Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
Táhniž mne, a poběhnem za tebou. Uvedltě mne král do pokojů svých, plésati a veseliti se v tobě budeme, a vychvalovati milosti tvé více než víno; upřímí milují tě.
Pa gade sou koulè po m'! Se solèy la ki boule m' konsa. Frè m' yo te move sou mwen. Yo fè m' travay nan jaden rezen lòt moun. M' pa t' gen tan pou m' okipe jaden rezen pa m'.
Nehleďte na mne, žeť jsem snědá, nebo jsem obhořela od slunce. Synové matky mé rozpálivše se proti mně, postavili mne, abych ostříhala vinic, a vinice své nehlídala jsem.
Manyè di m' non, ou menm mwen renmen anpil la, kibò ou pral mennen mouton yo manje? Kibò yo pral pare solèy midi? Konsa m' p'ap bezwen mache chache ou tankou moun fou nan mitan mouton lòt gadò parèy ou yo.
Oznam mi ty, kteréhož miluje duše má, kde paseš? Kde dáváš odpočinutí o poledni? Nebo proč mám býti tak jako poběhlá při stádích tovaryšů tvých?