W'a pale ak moun lavil Tir yo, lavil ki kanpe bò lanmè a, lavil k'ap fè kòmès ak dènye moun ki rete bò lanmè, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: -Nou menm, moun lavil Tir, k'ap mache di: Pa gen pi bèl peyi pase peyi nou an!
Vwal batiman an te fèt ak bèl twal fin blan bwode ki soti peyi Lejip. Se te drapo pa nou sa! Kabin sou pon an te kouvri ak bèl twal violèt, bèl twal wouj ki soti nan lil Elicha.
Se ansyen gwo bòs chapant lavil Gebal ak bon ouvriye yo ki te abò batiman an pou fè reparasyon. Maren tout batiman ki sou lanmè a vin fè trafik lakay ou.
Nan lame ou la se renk moun peyi Pès, moun peyi Loud ak moun peyi Pout ki t'ap sèvi. Yo konn fè lagè. Se nan kazèn ou yo yo te konn mete gwo plak fè pwotèj yo ak kas an fè yo. Se moun sa yo ki te fè ou rive nan tout bèl pozisyon sa a.
Sòlda ki soti lavil Avad ap veye sou tout miray ranpa ou yo. Sòlda ki soti lavil Gamad t'ap fè faksyonnè sou tout gwo fò won ou yo. Yo pandye plak fè pwotèj yo sou tout miray yo. Se moun sa yo ki te fè ou bèl kont bèl ou.
Moun lavil Tasis nan peyi Lespay vin fè kòmès ak ou, paske ou te gen tout kalite bèl bagay an kantite. Yo vann ou ajan, fè, fèblan ak plon pou yo te ka achte machandiz ou yo.
Moun lavil Wòd yo fè kòmès avèk ou tou. Moun anpil lòt peyi ki bò gwo lanmè a te fè pratik ak ou. Ou ba yo machandiz ou yo, yo peye ak gwo kòn ivwa ak bwa nwa.
Moun peyi Siri yo fè komès avèk ou paske ou te gen anpil machandiz. Yo vann ou bèl pyè ki koute chè, bèl twal wouj, twal bwode, grenn koray, twal fin blan, ak pyè woubi. Ou menm, ou vann yo machandiz pa ou.
Tout richès ou yo, tout machandiz ou yo, ak tout pwovizyon ou yo ansanm ak tout maren ak tout moun k'ap travay pou ou yo, bòs chapant ki pou fè reparasyon pou ou yo, machann ou yo, tout sòlda ki te abò ou yo ansanm ak tout foul moun ki te nan batiman an, yo tout, wi, yo tout pèdi nan lanmè lè batiman ou lan koule.