Psalms 49

Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo.
למנצח לבני קרח מזמור שמעו זאת כל העמים האזינו כל ישבי חלד׃
Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè,
גם בני אדם גם בני איש יחד עשיר ואביון׃
gran kou piti, rich kou pòv.
פי ידבר חכמות והגות לבי תבונות׃
Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m' se bagay ki gen sans.
אטה למשל אזני אפתח בכנור חידתי׃
M'ap louvri zòrèy mwen pou m' tande parabòl la. Mwen pral esplike l' ban nou antan m'ap jwe mizik.
למה אירא בימי רע עון עקבי יסובני׃
Poukisa pou m' ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m' yo sènen m' toupatou ak move lide nan tèt yo?
הבטחים על חילם וברב עשרם יתהללו׃
Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen,
אח לא פדה יפדה איש לא יתן לאלהים כפרו׃
pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo.
ויקר פדיון נפשם וחדל לעולם׃
Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt.
ויחי עוד לנצח לא יראה השחת׃
Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè?
כי יראה חכמים ימותו יחד כסיל ובער יאבדו ועזבו לאחרים חילם׃
Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun.
קרבם בתימו לעולם משכנתם לדר ודר קראו בשמותם עלי אדמות׃
Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo.
ואדם ביקר בל ילין נמשל כבהמות נדמו׃
Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
זה דרכם כסל למו ואחריהם בפיהם ירצו סלה׃
Se konsa y'ap fini, moun ki mete konfyans yo nan pwòp tèt yo. Se sa ki gen pou rive moun k'ap koute pawòl yo tou.
כצאן לשאול שתו מות ירעם וירדו בם ישרים לבקר וצירם לבלות שאול מזבל לו׃
Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete.
אך אלהים יפדה נפשי מיד שאול כי יקחני סלה׃
Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò.
אל תירא כי יעשר איש כי ירבה כבוד ביתו׃
Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li.
כי לא במותו יקח הכל לא ירד אחריו כבודו׃
Lè l' mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè.
כי נפשו בחייו יברך ויודך כי תיטיב לך׃
Li te mèt kontan jan l' t'ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l' ap mache byen,
תבוא עד דור אבותיו עד נצח לא יראו אור׃
yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò. Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
אדם ביקר ולא יבין נמשל כבהמות נדמו׃