Philippians 4

Se pou sa, frè m' yo ak zanmi m' yo, nou menm mwen anvi wè anpil la, nou menm ki fè kè m' kontan an, nou menm ki yon lwanj pou mwen an, se konsa pou nou kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a.
我所亲爱、所想念的弟兄们,你们就是我的喜乐,我的冠冕。我亲爱的弟兄,你们应当靠主站立得稳。
M'ap ekri de ti mo pou Evodi ak Sentich: Tanpri souple, mete nou dakò tankou de sè k'ap viv ansanm nan Seyè a.
我劝友阿爹和循都基,要在主里同心。
Ou menm tou k'ap travay ansanm avè m', mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fè konnen bon nouvèl la ansanm ak Kleman ak tout lòt moun ki te travay ansanm avè mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a.
我也求你这真实同负一轭的,帮助这两个女人,因为他们在福音上曾与我一同劳苦;还有革利免,并其余和我一同做工的,他们的名字都在生命册上。
Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a. M'ap repete l' ankò: Fè kè nou kontan anpil.
你们要靠主常常喜乐。我再说,你们要喜乐。
Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Seyè a ap vini anvan lontan.
当叫众人知道你们谦让的心。主已经近了。
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l' mèsi tou lè n'ap lapriyè.
应当一无罣虑,只要凡事借著祷告、祈求,和感谢,将你们所要的告诉 神。
Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l', bagay lèzòm pa ka konprann; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
 神所赐、出人意外的平安必在基督耶稣里保守你们的心怀意念。
Pou fini, frè m' yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
弟兄们,我还有未尽的话:凡是真实的、可敬的、公义的、清洁的、可爱的、有美名的,若有什么德行,若有什么称讚,这些事你们都要思念。
Fè tou sa mwen te moutre nou, ni sa nou te resevwa nan menm m', ni sa nou te tande m' di ak tou sa nou te wè m' fè. Konsa, Bondye k'ap bay kè poze a va toujou la avè nou.
你们在我身上所学习的,所领受的,所听见的,所看见的,这些事你们都要去行,赐平安的 神就必与你们同在。
Mwen pa t' manke kontan nan lavi m'ap mennen ansanm ak Seyè a, paske nou vin fè m' wè ankò jan nou pran ka mwen. Sa pa vle di nou te lage m' non. Men, nou pa t' ankò jwenn okazyon fè m' wè jan nou fèb pou mwen.
我靠主大大的喜乐,因为你们思念我的心如今又发生;你们向来就思念我,只是没得机会。
Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske koulye a mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m' aprann kontante tèt mwen ak sa m' genyen.
我并不是因缺乏说这话;我无论在什么景况都可以知足,这是我已经学会了。
Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m' bezwen, nan tout sikonstans m' aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen.
我知道怎样处卑贱,也知道怎样处丰富;或饱足,或饥饿;或有余,或缺乏,随事随在,我都得了祕诀。
Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.
我靠著那加给我力量的,凡事都能做。
Malgre sa, nou byen fèt ede m' nan traka m' yo.
然而,你们和我同受患难原是美事。
Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m' pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedwan, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bon nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m' pou sa m' te fè pou nou.
腓立比人哪,你们也知道我初传福音离了马其顿的时候,论到授受的事,除了你们以外,并没有别的教会供给我。
Lè m' te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m' te bezwen ban mwen.
就是我在帖撒罗尼迦,你们也一次两次的打发人供给我的需用。
Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja.
我并不求什么餽送,所求的就是你们的果子渐渐增多,归在你们的帐上。
Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m' te bezwen. Koulye a, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m' bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l' plezi.
但我样样都有,并且有余。我已经充足,因我从以巴弗提受了你们的餽送,当作极美的香气,为 神所收纳、所喜悦的祭物。
Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.
我的 神必照他荣耀的丰富,在基督耶稣里,使你们一切所需用的都充足。
Tout lwanj lan se pou Bondye, Papa nou, pou tout tan. Amèn.
愿荣耀归给我们的父 神,直到永永远远。阿们!
Bonjou pou pèp Bondye a k'ap viv ansanm nan Jezikri. Tout frè ki la avè m' yo voye bonjou pou nou.
请问在基督耶稣里的各位圣徒安。在我这里的众弟兄都问你们安。
Tout pèp Bondye a ki isit la, espesyalman sa ki nan palè Seza a, voye bonjou pou nou.
众圣徒都问你们安。在凯撒家里的人特特的问你们安。
Se pou benediksyon Jezikri, Seyè a, toujou avè nou.
愿主耶稣基督的恩常在你们心里!