Job 8

Lè sa a, Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
ויען בלדד השוחי ויאמר׃
-Kilè w'a sispann pale jan w'ap pale a? Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch!
עד אן תמלל אלה ורוח כביר אמרי פיך׃
Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat.
האל יעות משפט ואם שדי יעות צדק׃
Si pitit ou yo te dezobeyi lòd li yo, li fè yo peye sa yo fè a.
אם בניך חטאו לו וישלחם ביד פשעם׃
Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a.
אם אתה תשחר אל אל ואל שדי תתחנן׃
Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen.
אם זך וישר אתה כי עתה יעיר עליך ושלם נות צדקך׃
Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a.
והיה ראשיתך מצער ואחריתך ישגה מאד׃
Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan. Gade sa ki te rive zansèt nou yo.
כי שאל נא לדר רישון וכונן לחקר אבותם׃
Nou menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen. Se pase n'ap pase sou tè a.
כי תמול אנחנו ולא נדע כי צל ימינו עלי ארץ׃
Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay. Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou.
הלא הם יורוך יאמרו לך ומלבם יוצאו מלים׃
Se nan marekay ou jwenn jon. Wozo pa pouse kote ki pa gen dlo.
היגאה גמא בלא בצה ישגה אחו בלי מים׃
Nan tan chechrès, li te mèt tou piti, tou vèt, lè lesèk tonbe, anvan menm yo koupe l', premye zèb ki fennen se li menm.
עדנו באבו לא יקטף ולפני כל חציר ייבש׃
Se menm bagay la tou pou moun ki bliye si gen Bondye. Moun ki vire do bay Bondye p'ap jwenn sa y'ap tann lan.
כן ארחות כל שכחי אל ותקות חנף תאבד׃
Konfyans yo pa chita sou anyen. Se tankou si y'ap apiye sou bwa pouri.
אשר יקוט כסלו ובית עכביש מבטחו׃
Si yo panche sou li, li ale. Si yo kenbe l' fò, y'ap blayi atè ansanm avè l'.
ישען על ביתו ולא יעמד יחזיק בו ולא יקום׃
Mechan yo pouse tankou move zèb nan solèy. Yo pran tout jaden an pou yo.
רטב הוא לפני שמש ועל גנתו ינקתו תצא׃
Rasin yo mache nan mitan tout fant wòch yo. Se la yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv.
על גל שרשיו יסבכו בית אבנים יחזה׃
Rache ou rache yo pa gen moun ki pou konnen kote yo te ye a.
אם יבלענו ממקומו וכחש בו לא ראיתיך׃
Talè konsa, l'ap pouri bò chemen an. Se lòt k'ap pouse nan plas li.
הן הוא משוש דרכו ומעפר אחר יצמחו׃
Non, monchè! Bondye pa janm lage moun ki kenbe pye l' fèm. Ni li pa janm lonje men l' pou l' soutni mechan yo.
הן אל לא ימאס תם ולא יחזיק ביד מרעים׃
L'a fè kè ou kontan ankò, bouch ou pral chante bèl chante pou li.
עד ימלה שחוק פיך ושפתיך תרועה׃
Men, l'ap fè moun ki pa vle wè ou yo wont. Fanmi mechan yo va disparèt.
שנאיך ילבשו בשת ואהל רשעים איננו׃