Luke 11

Yon lè, Jezi t'ap lapriyè yon kote. Lè l' fin lapriyè, yonn nan disip li yo di li: Mèt, moutre nou lapriyè tankou Jan te moutre patizan li yo.
耶稣在一个地方祷告;祷告完了,有个门徒对他说:求主教导我们祷告,像约翰教导他的门徒。
Jezi di yo: Lè n'ap lapriyè, men sa pou n' di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. vin tabli gouvènman ou lan.
耶稣说:你们祷告的时候,要说:我们在天上的父(有古卷只作:父啊):愿人都尊你的名为圣。愿你的国降临;愿你的旨意行在地上,如同行在天上(有古卷无愿你的旨意云云)。
Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an.
我们日用的饮食,天天赐给我们。
Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon.
赦免我们的罪,因为我们也赦免凡亏欠我们的人。不叫我们遇见试探;救我们脱离凶恶(有古卷无末句)。
Jezi di yo ankò: Sipoze yonn nan nou ta gen yon zanmi, li al jwenn zanmi an nan mitan lannwit pou l' di li: Zanmi, prete m' twa biswit.
耶稣又说:你们中间谁有一个朋友半夜到他那里去,说:朋友!请借给我三个饼;
Mwen gen yon zanmi ki sot nan vwayaj ki fèk rive lakay mwen. Mwen pa gen anyen pou m' ba li.
因为我有一个朋友行路,来到我这里,我没有什么给他摆上。
Sipoze nonm lan rete anndan lakay li, li reponn li: Kite m' an repo! Pòt la gen tan fèmen akle, ni mwen ni timoun yo, nou tout kouche deja. Mwen pa kapab leve pou m' ba ou biswit yo.
那人在里面回答说:不要搅扰我,门已经关闭,孩子们也同我在床上了,我不能起来给你。
M'ap di nou sa: Menm si li pa ta leve pou l' ba li biswit yo paske li se zanmi l', li gen pou l' leve pou l' ba li tou sa li bezwen, si zanmi an pa wont kontinye mande li.
我告诉你们,虽不因他是朋友起来给他,但因他情词迫切的直求,就必起来照他所需用的给他。
Mwen menm mwen di nou: Mande, y'a ban nou, chache n'a jwenn, frape y'a louvri pou nou.
我又告诉你们,你们祈求,就给你们;寻找,就寻见;叩门,就给你们开门。
Paske, nenpòt moun ki mande, la resevwa; moun ki chache, la jwenn; y'a louvri pou moun k'ap frape.
因为,凡祈求的,就得著;寻找的,就寻见;叩门的,就给他开门。
Eske yonn nan nou ki papa pitit ta bay pitit li yon koulèv si pitit la mande l' yon pwason?
你们中间作父亲的,谁有儿子求饼,反给他石头呢?求鱼,反拿蛇当鱼给他呢?
Osinon, èske la ba li yon èskòpyon si li mande l' yon ze?
求鸡蛋,反给他蠍子呢?
Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li.
你们虽然不好,尚且知道拿好东西给儿女;何况天父,岂不更将圣灵给求他的人吗?
Jezi t'ap chase yon move lespri ki te rann yon nonm bèbè. Lè move lespri a soti, bèbè a pale. Foul moun yo menm te rete men nan bouch.
耶稣赶出一个叫人哑巴的鬼,鬼出去了,哑巴就说出话来;众人都希奇。
Men, gen kèk moun ki t'ap di: Se Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ki ba l' pouvwa chase move lespri yo.
内中却有人说:他是靠著鬼王别西卜赶鬼。
Gen lòt ki te vle pran l' nan pèlen: yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' pouvwa sa a.
又有人试探耶稣,向他求从天上来的神迹。
Jezi menm te konnen sak te nan lide yo. Li di yo konsa: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', kote moun ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou disparèt; menm kay yo gen pou tonbe yonn sou lòt.
他晓得他们的意念,便对他们说:凡一国自相纷争,就成为荒场;凡一家自相纷争,就必败落。
Konsa tou, si Satan ap konbat pwòp tèt li, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Nou di se Bèlzeboul ki ban m' pouvwa chase move lespri yo.
若撒但自相纷争,他的国怎能站得住呢?因为你们说我是靠著别西卜赶鬼。
Si mwen menm mwen chase move lespri ak pouvwa Bèlzeboul, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo chase move lespri yo? Se poutèt sa se yo menm k'ap ban nou tò.
