Ecclesiastes 10

זבובי מות יבאיש יביע שמן רוקח יקר מחכמה מכבוד סכלות מעט׃
Mouch mouri gate tout boutèy odè. Yo fè l' santi. Konsa tou, yon sèl ti betiz ka fè tout gwo konesans ou pase pou anyen. Sa ka fè moun pa respekte ou ankò.
לב חכם לימינו ולב כסיל לשמאלו׃
Kè yon moun ki gen konprann toujou panche pou fè sa ki byen, men kè moun sòt toujou panche pou fè sa ki mal.
וגם בדרך כשהסכל הלך לבו חסר ואמר לכל סכל הוא׃
Menm lè moun sòt ap mache nan lari, li egare, li fè tout moun wè se moun sòt li ye.
אם רוח המושל תעלה עליך מקומך אל תנח כי מרפא יניח חטאים גדולים׃
Si chèf ou move sou ou, pa prese vire do ou ale. Si ou rete dousman, sa ka evite ou anpil malè.
יש רעה ראיתי תחת השמש כשגגה שיצא מלפני השליט׃
Men yon lòt move bagay mwen wè ankò sou latè, lèfini se chèf yo ki lakòz sa.
נתן הסכל במרומים רבים ועשירים בשפל ישבו׃
Yo pran moun sòt mete yo nan gwo pozisyon, epi yo kite moun ki chaje ak konesans anba.
ראיתי עבדים על סוסים ושרים הלכים כעבדים על הארץ׃
Mwen wè esklav ap karakole sou chwal yo, epi chèf yo menm k'ap mache apye tankou esklav.
חפר גומץ בו יפול ופרץ גדר ישכנו נחש׃
Si ou fouye yon pi, se ou menm ki va tonbe ladan l'. Si ou kraze yon miray, se ou menm sèpan va mòde.
מסיע אבנים יעצב בהם בוקע עצים יסכן בם׃
Si w'ap koupe wòch karyann, w'a blese. Si w'ap fann bwa, malè ka rive ou.
אם קהה הברזל והוא לא פנים קלקל וחילים יגבר ויתרון הכשיר חכמה׃
Si dan rach ou pa koupe, si ou pa file l', ou gen pou travay pi rèd lè w'ap sèvi avè l'. Men bon konprann ap fè ou reyisi nan sa w'ap fè.
אם ישך הנחש בלוא לחש ואין יתרון לבעל הלשון׃
Ou te mèt konn chame sèpan, sa p'ap sèvi ou anyen si ou kite l' gen tan mòde ou.
דברי פי חכם חן ושפתות כסיל תבלענו׃
Pawòl ki soti nan bouch yon moun ki gen konprann sèvi yon lwanj pou li. Men pawòl nan bouch moun sòt ap lakòz lanmò yo.
תחלת דברי פיהו סכלות ואחרית פיהו הוללות רעה׃
Lè yo konmanse pale, se betiz y'ap di. Men lè y'ap fini, se pawòl moun fou nèt y'ap di.
והסכל ירבה דברים לא ידע האדם מה שיהיה ואשר יהיה מאחריו מי יגיד לו׃
Moun sòt renmen pale anpil. Pesonn pa konnen sa k'ap rive denmen. Pesonn pa ka di nou sa k'ap rive apre nou mouri.
עמל הכסילים תיגענו אשר לא ידע ללכת אל עיר׃
Moun sòt touye tèt li nan travay, li bliye chimen kay li.
אי לך ארץ שמלכך נער ושריך בבקר יאכלו׃
Ala malè pou yon peyi lè li gen yon timoun alatèt li, lè chèf li yo tonbe nan manje depi granmaten.
אשריך ארץ שמלכך בן חורים ושריך בעת יאכלו בגבורה ולא בשתי׃
Men, ala bon sa bon pou yon peyi lè wa a se moun ki soti nan bon ras, lè chèf li yo manje lè pou yo manje pou yo ka jwenn fòs, epi ki pa lage kò yo nan banbòch.
בעצלתים ימך המקרה ובשפלות ידים ידלף הבית׃
Lè yon moun twò parese pou l' repare kay li, twati a ap koule, fetay la ap tonbe.
לשחוק עשים לחם ויין ישמח חיים והכסף יענה את הכל׃
Yo fè resepsyon pou yo pran plezi yo, yo bwè diven pou fè kè yo kontan, men se lajan ki penmèt yo fè tou sa.
גם במדעך מלך אל תקלל ובחדרי משכבך אל תקלל עשיר כי עוף השמים יוליך את הקול ובעל הכנפים יגיד דבר׃
Pa kritike yon wa, pa menm nan kè ou. Pa kritike rich yo, pa menm anndan chanm ou. Paske raje gen zòrèy.