Job 11

Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa:
拿玛人琐法回答说:
-Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.
这许多的言语岂不该回答吗?多嘴多舌的人岂可称为义吗?
Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?
你夸大的话岂能使人不作声吗?你戏笑的时候岂没有人叫你害羞吗?
Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!
你说:我的道理纯全;我在你眼前洁净。
Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou!
惟愿 神说话;愿他开口攻击你,
Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.
并将智慧的奥祕指示你;他有诸般的智识。所以当知道 神追讨你比你罪孽该得的还少。
Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?
你考察就能测透 神吗?你岂能尽情测透全能者吗?
Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la?
他的智慧高于天,你还能做什么?深于阴间,你还能知道什么?
Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a.
其量比地长,比海宽。
Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non?
他若经过,将人拘禁,招人受审,谁能阻挡他呢?
Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.
他本知道虚妄的人;人的罪孽,他虽不留意,还是无所不见。
Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte.
空虚的人却毫无知识;人生在世好像野驴的驹子。
Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.
你若将心安正,又向主举手;
Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.
你手里若有罪孽,就当远远地除掉,也不容非义住在你帐棚之中。
Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen.
那时,你必仰起脸来毫无斑点;你也必坚固,无所惧怕。
W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.
你必忘记你的苦楚,就是想起也如流过去的水一样。
Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou.
你在世的日子要比正午更明,虽有黑暗仍像早晨。
Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze.
你因有指望就必稳固,也必四围巡查,坦然安息。
Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.
你躺卧,无人惊吓,且有许多人向你求恩。
Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.
但恶人的眼目必要失明。他们无路可逃;他们的指望就是气绝。