Luke 14

Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan chèf farizyen yo pou l' manje. Moun ki te la yo t'ap veye li.
安息日,耶稣到一个法利赛人的首领家里去吃饭,他们就窥探他。
Yon nonm ki te gen maladi anfle te la devan Jezi.
在他面前有一个患水臌的人。
Jezi pran lapawòl, li mande dirèkte lalwa ak farizyen yo: Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non?
耶稣对律法师和法利赛人说:安息日治病,可以不可以?
Yo pa reponn li. Lè sa a, Jezi pran nonm malad la, li geri l', epi li voye l' ale.
他们却不言语。耶稣就治好那人,叫他走了;
Apre sa, li di yo: Si yonn nan nou gen yon pitit gason l' osinon yon bèf li ki tonbe nan yon pi yon jou repo, èske li p'ap wete l' menm lè a?
便对他们说:你们中间谁有驴或有牛,在安息日掉在井里,不立时拉他上来呢?
Yo pa t' kapab reponn li anyen sou sa.
他们不能对答这话。
Jezi te wè ki jan moun yo te envite yo t'ap chwazi pi bon plas. Li rakonte parabòl sa a pou yo tout, li di:
耶稣见所请的客拣择首位,就用比喻对他们说:
Lè yo envite ou nan yon nòs, pa al chita nan pi bon plas la. Paske, si nan envite yo gen yon moun ki pi enpòtan pase ou,
你被人请去赴婚姻的筵席,不要坐在首位上,恐怕有比你尊贵的客被他请来;
moun ki envite nou toulède a kapab vin di ou: Bay moun sa a plas la. Lè sa a, wa wont, wa blije al chita nan plas dèyè.
那请你们的人前来对你说:让座给这一位吧!你就羞羞惭惭的退到末位上去了。
Men, lè yo envite ou, mete kò ou dèyè; konsa, lè moun ki envite ou la vini, la ka di ou: Zanmi mwen, pase pi devan nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon lwanj pou ou devan tout moun ki chita bò tab la ansanm ak ou yo.
你被请的时候,就去坐在末位上,好叫那请你的人来对你说:朋友,请上坐。那时,你在同席的人面前就有光彩了。
Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li.
因为,凡自高的,必降为卑,自卑的,必升为高。
Jezi pale ak moun ki te envite l' la. Li di li: Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a.
耶稣又对请他的人说:你摆设午饭或晚饭,不要请你的朋友、弟兄、亲属,和富足的邻舍,恐怕他们也请你,你就得了报答。
Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo.
你摆设筵席,倒要请那贫穷的、残废的、瘸腿的、瞎眼的,你就有福了!
Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve soti vivan nan lanmò.
因为他们没有什么可报答你。到义人复活的时候,你要得著报答。
Lè l' tande pawòl sa yo, yonn nan moun ki te chita bò tab la di Jezi konsa: Se va yon gwo benediksyon pou moun ki va chita bò tab pou manje nan peyi kote Bondye Wa a.
同席的有一人听见这话,就对耶稣说:在 神国里吃饭的有福了!
Jezi reponn li: Vwala, se te yon nonm ki te fè yon gwo fèt, li te envite anpil moun.
耶稣对他说:有一人摆设大筵席,请了许多客。
Lè pou fèt la kòmanse, li voye domestik li di envite yo: Vini non, tout bagay fin pare koulye a.
到了坐席的时候,打发仆人去对所请的人说:请来吧!样样都齐备了。
Men, tout envite yo, yonn apre lòt, pran fè eskiz. Premye a di li: Mwen fèk achte yon tè, fòk m' al wè li. Tanpri, eskize mwen.
众人一口同音的推辞。头一个说:我买了一块地,必须去看看。请你准我辞了。
Yon lòt di li: Mwen fèk achte senk pè bèf; mwen pral seye yo. Tanpri, eskize mwen.
又有一个说:我买了五对牛,要去试一试。请你准我辞了。
Yon lòt di: Mwen fèk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale.
又有一个说:我才娶了妻,所以不能去。
Domestik la tounen, li rapòte tout repons sa yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la vin ankòlè; li di domestik la: Ale vit sou tout plas yo ak nan tout lari, mennen tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg ak moun k'ap bwete yo.
那仆人回来,把这事都告诉了主人。家主就动怒,对仆人说:快出去,到城里大街小巷,领那贫穷的、残废的、瞎眼的、瘸腿的来。
Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou.
仆人说:主啊,你所吩咐的已经办了,还有空座。
Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun wa jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen.
主人对仆人说,你出去到路上和篱笆那里,勉强人进来,坐满我的屋子。
Paske, m'ap di nou sa: Nan moun mwen te envite yo, pa gen yon sèl ladan yo k'ap goute nan manje m' lan.
我告诉你们,先前所请的人,没有一个得尝我的筵席。
Lè sa a, te gen anpil anpil moun ki t'ap fè wout ansanm ak Jezi. Li vire, li di yo:
有极多的人和耶稣同行。他转过来对他们说:
Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l', manman l', pitit li, frè l', sè l', menm pwòp tèt pa l', li pa kapab disip mwen.
人到我这里来,若不爱我胜过爱(爱我胜过爱:原文是恨)自己的父母、妻子、儿女、弟兄、姊妹,和自己的性命,就不能作我的门徒。
Moun ki pa pote kwa l' epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen non plis.
凡不背著自己十字架跟从我的,也不能作我的门徒。
Si yonn nan nou vle fè yon gwo batisman, premye bagay pou l' fè: se pou l' chita pou l' kalkile konbe sa pral koute l' pou l' wè si li gen kont lajan pou l' fin fè travay la.
你们那一个要盖一座楼,不先坐下算计花费,能盖成不能呢?
Si l' pa fè sa, l'ap fin poze fondasyon an, epi l' p'ap ka fini batisman an. Lè sa a, tout moun ki va wè sa va pran pase l' nan betiz.
恐怕安了地基,不能成功,看见的人都笑话他,说:
Y'a di: Nonm lan kòmanse bati, men li pa kapab fini.
这个人开了工,却不能完工。
Konsa tou, si yon wa vle fè lagè ak yon lòt wa, premye bagay pou l' fè: l'ap chita pou l' egzaminen bagay la byen, pou l' wè si, avèk dimil (10.000) òm, li kapab mache kontre lòt wa a k'ap mache sou li ak venmil (20.000) òm.
或是一个王出去和别的王打仗,岂不先坐下酌量,能用一万兵去敌那领二万兵来攻打他的吗?
Si li pa kapab, antan lòt wa a lwen toujou, l'ap voye kèk mesaje bò kote l' pou mande l' fè aranjman.
若是不能,就趁敌人还远的时候,派使者去求和息的条款。
Jezi di yo ankò: Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l' pa detache kè l' sou tou sa l' genyen.
这样,你们无论什么人,若不撇下一切所有的,就不能作我的门徒。
Sèl, se yon bon bagay; men si sèl la pèdi gou l', ak kisa pou n' fè l' sale ankò?
盐本是好的;盐若失了味,可用什么叫它再咸呢?
Lè sa a, sèl la pa bon pou mete ni nan jaden ni nan fimye, se jete pou yo voye sa jete. Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.
或用在田里,或堆在粪里,都不合式,只好丢在外面。有耳可听的,就应当听!