Mark 5

Jezi ak disip li yo rive lòt bò lanmè Galile a, nan peyi Jerazenyen yo.
他们来到海那边格拉森人的地方。
Jezi desann soti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm soti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi.
耶稣一下船,就有一个被污鬼附著的人从坟茔里出来迎著他。
Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pesonn pa t' kapab mare l', pa menm avèk chenn.
那人常住在坟茔里,没有人能捆住他,就是用铁鍊也不能;
Anpil fwa, yo te mete tou de pye l' yo nan yon sep an fè, yo te mare tou de menm l' yo ak yon chenn. Men, chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa t' gen fòs ase pou donte li.
因为人屡次用脚镣和铁鍊捆锁他,铁鍊竟被他挣断了,脚镣也被他弄碎了;总没有人能制伏他。
Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou ti mòn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap matirize kò l' ak kout wòch.
他昼夜常在坟茔里和山中喊叫,又用石头砍自己。
Li te yon bèl distans lè li wè Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li.
他远远的看见耶稣,就跑过去拜他,
Li pran rele byen fò, li di l' konsa: -Kisa m' gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m' soufri.
大声呼叫说:至高 神的儿子耶稣,我与你有什么相干?我指著 神恳求你,不要叫我受苦!
(Li te pale konsa, paske Jezi te pase l' lòd sa a: Move lespri, soti sou nonm lan).
是因耶稣曾吩咐他说:污鬼啊,从这人身上出来吧!
Lè sa a, Jezi mande li: -Ki jan ou rele? Li reponn li: -Yo rele m' Rejiman, paske nou anpil.
耶稣问他说:你名叫什么?回答说:我名叫群,因为我们多的缘故;
Epi li di Jezi: -Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a.
就再三的求耶稣,不要叫他们离开那地方。
Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje.
在那里山坡上,有一大群猪吃食;
Tout move lespri yo pran mande Jezi: -Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non poun antre nan yo.
鬼就央求耶稣说:求你打发我们往猪群里,附著猪去。
Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan.
耶稣准了他们,污鬼就出来,进入猪里去。于是那群猪闯下山崖,投在海里,淹死了。猪的数目约有二千。
Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun soti toupatou vin wè sak te rive.
放猪的就逃跑了,去告诉城里和乡下的人。众人就来,要看是什么事。
Lè yo rive bò kote Jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l', byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè.
他们来到耶稣那里,看见那被鬼附著的人,就是从前被群鬼所附的,坐著,穿上衣服,心里明白过来,他们就害怕。
Moun ki te asiste bagay la mete rakonte lòt yo sa ki te rive nonm ak move lespri a ansanm ak kochon yo.
看见这事的,便将鬼附之人所遇见的和那群猪的事都告诉了众人;
Lè sa a, yo mande Jezi: -Tanpri souple, kite peyi a.
众人就央求耶稣离开他们的境界。
Antan Jezi t'ap moute nan kannòt la, nonm ki te gen move lespri a mande l' pèmisyon pou li ale ave l' tou.
耶稣上船的时候,那从前被鬼附著的人恳求和耶稣同在。
Men Jezi pa t' kite l' ale, li di l' konsa: -Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fè pou ou, kijan li te gen pitye pou ou.
耶稣不许,却对他说:你回家去,到你的亲属那里,将主为你所做的是何等大的事,是怎样怜悯你,都告诉他们。
Nonm lan pati, li ale nan tout rejyon yo rele Dis Vil la. Li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li. Se te yon gwo sezisman pou tout moun ki te tande l' pale.
那人就走了,在低加坡里传扬耶稣为他做了何等大的事,众人就都希奇。
Jezi tounen lòt bò lanmè a. Li annik desann soti nan kannòt la, yon foul moun gen tan sanble bò kote li. Antan li sou rivaj la,
耶稣坐船又渡到那边去,就有许多人到他那里聚集;他正在海边上。
Jayiris, yonn nan chèf sinagòg yo, vin rive. Lè Jayiris wè Jezi, li lage kò l' nan pye li.
有一个管会堂的人,名叫睚鲁,来见耶稣,就俯伏在他脚前,
Li mande Jezi: -Pitit fi m' lan prèt pou mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou l' ka geri. vin ba l' lavi pou mwen.
再三的求他,说:我的小女儿快要死了,求你去按手在他身上,使他痊癒,得以活了。
Jezi pati avèk li. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te kwense l' toupatou.
耶稣就和他同去。有许多人跟随拥挤他。
Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan.
有一个女人,患了十二年的血漏,
Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li; men li pa t' jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li.
在好些医生手里受了许多的苦,又花尽了她所有的,一点也不见好,病势反倒更重了。
Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l' nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li.
她听见耶稣的事,就从后头来,杂在众人中间,摸耶稣的衣裳,
Fanm lan te di nan kè l': Si m' kapab manyen ke rad li sèlman, m'a geri.
意思说:我只摸他的衣裳,就必痊癒。
Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l' gaya.
于是她血漏的源头立刻干了;她便觉得身上的灾病好了。
Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki soti nan li; li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: -Ki moun ki manyen rad mwen an, en?
耶稣顿时心里觉得有能力从自己身上出去,就在众人中间转过来,说:谁摸我的衣裳?
Disip li yo reponn li: -Ou wè jan foul moun yo ap kwense ou, epi w'ap mande: Ki moun ki manyen ou?
门徒对他说:你看众人拥挤你,还说谁摸我吗?
Men Jezi t'ap pwonmennen je l' toupatou pou wè moun ki te fè l' sa a.
耶稣周围观看,要见做这事的女人。
Fanm lan menm ki te konnen sak te rive l' t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l' nan pye Jezi. Li di l' tout verite a.
那女人知道在自己身上所成的事,就恐惧战兢,来俯伏在耶稣跟前,将实情全告诉他。
Jezi di li: -Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.
耶稣对她说:女儿,你的信救了你,平平安安的回去吧!你的灾病痊癒了。
Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje soti kay chèf sinagòg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa.
还说话的时候,有人从管会堂的家里来,说:你的女儿死了,何必还劳动先生呢?
Men Jezi pa t' okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: -Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen.
耶稣听见所说的话,就对管会堂的说:不要怕,只要信!
Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pa t' pèmèt lòt moun swiv li.
于是带著彼得、雅各、和雅各的兄弟约翰同去,不许别人跟随他。
Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye; lòt menm t'ap plede rele.
他们来到管会堂的家里;耶稣看见那里乱嚷,并有人大大的哭泣哀号,
Li antre nan kay la, li di yo konsa: -Men pouki tout bri sa a? Pouki tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi.
进到里面,就对他们说:为什么乱嚷哭泣呢?孩子不是死了,是睡著了。
Yo tonbe pase l' nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout soti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a.
他们就嗤笑耶稣。耶稣把他们都撵出去,就带著孩子的父母,和跟随的人进了孩子所在的地方,
Li pran men li, li di li: -Talita koum. -ki vle di: Ti fi, mwen di ou leve.
就拉著孩子的手,对她说:大利大,古米!繙出来就是说:闺女,我吩咐你起来!
Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa.
那闺女立时起来走。他们就大大的惊奇;闺女已经十二岁了。
Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa t' kite pesonn konn sa. Apre sa, li di yo: -Bay ti fi a manje.
耶稣切切的嘱咐他们,不要叫人知道这事,又吩咐给他东西吃。