Psalms 34

לדוד בשנותו את טעמו לפני אבימלך ויגרשהו וילך אברכה את יהוה בכל עת תמיד תהלתו בפי׃
Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a.
ביהוה תתהלל נפשי ישמעו ענוים וישמחו׃
Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.
גדלו ליהוה אתי ונרוממה שמו יחדו׃
M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.
דרשתי את יהוה וענני ומכל מגורותי הצילני׃
Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!
הביטו אליו ונהרו ופניהם אל יחפרו׃
Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo.
זה עני קרא ויהוה שמע ומכל צרותיו הושיעו׃
Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont.
חנה מלאך יהוה סביב ליראיו ויחלצם׃
Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.
טעמו וראו כי טוב יהוה אשרי הגבר יחסה בו׃
Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.
יראו את יהוה קדשיו כי אין מחסור ליראיו׃
Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!
כפירים רשו ורעבו ודרשי יהוה לא יחסרו כל טוב׃
Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.
לכו בנים שמעו לי יראת יהוה אלמדכם׃
Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen.
מי האיש החפץ חיים אהב ימים לראות טוב׃
Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.
נצר לשונך מרע ושפתיך מדבר מרמה׃
Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?
סור מרע ועשה טוב בקש שלום ורדפהו׃
Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.
עיני יהוה אל צדיקים ואזניו אל שועתם׃
Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.
פני יהוה בעשי רע להכרית מארץ זכרם׃
Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'.
צעקו ויהוה שמע ומכל צרותם הצילם׃
Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo.
קרוב יהוה לנשברי לב ואת דכאי רוח יושיע׃
Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray.
רבות רעות צדיק ומכלם יצילנו יהוה׃
Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
שמר כל עצמותיו אחת מהנה לא נשברה׃
Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo.
תמותת רשע רעה ושנאי צדיק יאשמו׃
L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze.
פודה יהוה נפש עבדיו ולא יאשמו כל החסים בו׃
Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman. Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.