Luke 7

耶稣对百姓讲完了这一切的话,就进了迦百农。
Lè Jezi fin pale tout pawòl sa yo ak pèp la, li ale lavil Kapènawòm.
有一个百夫长所宝贵的仆人害病,快要死了。
Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l' malad prèt pou mouri.
百夫长风闻耶稣的事,就托犹太人的几个长老去求耶稣来救他的仆人。
Kaptenn lan tande pale sou Jezi; se konsa li voye kèk chèf fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l' vin geri domestik li a.
他们到了耶稣那里,就切切的求他说:你给他行这事是他所配得的;
Yo rive bò kot Jezi, yo di li: Tanpri, fè sa pou li, li merite li. Paske li renmen pèp nou an.
因为他爱我们的百姓,给我们建造会堂。
Se li ki te bati sinagòg la pou nou.
耶稣就和他们同去。离那家不远,百夫长托几个朋友去见耶稣,对他说:主啊!不要劳动;因你到我舍下,我不敢当。
Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l' konsa: Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen.
我也自以为不配去见你,只要你说一句话,我的仆人就必好了。
Se poutèt sa mwen pa t' kwè m' ase bon pou m' te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri.
因为我在人的权下,也有兵在我以下,对这个说:去!他就去;对那个说:来!他就来;对我的仆人说:你作这事!他就去作。
Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn: Ale! li ale. Lè m' di yon lòt: Vini! li vini. Lè m' di domestik mwen an: Fè sa! li fè li.
耶稣听见这话,就希奇他,转身对跟随的众人说:我告诉你们,这么大的信心,就是在以色列中,我也没有遇见过。
Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la.
那托来的人回到百夫长家里,看见仆人已经好了。
Lè zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri.
过了不多时(有古卷:次日),耶稣往一座城去,这城名叫拿因,他的门徒和极多的人与他同行。
Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t'ap fè wout avè l' ansanm ak yon gwo foul moun.
将近城门,有一个死人被抬出来。这人是他母亲独生的儿子;他母亲又是寡妇。有城里的许多人同著寡妇送殡。
Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li.
主看见那寡妇,就怜悯她,对她说:不要哭!
Lè Jezi wè vèv la, kè l' fè l' mal pou li, li di li: Pa kriye, tande!
于是进前按著杠,抬的人就站住了。耶稣说:少年人,我吩咐你,起来!
Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l' yo ret kanpe. Li di: Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve.
那死人就坐起,并且说话。耶稣便把他交给他母亲。
Epi mò a leve chita, li kòmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li.
众人都惊奇,归荣耀与 神,说:有大先知在我们中间兴起来了!又说: 神眷顾了他的百姓!
Tout moun yo te pè, yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di: Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t'ap di tou: Bondye vin sove pèp li a.
他这事的风声就传遍了犹太和周围地方。
Nouvèl la te gaye nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj la.
约翰的门徒把这些事都告诉约翰。
Patizan Jan Batis yo te rakonte tout bagay sa yo bay Jan Batis.
他便叫了两个门徒来,打发他们到主那里去,说:那将要来的是你吗?还是我们等候别人呢?
Jan rele de ladan yo, li voye yo bò kot Jezi al mande li: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt?
那两个人来到耶稣那里,说:施洗的约翰打发我们来问你:那将要来的是你吗?还是我们等候别人呢?
Lè mesye sa yo rive bò kot Jezi, yo di li: Jan Batis voye nou bò kote ou vin mande ou: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt?
正当那时候,耶稣治好了许多有疾病的,受灾患的,被恶鬼附著的,又开恩叫好些瞎子能看见。
Lè sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap fè anpil avèg wè ankò.
耶稣回答说:你们去,把所看见所听见的事告诉约翰,就是瞎子看见,瘸子行走,长大痲疯的洁净,聋子听见,死人复活,穷人有福音传给他们。
Apre sa, li reponn moun Jan Batis te voye yo konsa: Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun soudè yo tande, moun mouri yo leve, pòv yo tande bon nouvèl la.
凡不因我跌倒的,就有福了!
benediksyon pou moun ki p'ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche.
约翰所差来的人既走了,耶稣就对众人讲论约翰说:你们从前出去到旷野,是要看什么呢?要看风吹动的芦苇么?
Lè moun Jan te voye yo al fè wout yo, Jezi kòmanse pale ak foul moun yo sou Jan Batis. Li di yo konsa: Kisa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van ap balanse? Non.
你们出去,到底是要看什么?要看穿细软衣服的人么?那穿华丽衣服、宴乐度日的人是在王宫里。
Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki abiye ak bèl rad, k'ap viv nan jwisans, se kay wa yo jwenn yo.
你们出去,究竟是要看什么?要看先知么?我告诉你们,是的,他比先知大多了。
Men, manyè di m' kisa nou tal wè? Yon pwofèt? Wi. Mwen menm, mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt.
