Leviticus 14

וידבר יהוה אל משה לאמר׃
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
זאת תהיה תורת המצרע ביום טהרתו והובא אל הכהן׃
-Men regleman w'a bay pou yo swiv lè y'ap fè sèvis pou moun ki geri apre yo te gen move maladi po. Jou pou yo rekonèt moun lan geri a, y'a mennen l' bay prèt la.
ויצא הכהן אל מחוץ למחנה וראה הכהן והנה נרפא נגע הצרעת מן הצרוע׃
Prèt la va pran l', l'a soti ansanm avè l' lòt bò limit kan kote moun rete a. L'a egzaminen l' byen egzaminen, pou l' wè si malad la geri vre.
וצוה הכהן ולקח למטהר שתי צפרים חיות טהרות ועץ ארז ושני תולעת ואזב׃
Prèt la va bay lòd pou yo pote pou moun ki te malad la de zwazo tou vivan epi ki bon pou moun k'ap fè sèvis pou Bondye, ansanm ak yon moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp.
וצוה הכהן ושחט את הצפור האחת אל כלי חרש על מים חיים׃
Apre sa, prèt la va bay lòd pou yo touye premye zwazo a anwo yon bòl an tè plen dlo fre.
את הצפר החיה יקח אתה ואת עץ הארז ואת שני התולעת ואת האזב וטבל אותם ואת הצפר החיה בדם הצפר השחטה על המים החיים׃
L'a pran lòt zwazo a tou vivan ansanm ak bwa sèd la, moso twal kamwazi a ak ti branch izòp la, l'a plonje yo nan san zwazo yo te touye anwo dlo fre a.
והזה על המטהר מן הצרעת שבע פעמים וטהרו ושלח את הצפר החיה על פני השדה׃
Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou moun ki te gen move maladi po a epi l'a di moun lan nan kondisyon ankò pou fè sèvis Bondye. L'a lage zwazo vivan an pou l' vole al fè wout li nan bwa.
וכבס המטהר את בגדיו וגלח את כל שערו ורחץ במים וטהר ואחר יבוא אל המחנה וישב מחוץ לאהלו שבעת ימים׃
Moun ki te malad la va lave rad ki te sou li yo, l'a kale tèt li nèt, l'a benyen nan gwo dlo, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Apre sa, l'a antre nan kan kote moun rete a, men li p'ap antre lakay li pandan sèt jou.
והיה ביום השביעי יגלח את כל שערו את ראשו ואת זקנו ואת גבת עיניו ואת כל שערו יגלח וכבס את בגדיו ורחץ את בשרו במים וטהר׃
Sou setyèm jou a, l'a kale tèt li ankò, l'a koupe tout bab li, tout plim je l' ak tout plim ki sou tout rès kò li. L'a lave rad ki te sou li a, l'a lave kò l' nan gwo dlo. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.
וביום השמיני יקח שני כבשים תמימים וכבשה אחת בת שנתה תמימה ושלשה עשרנים סלת מנחה בלולה בשמן ולג אחד שמן׃
Sou wityèm jou a, l'a pran de ti belye ki pa gen ankenn enfimite ak yon ti fenmèl mouton ki gen ennan epi ki pa gen ankenn enfimite. L'a pran tou de mamit farin melanje ak lwil oliv epi yon boutèy demi lit plen lwil oliv.
והעמיד הכהן המטהר את האיש המטהר ואתם לפני יהוה פתח אהל מועד׃
Prèt k'ap fè sèvis la va mennen moun lan ansanm ak ofrann li yo devan Seyè a, jouk nan papòt Tant Randevou a.
ולקח הכהן את הכבש האחד והקריב אתו לאשם ואת לג השמן והניף אתם תנופה לפני יהוה׃
Rive la, prèt la va pran yonn nan ti belye yo, l'a ofri l' ansanm ak demi lit lwil la bay Seyè a pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. L'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a.
ושחט את הכבש במקום אשר ישחט את החטאת ואת העלה במקום הקדש כי כחטאת האשם הוא לכהן קדש קדשים הוא׃
L'a touye ti mouton an kote yo konn touye bèt yo ofri pou mande padon an osinon pou boule nèt la, nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a. L'a fè sa konsa paske bèt moun yo ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la osinon pou mande Bondye padon an, se pou prèt la li ye. Se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.
ולקח הכהן מדם האשם ונתן הכהן על תנוך אזן המטהר הימנית ועל בהן ידו הימנית ועל בהן רגלו הימנית׃
Apre sa, prèt la va pran ti gout nan san ti mouton an, l'a pase l' sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
ולקח הכהן מלג השמן ויצק על כף הכהן השמאלית׃
Prèt la va pran ti gout lwil nan boutèy la, l'a vide l' nan pla men gòch li.
וטבל הכהן את אצבעו הימנית מן השמן אשר על כפו השמאלית והזה מן השמן באצבעו שבע פעמים לפני יהוה׃
L'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye ti gout lwil sèt fwa devan lotèl Bondye a.
