Genesis 2

ויכלו השמים והארץ וכל צבאם׃
Konsa, Bondye te fin fè syèl la, latè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.
ויכל אלהים ביום השביעי מלאכתו אשר עשה וישבת ביום השביעי מכל מלאכתו אשר עשה׃
Sou sis jou, Bondye te fin fè tout sa l' t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay.
ויברך אלהים את יום השביעי ויקדש אתו כי בו שבת מכל מלאכתו אשר ברא אלהים לעשות׃
Li beni setyèm jou a, li mete l' apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l' t'ap kreye a.
אלה תולדות השמים והארץ בהבראם ביום עשות יהוה אלהים ארץ ושמים׃
Se konsa sa te pase lè Bondye t'ap kreye syèl la ak latè a. Lè Seyè a, Bondye a, t'ap fè latè ansanm ak tou sa ki nan syèl la,
וכל שיח השדה טרם יהיה בארץ וכל עשב השדה טרם יצמח כי לא המטיר יהוה אלהים על הארץ ואדם אין לעבד את האדמה׃
pa t' gen yon ti pyebwa sou tè a. Ankenn zèb pa t' ankò pouse nan jaden, paske Bondye pa t' voye lapli tonbe sou tè a. Lèfini, pa t' gen moun pou travay latè.
ואד יעלה מן הארץ והשקה את כל פני האדמה׃
Men, yon vapè dlo leve soti nan tè a, li wouze tout tè a.
וייצר יהוה אלהים את האדם עפר מן האדמה ויפח באפיו נשמת חיים ויהי האדם לנפש חיה׃
Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.
ויטע יהוה אלהים גן בעדן מקדם וישם שם את האדם אשר יצר׃
Seyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a.
ויצמח יהוה אלהים מן האדמה כל עץ נחמד למראה וטוב למאכל ועץ החיים בתוך הגן ועץ הדעת טוב ורע׃
Seyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa. Yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la.
ונהר יצא מעדן להשקות את הגן ומשם יפרד והיה לארבעה ראשים׃
Yon gwo larivyè soti nan peyi Edenn, li wouze jaden an. Larivyè a te fè kat branch.
שם האחד פישון הוא הסבב את כל ארץ החוילה אשר שם הזהב׃
Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a.
וזהב הארץ ההוא טוב שם הבדלח ואבן השהם׃
Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon lò ansanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pyè wouj ki koute chè yo rele oniks.
ושם הנהר השני גיחון הוא הסובב את כל ארץ כוש׃
Dezyèm larivyè a rele Giyon. Se li ki wouze tout peyi Kouch la.
ושם הנהר השלישי חדקל הוא ההלך קדמת אשור והנהר הרביעי הוא פרת׃
Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat.
ויקח יהוה אלהים את האדם וינחהו בגן עדן לעבדה ולשמרה׃
Seyè a, Bondye a, pran nonm lan, li mete l' nan jaden Edenn lan pou l' travay li, pou l' pran swen l'.
ויצו יהוה אלהים על האדם לאמר מכל עץ הגן אכל תאכל׃
Seyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a. Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an.
ומעץ הדעת טוב ורע לא תאכל ממנו כי ביום אכלך ממנו מות תמות׃
Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l', w'ap mouri.
ויאמר יהוה אלהים לא טוב היות האדם לבדו אעשה לו עזר כנגדו׃
Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'.
ויצר יהוה אלהים מן האדמה כל חית השדה ואת כל עוף השמים ויבא אל האדם לראות מה יקרא לו וכל אשר יקרא לו האדם נפש חיה הוא שמו׃
Se konsa, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè tout kalite zannimo ki nan savann ak tout kalite zwazo k'ap vole nan syèl la. Lè l' fini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li tapral ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou yo nèt.
ויקרא האדם שמות לכל הבהמה ולעוף השמים ולכל חית השדה ולאדם לא מצא עזר כנגדו׃
Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pa t' gen yonn ki te sanble avè l', ki ta ka ede l'.
ויפל יהוה אלהים תרדמה על האדם ויישן ויקח אחת מצלעתיו ויסגר בשר תחתנה׃
Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen.
ויבן יהוה אלהים את הצלע אשר לקח מן האדם לאשה ויבאה אל האדם׃
Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l' ba li.
ויאמר האדם זאת הפעם עצם מעצמי ובשר מבשרי לזאת יקרא אשה כי מאיש לקחה זאת׃
Lè nonm lan wè l', li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m'! Zo l' se zo mwen. Chè l' se chè mwen. Y'a rele l' fanm, paske se nan gason li soti.
על כן יעזב איש את אביו ואת אמו ודבק באשתו והיו לבשר אחד׃
Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.
ויהיו שניהם ערומים האדם ואשתו ולא יתבששו׃
Nonm lan ak madanm li te toutouni. Men, yo pa t' wont rete konsa.