Psalms 108

Se yon chante David.
שיר מזמור לדוד נכון לבי אלהים אשירה ואזמרה אף כבודי׃
Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen.
עורה הנבל וכנור אעירה שחר׃
M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve!
אודך בעמים יהוה ואזמרך בל אמים׃
Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!
כי גדול מעל שמים חסדך ועד שחקים אמתך׃
Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.
רומה על שמים אלהים ועל כל הארץ כבודך׃
Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!
למען יחלצון ידידיך הושיעה ימינך וענני׃
Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.
אלהים דבר בקדשו אעלזה אחלקה שכם ועמק סכות אמדד׃
Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.
לי גלעד לי מנשה ואפרים מעוז ראשי יהודה מחקקי׃
Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman m' li ye.
מואב סיר רחצי על אדום אשליך נעלי עלי פלשת אתרועע׃
Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan.
מי יבלני עיר מבצר מי נחני עד אדום׃
Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?
הלא אלהים זנחתנו ולא תצא אלהים בצבאתינו׃
Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò?
הבה לנו עזרת מצר ושוא תשועת אדם׃
Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch. Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.
באלהים נעשה חיל והוא יבוס צרינו׃