlè, menm jan nòde bay lapli.
北风生雨,谗谤人的舌头也生怒容。
Pito ou viv pou kont ou nan yon kwen galata pase pou w'ap viv nan yon kay ansanm ak yon fanm k'ap chache kont tout tan.
宁可住在房顶的角上,不在宽阔的房屋与争吵的妇人同住。
Lè ou resevwa yon bon nouvèl ki soti nan peyi Jida, se tankou yon vè dlo fre pou yon moun ki sot moute mòn.
有好消息从远方来,就如拿凉水给口渴的人喝。
Lè yon moun ki mache dwat kite yon mechan pran tèt li, se tankou yon sous dlo moun mache ladan l', se tankou yon pi yo sal.
义人在恶人面前退缩,好像逿浑之泉,弄浊之井。
Twòp siwo myèl pa bon pou lasante. Konsa tou, pa chache pou moun nonmen non ou twòp.
吃蜜过多是不好的;考究自己的荣耀也是可厌的。
Si ou pa kapab kontwole kòlè ou, ou tankou yon lavil san ranpa. Y'ap anvayi l' fasil. Y'ap mete men sou ou fasil.
人不制伏自己的心,好像毁坏的城邑没有墙垣。