Psalms 9

למנצח עלמות לבן מזמור לדוד אודה יהוה בכל לבי אספרה כל נפלאותיך׃
Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David.
אשמחה ואעלצה בך אזמרה שמך עליון׃
M'a fè lwanj ou ak tout kè m', Seyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.
בשוב אויבי אחור יכשלו ויאבדו מפניך׃
Se ou menm k'ap fè m' chante, se ou menm k'ap fè kè m' kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.
כי עשית משפטי ודיני ישבת לכסא שופט צדק׃
Parèt ou parèt, lènmi m' yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri.
גערת גוים אבדת רשע שמם מחית לעולם ועד׃
Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m' jistis, ou defann kòz mwen.
האויב תמו חרבות לנצח וערים נתשת אבד זכרם המה׃
Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan.
ויהוה לעולם ישב כונן למשפט כסאו׃
Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò.
והוא ישפט תבל בצדק ידין לאמים במישרים׃
Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis.
ויהי יהוה משגב לדך משגב לעתות בצרה׃
Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.
ויבטחו בך יודעי שמך כי לא עזבת דרשיך יהוה׃
Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
זמרו ליהוה ישב ציון הגידו בעמים עלילותיו׃
Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
כי דרש דמים אותם זכר לא שכח צעקת עניים׃
Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.
חננני יהוה ראה עניי משנאי מרוממי משערי מות׃
Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal.
למען אספרה כל תהלתיך בשערי בת ציון אגילה בישועתך׃
Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyè,
טבעו גוים בשחת עשו ברשת זו טמנו נלכדה רגלם׃
pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.
נודע יהוה משפט עשה בפעל כפיו נוקש רשע הגיון סלה׃
Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.
ישובו רשעים לשאולה כל גוים שכחי אלהים׃
Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.
כי לא לנצח ישכח אביון תקות ענוים תאבד לעד׃
Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.
קומה יהוה אל יעז אנוש ישפטו גוים על פניך׃
Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.
שיתה יהוה מורה להם ידעו גוים אנוש המה סלה׃
Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou. Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.