Luke 10

Apre sa, Seyè a chwazi swasanndis lòt disip; li voye yo devan l' de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l' ale.
这事以后,主又设立七十个人,差遣他们两个两个的在他前面,往自己所要到的各城各地方去,
Li di yo: Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l' voye travayè nan jaden l' lan.
就对他们说:要收的庄稼多,作工的人少。所以,你们当求庄稼的主打发工人出去收他的庄稼。
Ale: m'ap voye nou tankou ti mouton nan mitan chen mawon.
你们去吧!我差你们出去,如同羊羔进入狼群。
Pa pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di pesonn bonjou nan chemen an.
不要带钱囊,不要带口袋,不要带鞋;在路上也不要问人的安。
Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: benediksyon pou tout moun ki nan kay la.
无论进那一家,先要说:愿这一家平安。
Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li; si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou.
那里若有当得平安的人(当得平安的人:原文是平安之子),你们所求的平安就必临到那家;不然,就归与你们了。
Rete nan kay sa a; manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l' lajan travay li. Pa soti nan yon kay pou al rete nan yon lòt.
你们要住在那家,吃喝他们所供给的,因为工人得工价是应当的;不要从这家搬到那家。
Lè nou antre man yon lavil, si yo resevwa nou, manje sa y'a mete devan nou.
无论进那一城,人若接待你们,给你们摆上什么,你们就吃什么。
Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvènman Bondye a rive toupre nou.
要医治那城里的病人,对他们说: 神的国临近你们了。
Men, lè nou antre nan yon lavil, si yo pa resevwa nou, mache nan tout lari, di yo konsa:
无论进那一城,人若不接待你们,你们就到街上去,
Men n'ap souke pousyè lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansèlman, konnen byen: Gouvènman Bondye a te rive toupre nou.
说:就是你们城里的尘土黏在我们的脚上,我们也当著你们擦去。虽然如此,你们该知道 神的国临近了。
M'ap di nou sa: Jou jijman an, y'ap peni lavil sa a pi rèd pase lavil Sodòm.
我告诉你们,当审判的日子,所多玛所受的,比那城还容易受呢!
Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se te nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta chita atè, yo ta mete rad sak sou yo, yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye.
哥拉汛哪,你有祸了!伯赛大啊,你有祸了!因为在你们中间所行的异能若行在泰尔、西顿,他们早已披麻蒙灰,坐在地上悔改了。
Se poutèt sa, jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon.
当审判的日子,泰尔、西顿所受的,比你们还容易受呢!
Nou menm, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la; enben y'ap bese nou desann jouk anba kote mò yo ye a.
迦百农啊,你已经升到天上(或作:你将要升到天上吗),将来必推下阴间。
Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse.
又对门徒说:听从你们的就是听从我;弃绝你们的就是弃绝我;弃绝我的就是弃绝那差我来的。
Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo.
那七十个人欢欢喜喜的回来,说:主啊!因你的名,就是鬼也服了我们。
Jezi di yo: Mwen te wè Satan ap tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè.
耶稣对他们说:我曾看见撒但从天上坠落,像闪电一样。
Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.
我已经给你们权柄可以践踏蛇和蠍子,又胜过仇敌一切的能力,断没有什么能害你们。
Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n' kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.
然而,不要因鬼服了你们就欢喜,要因你们的名记录在天上欢喜。
Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
正当那时,耶稣被圣灵感动就欢乐,说:父啊,天地的主,我感谢你!因为你将这些事向聪明通达人就藏起来,向婴孩就显出来。父啊!是的,因为你的美意本是如此。
Papa m' renmèt tout bagay nan men mwen. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a; pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, eseptè Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
一切所有的都是我父交付我的;除了父,没有人知道子是谁;除了子和子所愿意指示的,没有人知道父是谁。
Apre sa, Jezi vire bò disip li yo, li rele yo apa, li di yo: benediksyon pou nou k'ap wè sa n'ap wè a.
耶稣转身暗暗的对门徒说:看见你们所看见的,那眼睛就有福了。
Paske, m'ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li.
我告诉你们,从前有许多先知和君王要看你们所看的,却没有看见,要听你们所听的,却没有听见。
Yon dirèktè lalwa vin rive. Pou l' pran Jezi nan pèlen li di l' konsa: Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?
有一个律法师起来试探耶稣,说:夫子!我该作什么才可以承受永生?
Jezi di li: Kisa ki ekri nan lalwa? Ki jan ou konprann li?
耶稣对他说:律法上写的是什么?你念的是怎样呢?
Nonm lan reponn: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouraj ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
他回答说:「你要尽心、尽性、尽力、尽意爱主─你的 神;又要爱邻舍如同自己。」
Jezi di li: Ou byen reponn. Si ou fè sa, wa gen lavi.
耶稣说:「你回答的是;你这样行,就必得永生。」
Men, dirèktè lalwa a te vle bay tèt li rezon, kifè li mande Jezi: Ki moun ki frè parèy mwen?
那人要显明自己有理,就对耶稣说:谁是我的邻舍呢?
Jezi reponn li konsa: Vwala, yon nonm t'ap desann soti Jerizalèm, li tapral Jeriko. Kèk ansasen atake l', yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (3/4) mò.
耶稣回答说:有一个人从耶路撒冷下耶利哥去,落在强盗手中。他们剥去他的衣裳,把他打个半死,就丢下他走了。
Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li.
偶然有一个祭司从这条路下来,看见他就从那边过去了。
Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li.
又有一个利未人来到这地方,看见他,也照样从那边过去了。
Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan; kè l' fè l' mal lè li wè nonm lan.
惟有一个撒马利亚人行路来到那里,看见他就动了慈心,
Li pwoche kote l', li vide lwil ak diven sou blese l' yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l' nan yon lotèl kote li pran swen li.
上前用油和酒倒在他的伤处,包裹好了,扶他骑上自己的牲口,带到店里去照应他。
Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m' tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.
第二天拿出二钱银子来,交给店主,说:你且照应他;此外所费用的,我回来必还你。
Apre sa, Jezi di nonm lan: Dapre ou, nan twa moun sa yo, kilès ki te moutre li se frè parèy nonm ki te tonbe nan men ansasen yo?
你想,这三个人那一个是落在强盗手中的邻舍呢?
Dirèktè lalwa a reponn: Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: Ale, fè menm bagay la tou.
他说:是怜悯他的。耶稣说:你去照样行吧。
Jezi al fè wout li ansanm ak disip li yo. Li antre nan yon ti bouk kote yon fanm yo rele Mat resevwa l' lakay li.
他们走路的时候,耶稣进了一个村庄。有一个女人,名叫马大,接他到自己家里。
Mat sa a te gen yon sè yo rele Mari. Mari te chita nan pye mèt la, li t'ap koute pawòl li yo.
他有一个妹子,名叫马利亚,在耶稣脚前坐著听他的道。
Mat menm t'ap fatige kò l' ak tout travay ki te pou fèt nan kay la. Lè sa a, li vini, li di: Mèt, sa pa fè ou anyen pou ou wè sè m' lan kite m' ap fè tout travay la pou kont mwen? Manyè di l' ede m' non.
马大伺候的事多,心里忙乱,就进前来,说:主啊,我的妹子留下我一个人伺候,你不在意吗?请吩咐她来帮助我。
Jezi reponn li: Mat, Mat. W'ap trakase tèt ou, w'ap bat kò ou pou yon bann bagay.
耶稣回答说:马大!马大!你为许多的事思虑烦扰,
Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se li Mari chwazi, yo p'ap janm wete l' nan men li.
但是不可少的只有一件;马利亚已经选择那上好的福分,是不能夺去的。