ומיתר השמן אשר על כפו יתן הכהן על תנוך אזן המטהר הימנית ועל בהן ידו הימנית ועל בהן רגלו הימנית על דם האשם׃
L'a pran ti gout nan lwil ki nan pla men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
והנותר בשמן אשר על כף הכהן יתן על ראש המטהר וכפר עליו הכהן לפני יהוה׃
Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men l' lan sou tèt moun lan. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.
ועשה הכהן את החטאת וכפר על המטהר מטמאתו ואחר ישחט את העלה׃
Apre sa, prèt la va fè ofrann pou peye sa moun lan fè ki mal. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun ki te malad la. L'a touye bèt pou yo boule nèt la.
והעלה הכהן את העלה ואת המנחה המזבחה וכפר עליו הכהן וטהר׃
L'a mete l' sou lotèl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.
ואם דל הוא ואין ידו משגת ולקח כבש אחד אשם לתנופה לכפר עליו ועשרון סלת אחד בלול בשמן למנחה ולג שמן׃
Si moun lan pòv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sèl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fè ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sèlman melanje ak lwil oliv ak yon boutèy demi lit plen lwil.
ושתי תרים או שני בני יונה אשר תשיג ידו והיה אחד חטאת והאחד עלה׃
L'a pote de ti toutrèl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmèt li, yonn pou sèvi ofrann pou mande padon, lòt la pou boule nèt pou Seyè a.
והביא אתם ביום השמיני לטהרתו אל הכהן אל פתח אהל מועד לפני יהוה׃
Sou wityèm jou a, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a, pou prèt la fè sèvis pou mete l' nan kondisyon pou li ka sèvi Seyè a ankò.
ולקח הכהן את כבש האשם ואת לג השמן והניף אתם הכהן תנופה לפני יהוה׃
Prèt la va pran ti mouton li ofri pou peye pou sa moun lan fè ki mal la ansanm ak boutèy lwil la, l'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann.
ושחט את כבש האשם ולקח הכהן מדם האשם ונתן על תנוך אזן המטהר הימנית ועל בהן ידו הימנית ועל בהן רגלו הימנית׃
Apre sa, l'a touye ti mouton an, l'a pran ti gout nan san li l'a mete sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
ומן השמן יצק הכהן על כף הכהן השמאלית׃
Prèt la va vide ti gout lwil nan pla men gòch li,
והזה הכהן באצבעו הימנית מן השמן אשר על כפו השמאלית שבע פעמים לפני יהוה׃
l'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye lwil la sèt fwa devan lotèl Seyè a.
ונתן הכהן מן השמן אשר על כפו על תנוך אזן המטהר הימנית ועל בהן ידו הימנית ועל בהן רגלו הימנית על מקום דם האשם׃
Apre sa, l'a pran nan lwil ki nan men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li a ak sou gwo zòtèy pye dwat li a.
והנותר מן השמן אשר על כף הכהן יתן על ראש המטהר לכפר עליו לפני יהוה׃
Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men gòch li a sou tèt moun lan. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.
ועשה את האחד מן התרים או מן בני היונה מאשר תשיג ידו׃
Apre sa, l'a ofri toutrèl yo, osinon pijon yo, dapre sa mwayen moun lan te penmèt li,
את אשר תשיג ידו את האחד חטאת ואת האחד עלה על המנחה וכפר הכהן על המטהר לפני יהוה׃
yonn pou mande padon pou peche, lòt la pou yo boule nèt ansanm ak ofrann farin ble a. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun lan.
זאת תורת אשר בו נגע צרעת אשר לא תשיג ידו בטהרתו׃
Men regleman pou yo swiv lè yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l' ofri tou sa li te dwe ofri pou sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
וידבר יהוה אל משה ואל אהרן לאמר׃
Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:
כי תבאו אל ארץ כנען אשר אני נתן לכם לאחזה ונתתי נגע צרעת בבית ארץ אחזתכם׃
-Lè n'a fin antre nan peyi Kanaran an, peyi m'ap ban nou pou rele nou pa nou an, si mwen voye salpèt sou yonn nan kay kote nou rete yo, men sa pou nou fè.
ובא אשר לו הבית והגיד לכהן לאמר כנגע נראה לי בבית׃
Mèt kay la va al jwenn prèt la, l'a di l': Gen yon bagay tankou salpèt ki parèt sou miray kay mwen an.
וצוה הכהן ופנו את הבית בטרם יבא הכהן לראות את הנגע ולא יטמא כל אשר בבית ואחר כן יבא הכהן לראות את הבית׃
Prèt la va bay lòd pou yo mete tou sa ki nan kay la deyò anvan li vin egzaminen kay la. Konsa, tou sa ki te nan kay la ka toujou sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Apre sa, prèt la va vini, l'a antre nan kay la pou egzaminen l'.
וראה את הנגע והנה הנגע בקירת הבית שקערורת ירקרקת או אדמדמת ומראיהן שפל מן הקיר׃
L'a egzaminen tout miray yo. Si li wè gen kèk kote ki manje nan miray la, epi ki gen ti koulè vèt osinon wouj,
ויצא הכהן מן הבית אל פתח הבית והסגיר את הבית שבעת ימים׃
prèt la va soti nan kay la, l'a fèmen l' akle pou sèt jou.
