Hebrews 10

Lalwa Moyiz la pa t' menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbraj benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt.
律法既是将来美事的影儿,不是本物的真像,总不能借著每年常献一样的祭物叫那近前来的人得以完全。
Si moun ki fè sèvis sa yo pou Bondye te lave tout bon anba peche yo, yo pa ta santi yo koupab okenn peche ankò. Yo ta sispann fè ofrann bèt pou touye.
若不然,献祭的事岂不早已止住了吗?因为礼拜的人,良心既被洁净,就不再觉得有罪了。
Men, okontrè, chak lanne bèt yo touye yo fè moun yo chonje jan yo peche.
但这些祭物是叫人每年想起罪来;
Tou sa, paske san bouk ak san jenn towo bèf p'ap janm ka wete peche moun.
因为公牛和山羊的血,断不能除罪。
Se poutèt sa, lè Kris la tapral vin sou latè, li di Bondye: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou ban m' yon kò.
所以基督到世上来的时候,就说: 神啊,祭物和礼物是你不愿意的;你曾给我预备了身体。
Se pa ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la k'ap fè ou plezi. Ni se pa ofrann bèt yo touye pou wete peche yo k'ap fè ou plezi.
燔祭和赎罪祭是你不喜欢的。
Lè sa a, mwen di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou, jan sa ekri sou mwen nan liv lalwa a.
那时我说: 神啊,我来了,为要照你的旨意行;我的事在经卷上已经记载了。
Premye bagay li di se: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen, ni ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la, ni ofrann bèt yo touye pou wete peche yo: bagay sa yo pa fè ou plezi. Men, tout ofrann bèt sa yo, se yo lalwa Moyiz la mande.
以上说:祭物和礼物,燔祭和赎罪祭,是你不愿意的,也是你不喜欢的(这都是按著律法献的);
Apre sa, li di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou. Konsa, Bondye aboli tout ansyen ofrann bèt yo, li ranplase yo ak ofrann Kris la menm.
后又说:我来了为要照你的旨意行;可见他是除去在先的,为要立定在后的。
Kifè nou netwaye anba peche nou yo, se paske Jezikri te fè tou sa Bondye te vle, li ofri kò pa li bay Bondye yon sèl fwa, epi l' fini.
我们凭这旨意,靠耶稣基督,只一次献上他的身体,就得以成圣。
Pou prèt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fè sèvis yo. Y'ap plede ofri menm sakrifis yo plizyè fwa. Men, sakrifis sa yo p'ap janm ka wete peche.
凡祭司天天站著事奉 神,屡次献上一样的祭物,这祭物永不能除罪。
Men, Kris la pou tèt pa l' fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye.
但基督献了一次永远的赎罪祭,就在 神的右边坐下了。
Koulye a, se la l'ap tann Bondye mete tout lènmi l' yo tankou yon ti ban pou lonje pye li.
从此,等候他仇敌成了他的脚凳。
Konsa, avèk sèl ofrann li fè a, li fè moun li netwaye anba peche yo bon nèt pou tout tan.
因为他一次献祭,便叫那得以成圣的人永远完全。
Se sa Sentespri di nou tou. Paske, lè li fin di:
圣灵也对我们作见证;因为他既已说过:
Men kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo. Se Bondye menm ki di sa. M'a mete lwa m' yo nan kè yo, m'a make lwa m' yo nan lespri yo.
主说:那些日子以后,我与他们所立的约乃是这样:我要将我的律法写在他们心上,又要放在他们的里面。
Apre sa, li di: Mwen p'ap janm chonje ni peche yo, ni sa yo fè ki mal.
以后就说:我不再记念他们的罪愆和他们的过犯。
Konsa, lè Bondye fin padonnen peche yo, pa gen nesesite pou yo fè ofrann ankò pou wete peche.
这些罪过既已赦免,就不用再为罪献祭了。
Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a.
弟兄们,我们既因耶稣的血得以坦然进入至圣所,
Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l' menm.
是借著他给我们开了一条又新又活的路,从幔子经过,这幔子就是他的身体。
Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a.
又有一位大祭司治理 神的家!
Ann pwoche bò kot Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.
并我们心中天良的亏欠已经洒去,身体用清水洗净了,就当存著诚心和充足的信心来到 神面前;
Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.
也要坚守我们所承认的指望,不至摇动,因为那应许我们的是信实的。
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen.
又要彼此相顾,激发爱心,勉励行善。
Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche.
你们不可停止聚会,好像那些停止惯了的人,倒要彼此劝勉,既知道(原文是看见)那日子临近,就更当如此。
Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo.
因为我们得知真道以后,若故意犯罪,赎罪的祭就再没有了;
Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.
惟有战惧等候审判和那烧灭众敌人的烈火。
Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye.
人干犯摩西的律法,凭两三个见证人,尚且不得怜恤而死,
Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman.
何况人践踏 神的儿子,将那使他成圣之约的血当作平常,又亵慢施恩的圣灵,你们想,他要受的刑罚该怎样加重呢!
Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pèp li a.
因为我们知道谁说:伸冤在我,我必报应;又说:主要审判他的百姓。
Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!
落在永生 神的手里,真是可怕的!
Chonje sa ki te rive nou nan tan lontan. Lè sa a, nou te fèk fin resevwa limyè Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la.
你们要追念往日,蒙了光照以后所忍受大争战的各样苦难:
Yon lè, se nou menm yo t'ap joure, yo t'ap maltrete devan tout moun. Yon lòt lè, se nou menm, pou tèt pa nou, ki te al pran pou moun yo t'ap joure yo, pou moun yo t'ap maltrete yo.
一面被毁谤,遭患难,成了戏景,叫众人观看;一面陪伴那些受这样苦难的人。
Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan.
因为你们体恤了那些被捆锁的人,并且你们的家业被人抢去,也甘心忍受,知道自己有更美长存的家业。
Pa pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li.
所以,你们不可丢弃勇敢的心;存这样的心必得大赏赐。
Men, nou bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l' te pwomèt la.
你们必须忍耐,使你们行完了 神的旨意,就可以得著所应许的。
Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Nan yon ti tan ankò, pa gen pou lontan menm, Moun ki gen pou vini an ap vini. Li p'ap pran reta ankò.
因为还有一点点时候,那要来的就来,并不迟延;
Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l' vire do l' tounen fè bak, li p'ap fè kè m' kontan.
只是义人(有古卷:我的义人)必因信得生。他若退后,我心里就不喜欢他。
Nou menm, nou p'ap fè tankou moun sa yo k'ap twenn dèyè, k'ap pèdi tèt yo. N'ap fè tankou moun ki gen fèm konfyans nan Bondye, moun k'ap delivre nanm yo.
我们却不是退后入沉沦的那等人,乃是有信心以致灵魂得救的人。