Psalms 65

למנצח מזמור לדוד שיר לך דמיה תהלה אלהים בציון ולך ישלם נדר׃
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante.
שמע תפלה עדיך כל בשר יבאו׃
Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a.
דברי עונת גברו מני פשעינו אתה תכפרם׃
Paske ou tande lè y'ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou,
אשרי תבחר ותקרב ישכן חצריך נשבעה בטוב ביתך קדש היכלך׃
pou rekonèt peche yo. Peche nou yo twòp pou nou. Men, w'ap efase yo.
נוראות בצדק תעננו אלהי ישענו מבטח כל קצוי ארץ וים רחקים׃
Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.
מכין הרים בכחו נאזר בגבורה׃
Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou.
משביח שאון ימים שאון גליהם והמון לאמים׃
Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa.
וייראו ישבי קצות מאותתיך מוצאי בקר וערב תרנין׃
Ou kase lanmè a lè l' move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move.
פקדת הארץ ותשקקה רבת תעשרנה פלג אלהים מלא מים תכין דגנם כי כן תכינה׃
Moun ki rete nan dènye bout latè a pran tranble lè yo wè bèl bagay ou fè yo. Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche ou fè moun rele sitèlman yo kontan.
תלמיה רוה נחת גדודיה ברביבים תמגגנה צמחה תברך׃
Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l'. Ou fè l' donnen anpil. Larivyè Bondye toujou plen dlo. Ou pare yon bèl rekòt mayi. Men ki jan ou pran swen tè a:
עטרת שנת טובתך ומעגליך ירעפון דשן׃
Ou mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo. Ou kase bit tè yo. Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li. Ou fè grenn yo jèmen.
ירעפו נאות מדבר וגיל גבעות תחגרנה׃
Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite!
לבשו כרים הצאן ועמקים יעטפו בר יתרועעו אף ישירו׃
Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan. Jaden yo plen zannimo. Jaden mayi kouvri tout fon yo. Fon yo kontan, y'ap chante sitèlman yo kontan.