Isaiah 32

הן לצדק ימלך מלך ולשרים למשפט ישרו׃
Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt.
והיה איש כמחבא רוח וסתר זרם כפלגי מים בציון כצל סלע כבד בארץ עיפה׃
Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo.
ולא תשעינה עיני ראים ואזני שמעים תקשבנה׃
Je tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a.
ולבב נמהרים יבין לדעת ולשון עלגים תמהר לדבר צחות׃
Moun kè cho yo va pran san yo pou yo konprann anvan yo aji. Moun bege yo pral pale byen klè pou tout moun konprann.
לא יקרא עוד לנבל נדיב ולכילי לא יאמר שוע׃
P'ap gen moun k'ap asepte pran moun sòt pou moun debyen, ni bakoulou pou bon moun.
כי נבל נבלה ידבר ולבו יעשה און לעשות חנף ולדבר אל יהוה תועה להריק נפש רעב ומשקה צמא יחסיר׃
Moun sòt yo ap plede di yon bann vye koze san sans. Y'ap fè move lide nan tèt yo. Konsa, y'ap fè bagay Bondye pa vle moun fè, y'ap bay manti sou Bondye. Yo p'ap janm bay moun ki grangou yon ti manje, yo p'ap janm bay moun ki swaf dlo yon ti gout dlo pou yo bwè.
וכלי כליו רעים הוא זמות יעץ לחבל ענוים באמרי שקר ובדבר אביון משפט׃
Bakoulou, se koken k'ap fè mechanste. L'ap fè move plan nan tèt li pou l' woule pòv malere yo anba manti, pou l' enpoze endijan yo jwenn jistis.
ונדיב נדיבות יעץ והוא על נדיבות יקום׃
Men, bon moun, se toujou sa ki byen l'ap chache fè, li p'ap janm fè anyen ki pa sa.
נשים שאננות קמנה שמענה קולי בנות בטחות האזנה אמרתי׃
Nou menm medam k'ap viv alèz yo, leve non. Koute sa m'ap di! Nou menm medam ki san pwoblèm yo, louvri zòrèy nou tande sa m'ap di:
ימים על שנה תרגזנה בטחות כי כלה בציר אסף בלי יבוא׃
Bann paresèz, nan ennan ankò, nou pral nan kont traka nou, paske p'ap gen rezen pou nou keyi, p'ap gen rekòt rezen k'ap fèt.
חרדו שאננות רגזה בטחות פשטה וערה וחגורה על חלצים׃
Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon,
על שדים ספדים על שדי חמד על גפן פריה׃
paske nou pral nan lapenn lè n'a chonje bèl jaden ak bèl grap rezen nou yo, lè n'a wè se pikan ak raje k'ap pouse nan tout jaden pèp mwen an.
על אדמת עמי קוץ שמיר תעלה כי על כל בתי משוש קריה עליזה׃
Nou pral kriye lè n'a chonje tout kay kote moun yo te konn gen kè kontan nan lavil ki te gen anpil aktivite a.
כי ארמון נטש המון עיר עזב עפל ובחן היה בעד מערות עד עולם משוש פראים מרעה עדרים׃
Kay wa a ap rete san pesonn ladan l'. Tout moun pral kouri kite kapital la. Bit mòn Ofèl la ak fò ki t'ap pwoteje l' la pral tounen savann pou tout tan. Se la bourik mawon pral pran plezi yo, se la kabrit ak mouton pral chache manje.
עד יערה עלינו רוח ממרום והיה מדבר לכרמל וכרמל ליער יחשב׃
Men, Bondye gen pou l' voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
ושכן במדבר משפט וצדקה בכרמל תשב׃
Toupatou nan peyi a, nan dezè a kou nan jaden yo, p'ap gen lenjistis, ni patipri.
והיה מעשה הצדקה שלום ועבדת הצדקה השקט ובטח עד עולם׃
Paske tout moun ap fè sa ki dwat, y'a viv ak kè poze, san danje ni malè pou tout tan.
וישב עמי בנוה שלום ובמשכנות מבטחים ובמנוחת שאננות׃
Pèp Bondye a va rete lakay yo ak kè poze, san danje. Yo p'ap gen pwoblèm.
וברד ברדת היער ובשפלה תשפל העיר׃
Men lagrèl pral tonbe sou gwo rakbwa a. Yo pral kraze lavil la.
אשריכם זרעי על כל מים משלחי רגל השור והחמור׃
Ala kontan n'a kontan jwenn kont dlo nou pou fè jaden! Lè sa a, nou p'ap bezwen mete bèf ak bourik nou yo nan kòd ankò!