Psalms 2

Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen?
quare turbabuntur gentes et tribus meditabuntur inania
Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.
consurgent reges terrae et principes tractabunt pariter adversum Dominum et adversum christum eius
Y'ap plede di: -Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete!
disrumpamus vincula eorum et proiciamus a nobis laqueos eorum
Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.
habitator caeli ridebit Dominus subsannabit eos
Apre sa, li fè kòlè, li pale ak yo. Li move sou yo, li fè kè yo kase.
tunc loquetur ad eos in ira sua et in furore suo conturbabit eos
Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.
ego autem orditus sum regem meum super Sion montem sanctum suum adnuntiabo Dei praeceptum
Wa a di: -M'ap fè nou konnen sa Seyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou.
Dominus dixit ad me filius meus es tu ego hodie genui te
Mande m', m'a ba ou tout nasyon yo pou eritaj ou. M'a ba ou tout latè pou bitasyon ou.
postula a me et dabo tibi gentes hereditatem tuam et possessionem tuam terminos terrae
W'ap kraze ren yo avèk yon baton fè, w'ap kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze.
pasces eos in virga ferrea ut vas figuli conteres eos
Koulye a, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute.
nunc ergo reges intellegite erudimini iudices terrae
Sèvi Seyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou,
servite Domino in timore et exultate in tremore
bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l' fache, n'a mouri, paske kòlè l' moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!
adorate pure ne forte irascatur et pereatis de via cum exarserit post paululum furor eius beati omnes qui sperant in eum