ושב הכהן ביום השביעי וראה והנה פשה הנגע בקירת הבית׃
Sou setyèm jou a, prèt la va tounen, l'a egzaminen miray kay la ankò. Si li wè tach la gaye sou miray kay la,
וצוה הכהן וחלצו את האבנים אשר בהן הנגע והשליכו אתהן אל מחוץ לעיר אל מקום טמא׃
prèt la va bay lòd pou yo wete wòch kote yo te jwenn salpèt la, y'a voye wòch yo jete yon kote andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye.
ואת הבית יקצע מבית סביב ושפכו את העפר אשר הקצו אל מחוץ לעיר אל מקום טמא׃
Apre sa, l'a fè yo grate tout anndan kay la, epi y'a jete tout vye kras mòtye yo te grate a andeyò lavil la, menm kote yo mete bagay ki pa ka sèvi nan sèvis Bondye.
ולקחו אבנים אחרות והביאו אל תחת האבנים ועפר אחר יקח וטח את הבית׃
Y'a pran lòt wòch ranplase wòch yo te wete yo epi y'a rekrepi kay la.
ואם ישוב הנגע ופרח בבית אחר חלץ את האבנים ואחרי הקצות את הבית ואחרי הטוח׃
Si salpèt la parèt ankò apre yo fin wete wòch malad yo, apre yo fin grate kay la epi yo rekrepi l',
ובא הכהן וראה והנה פשה הנגע בבית צרעת ממארת הוא בבית טמא הוא׃
prèt la va tounen vin gade. Si li wè salpèt la gaye nan kay la, la konnen kay la gen yon move maladi sou miray li. Moun k'ap sèvi Bondye pa ka rete ladan l'.
ונתץ את הבית את אבניו ואת עציו ואת כל עפר הבית והוציא אל מחוץ לעיר אל מקום טמא׃
Lè sa a, y'a demoli kay la nèt epi y'a pran wòch, bwa, mòtye ki te nan kay la, y'a voye yo jete andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye.
והבא אל הבית כל ימי הסגיר אתו יטמא עד הערב׃
Tout moun ki te antre anndan kay la lè kay la te fèmen an p'ap nan kondisyon pou sèvi Bondye jouk aswè rive.
והשכב בבית יכבס את בגדיו והאכל בבית יכבס את בגדיו׃
Tout moun ki te kouche osinon ki te manje anndan kay la va gen pou lave rad ki te sou yo.
ואם בא יבא הכהן וראה והנה לא פשה הנגע בבית אחרי הטח את הבית וטהר הכהן את הבית כי נרפא הנגע׃
Lè prèt la vin gade a, si li te jwenn salpèt la disparèt nèt apre yo te fin rekrepi kay la, prèt la va fè konnen kay la nan bon kondisyon ankò pou moun k'ap sèvi Bondye ka rete ladan l', paske salpèt la disparèt nèt.
ולקח לחטא את הבית שתי צפרים ועץ ארז ושני תולעת ואזב׃
Apre sa, prèt la va fè sèvis pou wete peche nan kay la. L'a pran de zwazo, kèk moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp.
ושחט את הצפר האחת אל כלי חרש על מים חיים׃
L'a touye yonn nan ti zwazo yo anwo yon bòl an tè plen dlo fre.
ולקח את עץ הארז ואת האזב ואת שני התולעת ואת הצפר החיה וטבל אתם בדם הצפר השחוטה ובמים החיים והזה אל הבית שבע פעמים׃
Apre sa, l'a pran bwa sèd la, ti branch izòp la, moso twal kamwazi a ansanm ak lòt zwazo ki vivan an, l'a plonje yo nan san premye zwazo a ki melanje ak dlo fre a. Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou kay la.
וחטא את הבית בדם הצפור ובמים החיים ובצפר החיה ובעץ הארז ובאזב ובשני התולעת׃
Se konsa prèt la va fè sèvis pou wete peche nan kay la, avèk san zwazo a, dlo fre a, zwazo vivan an, bwa sèd la, ti branch izòp la, epi moso twal kamwazi a.
ושלח את הצפר החיה אל מחוץ לעיר אל פני השדה וכפר על הבית וטהר׃
Apre sa, l'a lage ti zwazo vivan an pou l' vole al fè wout li nan bwa andeyò lavil la. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou kay la epi kay la va nan bon kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye ka rete ladan l' ankò.
זאת התורה לכל נגע הצרעת ולנתק׃
Men regleman pou nou swiv lè yon moun gen move maladi po osinon pyas,
ולצרעת הבגד ולבית׃
lè kanni tonbe sou rad osinon lè salpèt parèt nan yon kay,
ולשאת ולספחת ולבהרת׃
lè yon moun gen yon kote sou po l' ki anfle osinon lè li gen yon bouton ou ankò yon tach ki parèt sou po l'.
להורת ביום הטמא וביום הטהר זאת תורת הצרעת׃
Se konsa n'a konnen lè yon bagay nan bon kondisyon osinon lè li pa nan bon kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye. Se tout regleman yo sa pou move maladi po.