Acts 16

Apre sa, Pòl ale lavil Dèb epi l' rive lavil List. Nan List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l' te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l' te yon moun peyi Lagrès.
保罗来到特庇,又到路司得。在那里有一个门徒,名叫提摩太,是信主之犹太妇人的儿子,他父亲却是希腊人。
Frè ki t'ap viv nan List ak Ikoniòm yo te bay bon rapò pou Timote.
路司得和以哥念的弟兄都称讚他。
Pòl te vle mennen l' avèk li. Li pran l', li sikonsi l' paske tout jwif ki te nan peyi a te konnen papa Timote te grèk.
保罗要带他同去,只因那些地方的犹太人都知道他父亲是希腊人,就给他行了割礼。
Nan tout lavil kote yo pase yo te mete disip yo an konesans desizyon apòt yo ak ansyen yo te pran lavil Jerizalèm, yo t'ap mande yo pou yo te soumèt devan desizyon an.
他们经过各城,把耶路撒冷使徒和长老所定的条规交给门徒遵守。
Tout legliz yo t'ap vin pi fèm nan lafwa, chak jou yo t'ap gen plis moun toujou.
于是众教会信心越发坚固,人数天天加增。
Sentespri pa t' kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sak fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete.
圣灵既然禁止他们在亚细亚讲道,他们就经过弗吕家、加拉太一带地方。
Lè yo rive toupre lavil Mizi, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi a pa t' pèmèt yo fè sa.
到了每西亚的边界,他们想要往庇推尼去,耶稣的灵却不许。
Yo pase nan Mizi san rete, yo desann lavil Twoas.
他们就越过每西亚,下到特罗亚去。
Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te soti peyi Masedwan kanpe devan l' ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedwan, vin pote nou sekou.
在夜间有异象现与保罗。有一个马其顿人站著求他说:请你过到马其顿来帮助我们。
Apre Pòl te fè vizyon sa a, lamenm nou chache pou n' ale peyi Masedwan. Nou te sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n' te al pote bon nouvèl la bay moun ki nan peyi sa a.
保罗既看见这异象,我们随即想要往马其顿去,以为 神召我们传福音给那里的人听。
Nou pran batiman lavil Twoas, nou fè vwal tou dwat pou lil Samotras. Apre yon jou, nou rive lavil Neapolis.
于是从特罗亚开船,一直行到撒摩特喇,第二天到了尼亚坡里。
Antan nou la, n' al lavil Filip, premye lavil nan distrik Masedwan lan: Se te yonn nan koloni sou zòd lavil Wòm yo. Nou pase plizyè jou nan lavil sa a.
从那里来到腓立比,就是马其顿这一方的头一个城,也是罗马的驻防城。我们在这城里住了几天。
Jou repo a, nou soti, n' al lòt bò pòtay lavil la bò larivyè a. Nou t'ap chache kote jwif yo te konn lapriyè a. Nou chita, nou t'ap pale ak fanm ki te sanble la yo.
当安息日,我们出城门,到了河边,知道那里有一个祷告的地方,我们就坐下对那聚会的妇女讲道。
Yonn ladan yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tiyati, yon machann bèl twal koulè wouj yo vann byen chè a. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Seyè a louvri lespri l' pou l' te swiv tou sa Pòl t'ap di.
有一个卖紫色布疋的妇人,名叫吕底亚,是推雅推喇城的人,素来敬拜 神。她听见了,主就开导她的心,叫她留心听保罗所讲的话。
Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: Se pou n' vini, se pou n' fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Seyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.
她和她一家既领了洗,便求我们说:你们若以为我是真信主的(或作:你们若以为我是忠心事主的),请到我家里来住。于是强留我们。
Yon jou nou tapral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan.
后来,我们往那祷告的地方去。有一个使女迎著面来,她被巫鬼所附,用法术,叫她主人们大得财利。
Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n' pran pou n' ka jwenn delivrans.
她跟随保罗和我们,喊著说:这些人是至高 神的仆人,对你们传说救人的道。
Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, soti sou fi a. Menm lè a, lespri a soti sou li.