我若靠著别西卜赶鬼,你们的子弟赶鬼又靠著谁呢?这样,他们就要断定你们的是非。
Non. Se avèk pouvwa Bondye mwen chase move lespri yo; sa vle di: Pouvwa gouvènman Bondye ki Wa a gen tan rive sou nou.
我若靠著 神的能力赶鬼,这就是 神的国临到你们了。
Lè yon nonm vanyan ap veye kay li, zam li nan men l', tout byen l' yo byen pwoteje.
壮士披挂整齐,看守自己的住宅,他所有的都平安无事;
Men, si yon pi vanyan pase l' vin rive, l'ap bat li, l'ap wete zam ki te ba l' fòs yo nan men l', l'ap piye tou sa l' te genyen an l'ap separe ak lòt.
但有一个比他更壮的来,胜过他,就夺去他所倚靠的盔甲兵器,又分了他的赃。
Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye; moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye.
不与我相合的,就是敌我的;不同我收聚的,就是分散的。
Lè yon move lespri soti nan yon nonm, li al pwonmennen toupatou nan dezè, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Si l' pa jwenn, l'ap di nan kè li: m'ap tounen lakay mwen kote m' soti a.
污鬼离了人身,就在无水之地过来过去,寻求安歇之处;既寻不著,便说:我要回到我所出来的屋里去。
Lè l' rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay byen bale, byen ranje.
到了,就看见里面打扫干净,修饰好了,
Lè sa a, li al chache sèt lòt lespri ki pi move pase li; yo antre nan kay la, yo enstale yo. Konsa, kondisyon nonm lan vin pi mal pase jan l' te ye anvan an.
便去另带了七个比自己更恶的鬼来,都进去住在那里。那人末后的景况比先前更不好了。
Pandan Jezi t'ap pale konsa, yon fanm pran pale byen fò nan mitan foul la, epi l' di: Fanm ki te pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni!
耶稣正说这话的时候,众人中间有一个女人大声说:怀你胎的和乳养你的有福了!
Jezi reponn li: Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l' an pratik, se yo menm Bondye beni.
耶稣说:是,却还不如听 神之道而遵守的人有福。
Anpil moun t'ap vin an kantite bò kot Jezi. Li pran di yo: Ala move moun se moun alèkile yo! Y'ap mande yon mirak ki pou fè yo wè Bondye dakò ak sa k'ap fèt la. Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la.
当众人聚集的时候,耶稣开讲说:这世代是一个邪恶的世代。他们求看神迹,除了约拿的神迹以外,再没有神迹给他们看。
Menm jan Jonas te yon avètisman pou moun lavil Niniv yo, se konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a va yon avètisman pou moun alèkile yo.
约拿怎样为尼尼微人成了神迹,人子也要照样为这世代的人成了神迹。
Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l' te vin tande pawòl bon konprann wa Salomon yo. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase wa Salomon.
当审判的时候,南方的女王要起来定这世代的罪;因为她从地极而来,要听所罗门的智慧话。看哪!在这里有一人比所罗门更大。
Jou jijman an tou, moun lavil Niniv va leve kanpe y'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye, lè Jonas te fè yo konnen mesaj la. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.
当审判的时候,尼尼微人要起来定这世代的罪,因为尼尼微人听了约拿所传的就悔改了。看哪!在这里有一人比约拿更大。
Pa gen moun ki pou kache yon lanp nan yon kwen osinon ki pou mete l' anba yon mamit lè l' fin limen li. Okontrè, l'ap mete l' sou yon etajè pou tout moun k'ap antre ka wè limyè a.
没有人点灯放在地窨子里,或是斗底下,总是放在灯台上,使进来的人得见亮光。
Je ou se tankou yon lanp yo ye pou kò ou. Si je ou an bon eta, tout kò ou nan limyè. Men, si je ou an move eta, tout kò ou nan fènwa.
你眼睛就是身上的灯。你的眼睛若了亮,全身就光明;眼睛若昏花,全身就黑暗。
Fè sèten pou limyè ki anndan ou lan pa fènwa.
所以,你要省察,恐怕你里头的光或者黑暗了。
Paske si tout kò ou nan limyè san yon sèl pati ladan l' pa nan fènwa, la klere nèt tankou lè yon lanp klere ou ak bèl limyè li.
若是你全身光明,毫无黑暗,就必全然光明,如同灯的明光照亮你。
Lè Jezi fin pale, yon farizyen envite l' vin manje lakay li. Jezi antre, li al chita bò tab la.
说话的时候,有一个法利赛人请耶稣同他吃饭,耶稣就进去坐席。
Farizyen an te sezi lè l' wè Jezi pa t' lave men l' anvan l' manje.
