Mark 4

Jezi te rekòmanse ap bay mesaj la bò lanmè Galile a ankò. Foul moun ki te sanble bò kote l' la te sitèlman anpil, li te blije moute chita nan yon kannòt ki te sou lanmè a. Tout foul moun yo menm te rete atè sou rivaj la, toupre dlo a.
耶稣又在海边教训人。有许多人到他那里聚集,他只得上船坐下。船在海里,众人都靠近海,站在岸上。
Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l' te moutre yo anpil bagay. Li di yo konsa:
耶稣就用比喻教训他们许多道理。在教训之间,对他们说:
-Koute! Yon nonm soti pou li al simen grenn nan jaden li.
你们听啊!有一个撒种的出去撒种。
Pandan li t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo.
撒的时候,有落在路旁的,飞鸟来吃尽了;
Yon pati tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t' gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske tè a pa t' fon.
有落在土浅石头地上的,土既不深,发苗最快,
Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo. Yo cheche paske rasen yo pa t' fon.
日头出来一晒,因为没有根,就枯干了;
Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo, kifè yo pa t' ka donnen.
有落在荆棘里的,荆棘长起来,把它挤住了,就不结实;
Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100).
又有落在好土里的,就发生长大,结实有三十倍的,有六十倍的,有一百倍的;
Apre sa, Jezi di yo konsa: -Si nou gen zòrèy poun tande, tande.
又说:有耳可听的,就应当听!
Apre Jezi te fin kite gwo foul moun yo dèyè, moun ki te toupre l' yo ansanm ak douz disip li yo di li: -Esplike nou parabòl sa a non.
无人的时候,跟随耶稣的人和十二个门徒问他这比喻的意思。
Li di yo: -Nou menm, nou resevwa sekrè Peyi kote Bondye Wa a; men moun ki deyò yo, yo tande tout bagay an parabòl.
耶稣对他们说: 神国的奥祕只叫你们知道,若是对外人讲,凡事就用比喻,
Konsa Yo mèt gade byen gade, men yo p'ap wè. Yo mèt tande byen tande, men yo p'ap konprann, pou yo pa tounen vin jwenn Bondye, pou Bondye padonnen peche yo.
叫他们看是看见,却不晓得;听是听见,却不明白;恐怕他们回转过来,就得赦免。
Apre sa, Jezi di yo: -Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n'a fè pou nou konprann tout lòt parabòl yo? Koute!
又对他们说:你们不明白这比喻吗?这样怎能明白一切的比喻呢?
Nonm k'ap simen an, se pawòl Bondye a l'ap simen.
撒种之人所撒的就是道。
Gen moun, yo sanble ak tè bò chemen kote pawòl la tonbe a. Kou yo tande l', Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a.
那撒在路旁的,就是人听了道,撒但立刻来,把撒在他心里的道夺了去。
Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan.
那撒在石头地上的,就是人听了道,立刻欢喜领受,
Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.
但他心里没有根,不过是暂时的,及至为道遭了患难,或是受了逼迫,立刻就跌倒了。
Gen lòt moun ankò, yo resevwa grenn yo tankou nan mitan pye pikan: yo tande pawòl la,
还有那撒在荆棘里的,就是人听了道,
men, traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm.
后来有世上的思虑、钱财的迷惑,和别样的私欲进来,把道挤住了,就不能结实。
Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a; yo tande pawòl la, yo resevwa l' epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san (100) pou yonn.
那撒在好地上的,就是人听道,又领受,并且结实,有三十倍的,有六十倍的,有一百倍的。
Apre sa, li di yo ankò: -Yo pa limen yon lanp pou yo mete l' anba yon mamit osinon anba yon kabann, pa vre? Eske se pa sou yon etajè pou yo mete li?
耶稣又对他们说:人拿灯来,岂是要放在斗底下,床底下,不放在灯台上吗?
Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale yon jou. Konsa tou, nanpwen sekrè ki p'ap parèt aklè yon lè.
因为掩藏的事,没有不显出来的;隐瞒的事,没有不露出来的。
Si nou gen zòrèy poun tande, tande.
有耳可听的,就应当听!
Li di yo toujou: -Fè atansyon sa n'ap tande la a. Mezi nou sèvi pou mezire lòt moun, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou, ak tout degi l' sou li.
