John 3

Men der var en Mand af Farisæerne, han hed Nikodemus, en Rådsherre iblandt Jøderne.
Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm ki te fè pati gwoup farizyen yo. Se te yonn nan chèf jwif yo.
Denne kom til ham om Natten og sagde til ham: "Rabbi! vi vide. at du er en Lærer kommen fra Gud; thi ingen kan gøre disse Tegn, som du gør, uden Gud er med ham."
Yon jou lannwit, li vin bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, nou konnen se Bondye ki voye ou moutre nou tout bagay sa yo. Paske, pesonn pa ka fè tout mirak w'ap fè yo si Bondye pa avèk li.
Jesus svarede og sagde til ham: "Sandelig, sandelig, siger jeg dig. uden nogen bliver født på ny, kan han ikke se Guds Rige."
Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.
Nikodemus siger til ham: "Hvorledes kan et Menneske fødes, når han er gammel? Mon han kan anden Gang komme ind i sin Moders Liv og fødes?"
Nikodèm di li: Ki jan yon nonm ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa? Li pa ka tounen nan vant manman l', pou l' fèt yon lòt fwa ankò.
Jesus svarede: "Sandelig, sandelig, siger jeg dig, uden nogen bliver født af Vand og Ånd, kan han ikke komme ind i Guds Rige.
Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri.
Hvad der er født af Kødet, er Kød; og hvad der er født af Ånden, er Ånd.
Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye.
Forundre dig ikke over, at jeg sagde til dig: I må fødes på ny.
Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa.
Vinden blæser, hvorhen den vil, og du hører dens Susen, men du ved ikke, hvorfra den kommer, og hvor den farer hen; således er det med hver den, som er født af Ånden."
Van an soufle kote l' vle. Ou tande bri l'ap fè. Men, ou pa konnen ki bò l' soti, ni ki bò l' prale. Se menm jan an pou tout moun ki fèt nan Lespri Bondye.
Nikodemus svarede og sagde til ham: "Hvorledes kan dette ske?"
Lè sa a Nikodèm di li: Ki jan sa ka fèt menm?
Jesus svarede og sagde til ham: "Er du Israels Lærer og forstår ikke dette?
Jezi reponn li: Ou se yon gwo mèt k'ap moutre pèp Izrayèl la anpil bagay, epi ou pa konn bagay sa yo?
Sandelig, sandelig, siger jeg dig vi tale det, vi vide, og vidne det, vi have set; og I modtage ikke vort Vidnesbyrd.
Sa m'ap di ou la a, se vre wi: mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' te wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a.
Når jeg siger eder de jordiske Ting, og I ikke tro, hvorledes skulle I da tro, når jeg siger eder de himmelske?
Nou pa kwè m' lè m'ap pale nou bagay k'ap pase isit sou latè. Ki jan n'a fè kwè m' lè m'a pale nou bagay k'ap pase nan syèl la?
Og ingen er faren op til Himmelen, uden han, som for ned fra Himmelen, Menneskesønnen, som er i Himmelen.
Pesonn pa janm moute nan syèl la, esepte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann soti nan syèl la.
Og ligesom Moses ophøjede Slangen i Ørkenen, således bør Menneskesønnen ophøjes,
Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou.
for at hver den, som tror, skal have et evigt Liv i ham.
Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an.
Thi således elskede Gud Verden, at han gav sin Søn den enbårne, for at hver den, som tror på ham, ikke skal fortabes, men have et evigt Liv.
Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
Thi Gud sendte ikke sin Søn til Verden, for at han skal dømme Verden, men for at Verden skal frelses ved ham.
Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo.
Den, som tror på ham, dømmes ikke; men den, som ikke tror, er allerede dømt, fordi han ikke har troet på Guds enbårne Søns Navn.
Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a.
Og dette er Dommen, at Lyset er kommet til Verden, og Menneskene elskede Mørket mere end Lyset; thi deres Gerninger vare onde.
Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.
Thi hver den, som øver ondt, hader Lyset og kommer ikke til Lyset, for at hans Gerninger ikke skulle revses.
Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.
Men den, som gør Sandheden, kommer til Lyset, for at hans Gerninger må blive åbenbare; thi de ere gjorte i Gud."
Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.
Derefter kom Jesus og hans Disciple ud i Judæas Land, og han opholdt sig der med dem og døbte.
Apre sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t'ap batize moun.
Men også Johannes døbte i Ænon, nær ved Salem, fordi der var meget Vand der; og man kom derhen og lod sig døbe.
Jan Batis menm t'ap batize moun tou nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te vin jwenn li la pou l' li te batize yo.
Thi Johannes var endnu ikke kastet i Fængsel.
(Lè sa a, yo pa t' ankò mete Jan Batis nan prizon.)
Da opkom der en Strid imellem Johannes's Disciple og en Jøde om Renselse.
De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo.
Og de kom til Johannes og sagde til ham: "Rabbi! han, som var hos dig hinsides Jordan, han, hvem du gav Vidnesbyrd, se, han døber, og alle komme til ham."
Y' ale bò kot Jan, yo di l' konsa: Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize koulye a. Tout moun al jwenn li.
Johannes svarede og sagde: "Et Menneske kan slet intet tage, uden det er ham givet fra Himmelen.
Jan reponn yo: Pesonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li.
I ere selv mine Vidner på, at jeg sagde: Jeg er ikke Kristus, men jeg er udsendt foran ham.
Nou menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m' pran devan li.
Den, som har Bruden, er Brudgom; men Brudgommens Ven, som står og hører på ham, glæder sig meget over Brudgommens Røst. Så er da denne min Glæde bleven fuldkommen.
Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l', l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a.
Han bør vokse, men jeg forringes.
Li fèt pou li vin pi gran, pou mwen menm, mwen vin pi piti toujou.
Den, som kommer ovenfra, er over alle; den, som er af Jorden, er af Jorden og taler af Jorden; den, som kommer fra Himmelen, er over alle.
Moun ki soti anwo a pi gran pase nou tout. Moun ki soti sou latè, se pou latè li ye, l'ap pale nou bagay ki sou latè. Moun ki soti anwo nan syèl la, li pi wo pase nou tout.
Og det, som han har set og hørt, vidner han; og ingen modtager hans Vidnesbyrd.
L'ap di sa l' wè, sa l' tande. Men, pesonn pa asepte mesaj li.
Den, som har modtaget hans Vidnesbyrd, har beseglet, at Gud er sanddru.
Moun ki asepte sa l'ap di a, li rekonèt sa Bondye di a se vre.
Thi han, hvem Gud udsendte, taler Guds Ord; Gud giver nemlig ikke Ånden efter Mål.
Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi.
Faderen elsker Sønnen og har givet alle Ting i hans Hånd.
Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.
Den, som tror på Sønnen, har et evigt Liv; men den, som ikke vil tro Sønnen, skal ikke se Livet, men Guds Vrede bliver over ham."
Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.