Job 24

全能者既定期罚恶,为何不使认识他的人看见那日子呢?
Poukisa Bondye ki gen tout pouvwa a pa fikse yon dat pou li jije tout moun, yon jou pou li rann tout moun k'ap sèvi l' yo jistis?
有人挪移地界,抢夺群畜而牧养。
Mechan yo deplase bòn tè moun. Yo vòlò mouton lòt moun, mete ansanm avèk bann mouton pa yo.
他们拉去孤儿的驴,强取寡妇的牛为当头。
Yo pran bourik ki pou timoun san papa yo. Yo sezi bèf vèv la jouk li resi peye dèt li.
他们使穷人离开正道;世上的贫民尽都隐藏。
Yo enpoze pòv yo jwenn sa ki vin pou yo. Yo fòse tout pòv malere kouri al kache.
这些贫穷人如同野驴出到旷野,殷勤寻找食物;他们靠著野地给儿女糊口,
Tankou bourik mawon, pòv yo soti al nan dezè a, y' al chache lavi pou pitit yo ki grangou. Pa gen lòt kote yo ka ale.
收割别人田间的禾稼,摘取恶人余剩的葡萄,
Y'ap ranmase rekòt pou lòt moun. Y'ap keyi rezen nan jaden pou mechan yo.
终夜赤身无衣,天气寒冷毫无遮盖,
Lè yo toutouni, yo pa gen rad pou mete sou yo. Lannwit, yo pa gen anyen pou chofe kò yo lè yo frèt.
在山上被大雨淋湿,因没有避身之处就挨近磐石。
Lapli k'ap tonbe sou mòn yo mouye yo jouk nan zo. Yo kwoupi kò yo dèyè wòch pou pare lapli.
又有人从母怀中抢夺孤儿,强取穷人的衣服为当头,
Mechan yo wete timoun san papa yo nan men manman yo pou fè yo tounen esklav. Yo pran rad pòv malere yo pou garanti dèt yo.
使人赤身无衣,到处流行,且因饥饿扛抬禾捆,
Pòv yo menm ap mache yon men devan yon men dèyè, san rad pou mete sou yo. Y'ap mache ranmase rekòt nan jaden, men y'ap mouri grangou.
在那些人的围墙内造油,醡酒,自己还口渴。
Nan lakou mechan yo y'ap moulen grenn oliv fè lwil. Y'ap kraze rezen fè diven. Men y'ap mouri swaf dlo.
在多民的城内有人唉哼,受伤的人哀号; 神却不理会那恶人的愚妄。
Nan lavil yo, ou tande moun k'ap mouri yo ap plenn. Ou tande moun ki blese yo ap rele anmwe. Men, Bondye fè tankou li pa tande yo.
又有人背弃光明,不认识光明的道,不住在光明的路上。
Se moun sa yo ki pa vle wè limyè a. Yo derefize konprann limyè a. Yo pa vle pran chemen limyè a nan tou sa y'ap fè.
杀人的黎明起来,杀害困苦穷乏人,夜间又作盗贼。
Anvan bajou kase, ansasen an gen tan leve, pou li al touye pòv malere yo. Lannwit, se vòlò l'ap mache vòlò.
奸夫等候黄昏,说:必无眼能见我,就把脸蒙蔽。
Mouche marye k'ap fè adiltè a ap tann solèy kouche konsa. Li bouche figi l' pou pesonn pa wè l'.
盗贼黑夜挖窟窿;白日躲藏,并不认识光明。
Lannwit, vòlè ap kraze kay moun. Lajounen yo kache, y'ap kouri pou solèy.
他们看早晨如幽暗,因为他们晓得幽暗的惊骇。
Yo pè limyè lajounen an. Men, pa gen anyen ki pou fè yo pè nan fènwa a.
这些恶人犹如浮萍快快飘去。他们所得的分在世上被咒诅;他们不得再走葡萄园的路。
Lè sa a, Sofa di konsa: -Men dlo desann pote mechan yo ale. Madichon Bondye tonbe sou tout tè ki pou yo. Yo pa soti al travay nan jaden rezen yo.
干旱炎热消没雪水;阴间也如此消没犯罪之辈。
Menm jan chalè fonn lanèj, lèfini tè sèk bwè dlo a, se konsa moun k'ap fè peche yo ap disparèt ale nan peyi kote mò yo ye a.
怀他的母(原文是胎)要忘记他;虫子要吃他,觉得甘甜;他不再被人记念。不义的人必如树折断。
Tout moun bliye yo. Ata manman ki fè yo pa chonje yo. Se vè k'ap manje kadav yo. Yo fini tankou yon pyebwa yo koupe jete.
他恶待(或译:他吞灭)不怀孕不生养的妇人,不善待寡妇。
Tou sa rive konsa, paske li maltrete fanm ki pa ka fè pitit. Li san pitye pou vèv yo.
然而 神用能力保全有势力的人;那性命难保的人仍然兴起。
Lè sa a, Bondye detwi gwo chèf yo ak fòs ponyèt li. Li annik parèt, mechan an konnen li mouri.
 神使他们安稳,他们就有所倚靠; 神的眼目也看顾他们的道路。
Bondye kite l' viv alèz san pwoblèm, men, se toutan l'ap veye tou sa l'ap fè.
他们被高举,不过片时就没有了;他们降为卑,被除灭,与众人一样,又如谷穗被割。
Zafè mechan yo mache byen pou yon tan. Men, apre sa, yo fennen tankou zèb savann, tankou tèt ble yo koupe.
若不是这样,谁能证实我是说谎的,将我的言语驳为虚空呢?
Si se pa konsa sa ye, ki moun ki ka demanti sa m' di la a? Ki moun ki ka fè wè pawòl mwen yo pa vo anyen?