这法利赛人看见耶稣饭前不洗手便诧异。
Men, Jezi di li: Nou menm farizyen, se konsa nou ye. Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la, men anndan kè nou se lide vòlò ak mechanste ase ki genyen.
主对他说:如今你们法利赛人洗净杯盘的外面,你们里面却满了勒索和邪恶。
Bann egare! Bondye ki fè deyò a, se li menm ki fè anndan an tou.
无知的人哪,造外面的,不也造里面吗?
Pito nou bay pòv tou sa ki nan gode nou yo ak nan plat nou yo. Lè sa a, anyen nan tou sa nou genyen p'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye.
只要把里面的施舍给人,凡物于你们就都洁净了。
Malè pou nou, farizyen! Nou bay Bondye ladim nan donn ti pye mant, pye sitwon ak pye legim. Men, nou pa fè sa ki dwat devan Bondye, nou pa renmen Bondye. Okontrè, se sa pou n' te fè san nou pa bliye fè lòt bagay yo tou.
你们法利赛人有祸了!因为你们将薄荷、芸香并各样菜蔬献上十分之一,那公义和爱 神的事反倒不行了。这原是你们当行的;那也是不可不行的。
Malè pou nou, farizyen! Nan sinagòg yo, nou renmen chita kote pou tout moun wè nou, nou renmen pou moun bese jouk atè pou di nou bonjou sou plas piblik.
你们法利赛人有祸了!因为你们喜爱会堂里的首位,又喜爱人在街市上问你们的安。
Malè pou nou! Paske, nou tankou tonm ki ra tè: moun ap mache sou yo san yo pa konnen.
你们有祸了!因为你们如同不显露的坟墓,走在上面的人并不知道。
Yonn nan dirèktè lalwa yo pran lapawòl, li di Jezi konsa: Mèt, lè ou pale konsa, ou joure nou tou wi.
律法师中有一个回答耶稣说:夫子!你这样说也把我们糟蹋了。
Epi Jezi reponn li: Malè pou nou tou, nou menm dirèktè lalwa yo! N'ap chaje moun ak chay ki twò lou pou pote. Men nou menm, nou pa menm manyen l' ak ti dwèt nou.
耶稣说:你们律法师也有祸了!因为你们把难担的担子放在人身上,自己一个指头却不肯动。
Malè pou nou! N'ap bati bèl tonm pou pwofèt zansèt nou yo te touye.
你们有祸了!因为你们修造先知的坟墓,那先知正是你们的祖宗所杀的。
Lè nou fè sa, nou admèt zansèt nou yo te byen fèt; nou dakò ak yo: yo menm yo te touye pwofèt yo, nou menm n'ap bati tonm pou yo.
可见你们祖宗所作的事,你们又证明又喜欢;因为他们杀了先知,你们修造先知的坟墓。
Se poutèt sa Bondye te di nan bon konprann li: M'ap voye pwofèt avèk apòt ba yo; y'a touye kèk ladan yo, y'a pèsekite lòt yo.
所以, 神用智慧(用智慧:或作的智者)曾说:我要差遣先知和使徒到他们那里去,有的他们要杀害,有的他们要逼迫,
Se konsa moun alèkile yo ap reskonsab pou san tout pwofèt ki te koule depi lè Bondye te fin kreye latè;
使创世以来所流众先知血的罪都要问在这世代的人身上,
wi, depi san Abèl jouk san Zakari yo te touye ant lotèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan. Wi. Se mwen k'ap di nou sa: Y'a mande moun alèkile yo kont pou tout krim sa yo.
就是从亚伯的血起,直到被杀在坛和殿中间撒迦利亚的血为止。我实在告诉你们,这都要问在这世代的人身上。
Malè pou nou, nou menm direktè lalwa yo! Nou pran kle ki pou louvri pòt kay konesans la: nou menm nou pa antre ladann, epi moun ki ta vle antre, nou anpeche yo antre.
你们律法师有祸了!因为你们把知识的钥匙夺了去,自己不进去,正要进去的人你们也阻挡他们。
Lè Jezi kite kote l' te ye a, dirèktè lalwa yo ak farizyen yo kòmanse atake l' avèk fòs; yo t'ap poze l' keksyon sou anpil bagay.
耶稣从那里出来,文士和法利赛人就极力的催逼他,引动他多说话,
Yo t'ap pare pèlen pou li pou pran kèk pawòl nan bouch li.
私下窥听,要拿他的话柄。