她一连多日这样喊叫,保罗就心中厌烦,转身对那鬼说:我奉耶稣基督的名,吩咐你从她身上出来!那鬼当时就出来了。
Lè mèt sèvant lan wè yo te pèdi tout espwa fè lajan ak tifi a, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo sou plas piblik la devan otorite yo.
使女的主人们见得利的指望没有了,便揪住保罗和西拉,拉他们到市上去见首领;
Yo mennen yo devan chèf lavil Wòm yo, epi yo di: Mesye sa yo ap fè dezòd nan lavil nou an. Se jwif yo ye.
又带到官长面前说:这些人原是犹太人,竟骚扰我们的城,
Y'ap plede moutre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt. Nou menm, se moun lavil Wòm nou ye, nou pa ka asepte fè bagay sa yo.
传我们罗马人所不可受不可行的规矩。
Foul moun yo te moute kont yo tou. Chèf women yo fè rache rad ki te sou Pòl ak Silas, epi yo bay lòd pou bat yo ak fwèt.
众人就一同起来攻击他们。官长吩咐剥了他们的衣裳,用棍打;
Apre yo fin bat yo byen bat, yo mete yo nan prizon. Yo bay chèf prizon an lòd pou veye mesye yo byen.
打了许多棍,便将他们下在监里,嘱咐禁卒严紧看守。
Lè l' resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l' mete pye yo nan sèp.
禁卒领了这样的命,就把他们下在内监里,两脚上了木狗。
Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute.
约在半夜,保罗和西拉祷告,唱诗讚美 神,众囚犯也侧耳而听。
Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase.
忽然,地大震动,甚至监牢的地基都摇动了,监门立刻全开,众囚犯的锁鍊也都松开了。
Chèf prizon an leve. Lè l' wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l', li tapral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove.
禁卒一醒,看见监门全开,以为囚犯已经逃走,就拔刀要自杀。
Men, Pòl kriye byen fò: Pa fè tèt ou mal. Nou tout la.
保罗大声呼叫说:不要伤害自己!我们都在这里。
Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l' atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè.
禁卒叫人拿灯来,就跳进去,战战兢兢的俯伏在保罗、西拉面前;
Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre?
又领他们出来,说:二位先生,我当怎样行才可以得救?
Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.
他们说:当信主耶稣,你和你一家都必得救。
Epi yo fè l' konnen pawòl Seyè a, limenm ansanm ak tout moun ki te lakay li.
他们就把主的道讲给他和他全家的人听。
Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l' ansanm ak tout fanmi li.
当夜,就在那时候,禁卒把他们带去,洗他们的伤;他和属乎他的人立时都受了洗。
Chèf prizon an fè yo moute lakay li, li ba yo manje. Nonm lan te kontan anpil ansanm ak tout fanmi l' paske koulye a yo te kwè nan Bondye.
于是禁卒领他们上自己家里去,给他们摆上饭。他和全家,因为信了 神,都很喜乐。
Lè solèy fin leve, chèf moun lavil Wòm yo voye gad di chèf prizon an: Lage mesye yo.
到了天亮,官长打发差役来,说:释放那两个人吧。
Chèf prizon an ale di Pòl: Chèf yo voye di pou yo lage nou. Nou mèt soti koulye a. Ale ak kè poze.
禁卒就把这话告诉保罗说:官长打发人来叫释放你们,如今可以出监,平平安安的去吧。
Men, Pòl di gad yo konsa: Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l' la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Koulye a yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò.
保罗却说:我们是罗马人,并没有定罪,他们就在众人面前打了我们,又把我们下在监里,现在要私下撵我们出去吗?这是不行的。叫他们自己来领我们出去吧!
Gad yo al rapòte pawòl sa yo bay chèf yo. Lè chèf yo tande se sitwayen lavil Wòm mesye yo te ye, yo soti pè.
差役把这话回禀官长。官长听见他们是罗马人,就害怕了,
Yo vin eskize yo bò kote apòt yo, yo lage yo. Lèfini yo mande yo pou kite lavil la.
于是来劝他们,领他们出来,请他们离开那城。
Lè apòt yo soti nan prizon an, yo antre lakay Lidi. Yo wè frè yo, yo ba yo kèk pawòl ankourajman, epi yo pati, y' ale.
二人出了监,往吕底亚家里去;见了弟兄们,劝慰他们一番,就走了。