Job 23

约伯回答说:
Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:
如今我的哀告还算为悖逆;我的责罚比我的唉哼还重。
-Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l'. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l'.
惟愿我能知道在哪里可以寻见 神,能到他的台前,
Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a.
我就在他面前将我的案件陈明,满口辩白。
M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen.
我必知道他回答我的言语,明白他向我所说的话。
M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'.
他岂用大能与我争辩吗?必不这样!他必理会我。
Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase.
在他那里正直人可以与他辩论;这样,我必永远脱离那审判我的。
Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan.
只是,我往前行,他不在那里,往后退,也不能见他。
M' ale bò solèy leve, Bondye pa la. M' ale bò solèy kouche, mwen pa wè l' tou.
他在左边行事,我却不能看见,在右边隐藏,我也不能见他。
Mwen moute nan nò al chache l', m' pa wè l'. Mwen desann nan sid, bichi!
然而他知道我所行的路;他试炼我之后,我必如精金。
Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife.
我脚追随他的步履;我谨守他的道,并不偏离。
M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch.
他嘴唇的命令,我未曾背弃;我看重他口中的言语,过于我需用的饮食。
Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.
只是他心志已定,谁能使他转意呢?他心里所愿的,就行出来。
Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a?
他向我所定的,就必做成;这类的事他还有许多。
L'ap toujou fè m' sa li vle fè m' lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo.
所以我在他面前惊惶;我思念这事便惧怕他。
Se poutèt sa, m'ap tranble devan l'. Lè m' chonje sa, mwen soti pè l'.
 神使我丧胆;全能者使我惊惶。
Men wi, se Bondye k'ap kraze kouraj mwen. Se Bondye menm mwen soti pè. Se pa fènwa a.
我的恐惧不是因为黑暗,也不是因为幽暗蒙蔽我的脸。
Fènwa a kache Bondye pou m' pa wè l'. L' enpoze m' santi prezans li. Se tout!