Psalms 55

למנצח בנגינת משכיל לדוד האזינה אלהים תפלתי ואל תתעלם מתחנתי׃
Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman mizik akòd pou yo jwe mizik la. Se yon chante David.
הקשיבה לי וענני אריד בשיחי ואהימה׃
Bondye, panche zòrèy ou bò kote m'! Koute m' non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou!
מקול אויב מפני עקת רשע כי ימיטו עלי און ובאף ישטמוני׃
Pran ka mwen, koute m', reponn mwen non! Kè m' sere, m'ap plenn!
לבי יחיל בקרבי ואימות מות נפלו עלי׃
Mwen boulvèse lè m' tande lènmi m' yo ap pale, lè m' tande mechan yo ap pale byen fò. Yo fè malè tonbe sou mwen. Yo move sou mwen, y'ap pèsekite m'.
יראה ורעד יבא בי ותכסני פלצות׃
Mwen santi kè m' kase. Sezisman pran m' lè m' wè mwen fin mouri.
ואמר מי יתן לי אבר כיונה אעופה ואשכנה׃
Tout kò m' ap tranble tèlman mwen sezi.
הנה ארחיק נדד אלין במדבר סלה׃
Mwen di konsa: -Pa pito m' te gen zèl tankou yon toutrèl! Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m' pran repo.
אחישה מפלט לי מרוח סעה מסער׃
Mwen ta kouri pati ale byen lwen. Mwen t'aval rete pou kont mwen nan dezè a.
בלע אדני פלג לשונם כי ראיתי חמס וריב בעיר׃
Mwen ta prese jwenn yon kote pou m' kache pou gwo van an, pou gwo lapli a pa fè m' anyen.
יומם ולילה יסובבה על חומתיה ואון ועמל בקרבה׃
Seyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di. Paske, sa m' wè nan lavil la se chen manje chen, yonn ap goumen ak lòt.
הוות בקרבה ולא ימיש מרחבה תך ומרמה׃
Lajounen kou lannwit se sa ase ou tande nan lavil la. Anndan lavil la menm, se mechanste, se malfezans.
כי לא אויב יחרפני ואשא לא משנאי עלי הגדיל ואסתר ממנו׃
Kote ou pase se moun k'ap kraze brize. Nan tout lari se fè moun lenjistis, se twonpe moun.
ואתה אנוש כערכי אלופי ומידעי׃
Si se te yon moun ki rayi m' ki t'ap pale m' mal, mwen ta reziyen m'. Si se te yon moun ki pa vle wè m' ki te leve dèyè mwen, mwen ta kache kò m' pou l' pa jwenn mwen.
אשר יחדו נמתיק סוד בבית אלהים נהלך ברגש׃
Men, se ou menm, kanmarad mwen, yon bon zanmi m' ki te konn tout ti zafè m'.
ישימות עלימו ירדו שאול חיים כי רעות במגורם בקרבם׃
Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo.
אני אל אלהים אקרא ויהוה יושיעני׃
Se pou yo rete konsa, yo tonbe yo mouri. Se pou yo desann tou vivan kote mò yo ye a, paske mechanste a kaye lakay yo, li nan fon kè yo.
ערב ובקר וצהרים אשיחה ואהמה וישמע קולי׃
Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen.
פדה בשלום נפשי מקרב לי כי ברבים היו עמדי׃
Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen.
ישמע אל ויענם וישב קדם סלה אשר אין חליפות למו ולא יראו אלהים׃
L'a fè m' viv ak kè poze, l'a delivre m' nan batay m'ap mennen ak moun ki leve dèyè m' yo. Yo te mèt anpil.
שלח ידיו בשלמיו חלל בריתו׃
Bondye k'ap gouvènen depi tout tan an va koute m', l'a kraze lògèy yo. Paske, yo p'ap janm chanje, yo pa gen krentif pou Bondye.
חלקו מחמאת פיו וקרב לבו רכו דבריו משמן והמה פתחות׃
Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt.
השלך על יהוה יהבך והוא יכלכלך לא יתן לעולם מוט לצדיק׃
Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.
ואתה אלהים תורדם לבאר שחת אנשי דמים ומרמה לא יחצו ימיהם ואני אבטח בך׃
Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe. Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.