Psalms 85

למנצח לבני קרח מזמור רצית יהוה ארצך שבת שבות יעקב׃
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo.
נשאת עון עמך כסית כל חטאתם סלה׃
Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!
אספת כל עברתך השיבות מחרון אפך׃
Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.
שובנו אלהי ישענו והפר כעסך עמנו׃
Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!
הלעולם תאנף בנו תמשך אפך לדר ודר׃
Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!
הלא אתה תשוב תחינו ועמך ישמחו בך׃
Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?
הראנו יהוה חסדך וישעך תתן לנו׃
Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?
אשמעה מה ידבר האל יהוה כי ידבר שלום אל עמו ואל חסידיו ואל ישובו לכסלה׃
Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!
אך קרוב ליראיו ישעו לשכן כבוד בארצנו׃
M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.
חסד ואמת נפגשו צדק ושלום נשקו׃
Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.
אמת מארץ תצמח וצדק משמים נשקף׃
Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!
גם יהוה יתן הטוב וארצנו תתן יבולה׃
Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri.
צדק לפניו יהלך וישם לדרך פעמיו׃
Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt. Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.