Job 10

M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankò. Kite m' plenn sò mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kè mwen!
我厌烦我的性命,必由著自己述说我的哀情;因心里苦恼,我要说话,
M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fè m' konnen poukisa ou leve dèyè m' konsa.
对 神说:不要定我有罪,要指示我,你为何与我争辩?
Eske ou gen rezon pou ou fè m' tou sa w'ap fè m' lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo?
你手所造的,你又欺压,又藐视,却光照恶人的计谋。这事你以为美吗?
Eske ou wè sa k'ap fèt sou latè tankou nou menm moun nou wè l' la?
你的眼岂是肉眼?你查看岂像人查看吗?
Lavi ou pa tankou lavi pa nou. Nou gen pou nou mouri, ou menm w'ap toujou la.
你的日子岂像人的日子,你的年岁岂像人的年岁,
W'ap chache dènye ti peche moun fè. Ou dèyè pou ou konnen tou sa mwen fè ki mal.
就追问我的罪孽,寻察我的罪过吗?
Ou konnen m' pa antò. Pa gen moun ki ka sove m' anba men ou!
其实,你知道我没有罪恶,并没有能救我脱离你手的。
Se ak men ou ou te fè m'. Se avè l' ou te ban m' fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m' ankò?
你的手创造我,造就我的四肢百体,你还要毁灭我。
Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè?
求你记念─制造我如抟泥一般,你还要使我归于尘土吗?
Se ou menm ki bay papa m' fòs pou li fè m'. Ou fè m' devlope nan vant manman mwen.
你不是倒出我来好像奶,使我凝结如同奶饼吗?
Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m'. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po.
你以皮和肉为衣给我穿上,用骨与筋把我全体联络。
Lèfini, ou fè m' kado lavi. Ou veye avèk prekosyon pou m' pa mouri.
你将生命和慈爱赐给我;你也眷顾保全我的心灵。
Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen.
然而,你待我的这些事早已藏在你心里;我知道你久有此意。
Ou t'ap veye m' pou wè si m' t'ap fè sa m' pa t' dwe fè. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen.
我若犯罪,你就察看我,并不赦免我的罪孽。
Si m' antò, zafè m' pa bon! Mwen te mèt inonsan, m' pa ka leve tèt devan ou. Mwen wont, se yon pòv malere mwen ye devan ou.
我若行恶,便有了祸;我若为义,也不敢抬头,正是满心羞愧,眼见我的苦情。
Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn.
我若昂首自得,你就追捕我如狮子,又在我身上显出奇能。
Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankòlè. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt.
你重立见证攻击我,向我加增恼怒,如军兵更换著攻击我。
Bondye, poukisa ou te kite m' soti nan vant manman m'? Mwen ta mouri anvan pesonn ta wè m'.
你为何使我出母胎呢?不如我当时气绝,无人得见我;
Soti nan vant, ale nan simityè, se tankou si m' pa t' janm fèt.
这样,就如没有我一般,一出母胎就被送入坟墓。
Mwen pa rete lontan pou m' viv ankò. Kite m' pou kont mwen! Ban m' yon ti kanpo. Kite m' jwi de twa jou ki rete m' yo non!
我的日子不是甚少吗?求你停手宽容我,叫我在往而不返之先─就是往黑暗和死荫之地以先─可以稍得畅快。
Talè konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a,
并入上一节
nan peyi kote se fènwa ak dezòd ase ki gen toutan, kote menm gwo lajounen fè nwa tankou lannwit!
那地甚是幽暗,是死荫混沌之地;那里的光好像幽暗。