经上记著说:我要差遣我的使者在你前面预备道路,所说的就是这个人。
Men sa ki te ekri sou Jan Batis: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou, la louvri chemen an devan pou ou.
我告诉你们,凡妇人所生的,没有一个大过约翰的;然而 神国里最小的比他还大。
M'ap di nou sa: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Men, moun ki pi piti nan peyi kote Bondye wa a pi konsekan pase li.
众百姓和税吏既受过约翰的洗,听见这话,就以 神为义;
Tout pèp la ansanm ak pèseptè kontribisyon yo t'ap tande li. Moun sa yo te rekonèt se Bondye ki gen rezon, se pou sa yo te fè Jan Batis batize yo.
但法利赛人和律法师没有受过约翰的洗,竟为自己废弃了 神的旨意。(29,30两节或作:众百姓和税吏听见了约翰的话,就受了他的洗,便以 神为义;但法利赛人和律法师不受约翰的洗,竟为自己废弃了 神的旨意。)
Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo; se sak fè yo pa t' kite Jan Batis batize yo.
主又说:这样,我可用什么比这世代的人呢?他们好像什么呢?
Jezi di yo ankò: Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Ki moun yo sanble menm?
好像孩童坐在街市上,彼此呼叫说:我们向你们吹笛,你们不跳舞;我们向你们举哀,你们不啼哭。
Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik. Yonn ap rele lòt pou di l' konsa: Nou jwe mizik cho pou nou ak fif nou, nou pa danse. Nou chante chante ki tris pou nou, nou pa kriye.
施洗的约翰来,不吃饼,不喝酒,你们说他是被鬼附著的。
Jan Batis vini, li pa manje pen, ni li pa bwè diven, nou di: Li gen yon move lespri sou li.
人子来,也吃也喝,你们说他是贪食好酒的人,是税吏和罪人的朋友。
Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l' konnen; se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye.
但智慧之子都以智慧为是。
Men, tout moun ki asepte bon konprann Bondye a, yo moutre se Bondye nan bon konprann li ki gen rezon.
有一个法利赛人请耶稣和他吃饭;耶稣就到法利赛人家里去坐席。
Yon farizyen te envite Jezi vin manje avè li. Jezi ale lakay farizyen an; li chita bò tab la pou l' manje.
那城里有一个女人,是个罪人,知道耶稣在法利赛人家里坐席,就拿著盛香膏的玉瓶,
Nan lavil sa a, te gen yon fanm movèz vi. Lè fanm lan pran nouvèl Jezi t'ap manje lakay farizyen an, li pote yon ti boutèy fèt an albat plen odè.
站在耶稣背后,挨著他的脚哭,眼泪溼了耶稣的脚,就用自己的头发擦干,又用嘴连连亲他的脚,把香膏抹上。
Li mete kò l' dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap soti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l', li bo yo, epi li vide odè sou yo.
请耶稣的法利赛人看见这事,心里说:这人若是先知,必知道摸他的是谁,是个怎样的女人,乃是个罪人。
Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l': Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l' ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l' lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen.
耶稣对他说:西门!我有句话要对你说。西门说:夫子,请说。
Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l' konsa: Simon, mwen gen kichòy pou m' di ou. Simon reponn li: Mèt, ou mèt pale wi.
耶稣说:一个债主有两个人欠他的债;一个欠五十两银子,一个欠五两银子;
Jezi di li: Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan; premye a te dwe l' senksan (500) goud; lòt la te dwe l' senkant goud.
因为他们无力偿还,债主就开恩免了他们两个人的债。这两个人那一个更爱他呢?
Ni yonn ni lòt pa t' gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l' plis?
西门回答说:我想是那多得恩免的人。耶稣说:你断的不错。
Simon reponn li: Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l' plis la. Jezi di l': Ou byen reponn.
于是转过来向著那女人,便对西门说:你看见这女人吗?我进了你的家,你没有给我水洗脚;但这女人用眼泪溼了我的脚,用头发擦干。
Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m' dlo pou m' lave pye m'; men li menm, li lave pye m' ak dlo ki soti nan je l'. Apre sa, li siye yo ak cheve li.
你没有与我亲嘴;但这女人从我进来的时候就不住的用嘴亲我的脚。
Ou pa te bo m' lè m' t'ap antre lakay ou; men li menm, depi mwen antre se bo l'ap bo pye m'.
你没有用油抹我的头;但这女人用香膏抹我的脚。
Ou pa vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide odè sou pye mwen.
所以我告诉你,他许多的罪都赦免了,因为他的爱多;但那赦免少的,他的爱就少。
Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l' renmen tou.
于是对那女人说:你的罪赦免了。
Apre sa, Jezi di fanm lan: Peche ou yo padonnen.
同席的人心里说:这是什么人,竟赦免人的罪呢?
Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche?
耶稣对那女人说:你的信救了你;平平安安的回去吧!
Men Jezi di fanm lan: Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.