Matthew 8

耶稣下了山,有许多人跟著他。
Apre sa, Jezi desann soti sou ti mòn lan, yon gwo foul moun t'ap mache dèyè li.
有一个长大痲疯的来拜他,说:「主若肯,必能叫我洁净了。」
Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l', li tonbe ajenou devan Jezi, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen.
耶稣伸手摸他,说:「我肯,你洁净了吧!」他的大痲疯立刻就洁净了。
Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle. Se pou ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li.
耶稣对他说:「你切不可告诉人,只要去把身体给祭司察看,献上摩西所吩咐的礼物,对众人作证据。」
Apre sa, Jezi di l': Piga ou di pesonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, wa bay tout moun prèv ou geri.
耶稣进了迦百农,有一个百夫长进前来,求他说:
Antan Jezi t'ap antre lavil Kapènawòm, yon kaptenn lame women an vin bò kote li. Li mande l' yon sèvis. Li di l' konsa:
「主啊,我的仆人害瘫痪病,躺在家里,甚是疼苦。」
Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l'ap soufri anpil.
耶稣说:「我去医治他。」
Jezi di l' konsa: Mwen pral geri l' pou ou.
百夫长回答说:「主啊,你到我舍下,我不敢当;只要你说一句话,我的仆人就必好了。
Men kaptenn lan reponn li: Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri.
因为我在人的权下,也有兵在我以下;对这个说:『去!』他就去;对那个说:『来!』他就来;对我的仆人说:『你做这事!』他就去做。」
Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn ale, li ale. Lè m' di yon lòt vini, li vini. Lè m' di domestik mwen an fè sa, li fè li.
耶稣听见就希奇,对跟从的人说:「我实在告诉你们,这么大的信心,就是在以色列中,我也没有遇见过。
Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a.
我又告诉你们,从东从西,将有许多人来,在天国里与亚伯拉罕、以撒、雅各一同坐席;
Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.
惟有本国的子民竟被赶到外边黑暗里去,在那里必要哀哭切齿了。」
Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.
耶稣对百夫长说:「你回去吧!照你的信心,给你成全了。」那时,他的仆人就好了。
Apre sa, Jezi di kaptenn lan: Ale lakay ou. Tout bagay ap pase pou ou jan ou kwè l' la. Menm lè a, domestik la te geri.
耶稣到了彼得家里,见彼得的岳母害热病躺著。
Apre sa, Jezi ale lakay Pyè. Li jwenn bèlmè Pyè a kouche ak lafyèv.
耶稣把她的手一摸,热就退了;她就起来服事耶稣。
Jezi manyen men madanm lan, lamenm lafyèv la kite li. Madanm lan leve, li resevwa li.
到了晚上,有人带著许多被鬼附的来到耶稣跟前,他只用一句话就把鬼都赶出去,并且治好了一切有病的人。
Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou.
这是要应验先知以赛亚的话,说:他代替我们的软弱,担当我们的疾病。
Se konsa pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Li pran enfimite nou yo sou li. Li pote maladi nou yo sou do li.
耶稣见许多人围著他,就吩咐渡到那边去。
Jezi wè li te nan mitan yon gwo foul moun. Li bay lòd pou yo janbe lòt bò lanmè a.
有一个文士来,对他说:「夫子,你无论往那里去,我要跟从你。」
Men, yon dirèktè lalwa pwoche bò kote l', li di l' konsa: Mèt, m'ap swiv ou tout kote ou prale.
耶稣说:「狐狸有洞,天空的飞鸟有窝,人子却没有枕头的地方。」
Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo. Zwezo k'ap vole nan syèl la gen nich yo. Men, Moun Bondye voye nan lachè a pa gen kote pou l' poze tèt li.
又有一个门徒对耶稣说:「主啊,容我先回去埋葬我的父亲。」
Yon lòt nan disip yo di li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan.
耶稣说:「任凭死人埋葬他们的死人;你跟从我吧!」
Men Jezi di li: Swiv mwen. Kite moun mouri antere moun mouri yo.
耶稣上了船,门徒跟著他。
Jezi moute nan kannòt la, disip li yo pati avèk li.
海里忽然起了暴风,甚至船被波浪掩盖;耶稣却睡著了。
Antan yo sou lanmè a, yo rete konsa yon gwo van vin leve. Lanm lanmè yo t'ap kouvri kannòt la. Jezi menm t'ap dòmi lè sa a.
门徒来叫醒了他,说:「主啊,救我们,我们丧命啦!」
Disip yo pwoche bò kote li. Yo souke l', yo fè l' leve. Yo di l' konsa: Mèt, sove nou non. Se mouri n'ap mouri.
耶稣说:「你们这小信的人哪,为什么胆怯呢?」于是起来,斥责风和海,风和海就大大地平静了。
Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt.
众人希奇,说:「这是怎样的人?连风和海也听从他了!」
Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?
耶稣既渡到那边去,来到加大拉人的地方,就有两个被鬼附的人从坟茔里出来迎著他,极其凶猛,甚至没有人能从那条路上经过。
Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun soti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pesonn pa t' kapab pase nan chemen sa a.
他们喊著说:「 神的儿子,我们与你有什么相干?时候还没有到,你就上这里来叫我们受苦么?」
Yo tou de pran rele ansanm: Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n' soufri anvan lè nou?
离他们很远,有一大群猪吃食。
Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje.
鬼就央求耶稣,说:「若把我们赶出去,就打发我们进入猪群吧!」
Move lespri yo mande Jezi: Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo.
耶稣说:「去吧!」鬼就出来,进入猪群。全群忽然闯下山崖,投在海里淹死了。
Jezi di yo: Ale non. Move lespri yo soti sou de mesye yo, yo antre nan kochon yo. Menm lè a, tout bann kochon yo pran degrengole desann falèz la, y al neye tèt yo nan lanmè.
放猪的就逃跑进城,将这一切事和被鬼附的人所遭遇的都告诉人。
Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Y ale lavil la, yo rakonte tou sa ki te pase ansanm ak sa ki te rive de mesye yo ki te gen move lespri sou yo.
合城的人都出来迎见耶稣,既见了就央求他离开他们的境界。
Lè sa a, tout moun lavil la soti vin jwenn Jezi. Lè yo wè l', yo mande li: Tanpri souple, ale fè wout ou.