又说:你们所听的要留心。你们用什么量器量给人,也必用什么量器量给你们,并且要多给你们。
Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' ata ti sa l' te genyen an.
因为有的,还要给他;没有的,连他所有的也要夺去。
Li di yo ankò: -Men ki jan sa ye nan Peyi kote Bondye Wa a. Se tankou yon nonm ki simen grenn nan jaden li.
又说: 神的国如同人把种撒在地上。
Apre sa, lannwit li dòmi, lajounen li leve fè zafè li. San l' pa konnen ki jan pa ki jan, grenn yo pouse, yo grandi.
黑夜睡觉,白日起来,这种就发芽渐长,那人却不晓得如何这样。
Tou sa, paske se tè a menm ki fè plant yo grandi pou yo donnen. Pou kòmanse yo pouse fèy, answit yo pouse flèch, apre sa grenn plen flèch la.
地生五谷是出于自然的:先发苗,后长穗,再后穗上结成饱满的子粒;
Lè grenn yo mi se lè sa a nonm lan mete manchèt ladan l', paske sezon rekòt la rive.
谷既熟了,就用镰刀去割,因为收成的时候到了。
Li di yo ankò: -Kisa m' ta di Peyi kote Bondye Wa a sanble ankò? Ki parabòl mwen ta ban nou pou fè nou konprann sa li ye?
又说: 神的国,我们可用什么比较呢?可用什么比喻表明呢?
Enben, li menm jan ak yon ti grenn moutad. Lè ou simen l', se yon ti grenn tou piti. Se li ki pi piti nan tout grenn ki sou latè.
好像一粒芥菜种,种在地里的时候,虽比地上的百种都小,
Men, lè ou fin simen l', li pran grandi: li depase tout plant menm kalite avè l', li pouse gwo branch. Konsa, zwazo nan syèl la ka fè nich nan lonbraj yo.
但种上以后,就长起来,比各样的菜都大,又长出大枝来,甚至天上的飞鸟可以宿在它的荫下。
Se avèk anpil parabòl konsa li t'ap ba yo mesaj li a. Li te fè l' yon jan pou yo tout te ka konprann li.
耶稣用许多这样的比喻,照他们所能听的,对他们讲道。
Li pa t' louvri bouch li pou l' pa t' rakonte yo yon parabòl. Men, lè l' te pou kont li avèk disip li yo, li te esplike yo tout bagay.
若不用比喻,就不对他们讲;没有人的时候,就把一切的道讲给门徒听。
Menm jou sa a, lè solèy fin kouche, Jezi di disip li yo: -Ann janbe lòt bò lanmè a non.
当那天晚上,耶稣对门徒说:我们渡到那边去吧。
Se konsa disip yo te kite foul moun yo dèyè, yo pati ansanm ak Jezi nan kannòt kote li te chita a. Te gen lòt kannòt tou ki te ale avèk yo.
门徒离开众人,耶稣仍在船上,他们就把他一同带去;也有别的船和他同行。
Yon gwo van vin leve, lanm yo kòmanse antre nan kannòt la. Yon sèl kou a, kannòt la t'ap fin plen dlo.
忽然起了暴风,波浪打入船内,甚至船要满了水。
Jezi menm, lè sa a, te nan dèyè kannòt la. Li t'ap dòmi, tèt li apiye sou yon ti zòrye. Disip li yo souke l', yo di l' konsa: -Mèt, mèt, se mouri n'ap mouri wi! Sa pa di ou anyen?
耶稣在船尾上,枕著枕头睡觉。门徒叫醒了他,说:夫子!我们丧命,你不顾吗?
Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: -Pe la. Li di dlo a: -Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gran kalmi.
耶稣醒了,斥责风,向海说:住了吧!静了吧!风就止住,大大的平静了。
Apre sa, li di yo: -Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou?
耶稣对他们说:为什么胆怯?你们还没有信心么?
Men disip yo te pè anpil anpil, yonn t'ap di lòt konsa: -Ki moun li ye menm, pou jouk van ak dlo lanmè a obeyi li?
他们就大大的惧怕,彼此说:这到底是谁,连风和海也听从他了。