Psalms 51

למנצח מזמור לדוד בבוא אליו נתן הנביא כאשר בא אל בת שבע חנני אלהים כחסדך כרב רחמיך מחה פשעי׃
Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a
הרבה כבסני מעוני ומחטאתי טהרני׃
lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba.
כי פשעי אני אדע וחטאתי נגדי תמיד׃
Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib.
לך לבדך חטאתי והרע בעיניך עשיתי למען תצדק בדברך תזכה בשפטך׃
Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan.
הן בעוון חוללתי ובחטא יחמתני אמי׃
Mwen rekonèt sa m' fè a pa bon. Se tout tan peche m' lan devan je m'.
הן אמת חפצת בטחות ובסתם חכמה תודיעני׃
Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.
תחטאני באזוב ואטהר תכבסני ומשלג אלבין׃
Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'.
תשמיעני ששון ושמחה תגלנה עצמות דכית׃
Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non!
הסתר פניך מחטאי וכל עונתי מחה׃
Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton.
לב טהור ברא לי אלהים ורוח נכון חדש בקרבי׃
Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò.
אל תשליכני מלפניך ורוח קדשך אל תקח ממני׃
Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo.
השיבה לי ששון ישעך ורוח נדיבה תסמכני׃
O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
אלמדה פשעים דרכיך וחטאים אליך ישובו׃
Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.
הצילני מדמים אלהים אלהי תשועתי תרנן לשוני צדקתך׃
Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan.
אדני שפתי תפתח ופי יגיד תהלתך׃
Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou.
כי לא תחפץ זבח ואתנה עולה לא תרצה׃
Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè.
זבחי אלהים רוח נשברה לב נשבר ונדכה אלהים לא תבזה׃
Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou.
היטיבה ברצונך את ציון תבנה חומות ירושלם׃
Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo.
אז תחפץ זבחי צדק עולה וכליל אז יעלו על מזבחך פרים׃
Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li. O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo. Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a.