Apre sa, w'a pote tab la vini, w'a pran tout bagay ki pou sèvi ak tab la, w'a ranje yo sou li byen ranje. W'a fè pote lanp sèt branch lan tou, w'a moute ti lanp yo sou li.
W'a pran lwil yo sèvi pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, w'a voye l' sou tant Bondye a, sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa w'a mete tant lan ak tou sa ki ladan li apa pou mwen. y'a tounen bagay ki apa pou mwen nèt.
W'a voye lwil la tou sou lòtèl pou boule ofrann bèt yo, ak sou tout bagay ki sèvi avè l'. Se konsa w'a mete lòtèl la apa pou mwen, l'a pou mwen nèt ale.
W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi m' prèt. Seremoni sa a va mete yo apa pou yo ka toujou sèvi m' prèt, de pitit an pitit.
Li mete lòtèl pou boule bèt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bèt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lòtèl la ansanm ak lòt ofrann yo, jan Seyè a te ba li lòd fè a.
Lajounen, nwaj Seyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nwaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la.